4 avril 2026
Ou chire
Actualités Société

Ou chire

Zizani

Toutouni

Je pete

Tèt pete

Vant tòde

Zo brize

Nan bouch zannimo

Ki pa konn dodo

Nan tann Jezi

K ap vini

San bri

San kont

Nan zizani

Ki mete n toutouni

Fè nou parèt lèd

Pirèd

Nan mitan

Yon bann

Mandyan

Sou chè

Legliz malfektè

Legliz fèzè

Legliz gwo mimi

Legliz malfini

Ayibobo

Pou tout je ki gen dlo

Paske yo refize dodo

Sou nat bondyebon

Anba tonèl lawon

Nan lawon dwategòch sa a

Kiyès ki pwan gwo bout pataswèl sa a

Anpil mouton

Kap pede di amèn tonton

Nan ranpli pòch malandren

Sòt pase penyen

Nan joure diva payen

Sendenden

Marengwen

Sangwen

Telman fè tenten

Li tounen bouden

Nan zafè pa m pi bon kite sa a

Yo pa janm sispann rablabla

Kidonk giyon donnen

Sou yo tankou larim nan nen

Zotobre

Manje

Fidèl kreve

Bouda chire

Nan zafè lalin ak solèy

Tout moun pa gen somèy

Yo pito la ap tann lawouze

Tankou mannwèl Leta la woze

Apa li papa

Bat dada

Moun fou

W a jwenn lanmou

Timoun fidèl yo

Se senkant kòb dlo

Ak degouden

Pou pastè manyen

Kòm yoyo

Nan di

Wi Pas pasi

Wi Pas pala

Payas

Soulye boyo

Ou p ap sis

De sis

Lajan kèt

Al nan malèt

San w pa janm travay

W ap fimen pay

Fè bèl kay

Ak lajan fidèl

Ki san modèl

K ap bourike

Devan pòt payen

Pou pote lajan senyen

Pou al panpennen

Wi sanwont

Eskamòtè

Vòlè

Radòtè

Grenn pwomennen

Yon jou kon jodi an

Nou gen pou n taye banda pa n

San dan douvan.

NY. 7 dawou 2024

ESA.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.