Pozisyon Alternative Socialiste sou Rezolisyon CSPJ pran 7 fevriye 2021 an konsènan fen manda Prezidan Jovenel Moise la. Ak represyon sistematik kap fet sou popilasyon ak kek Fanmi sible. Pa gen dout, sa se dènye gout dlo la pou pèp ayisyen an debarase l de rejim PHTK ak plan diktati a.
Jedi 11 fevriye 2021 ((rezonodwes.com))–
Alternative socialiste (ASO), konstate avèk anpil doulè ak endiyasyon sitirasyon tèt chaje rejim Tèt Kale a lage Peyi a. Sitirasyon sa a reprezante yon gwo malè pandje sou tèt peyi a. Yon prezidan san manda pa we li pa tande se represyon ak asasinay li chwazi kom zouti pou l kenbe l sou pouvwa debake lannwit deye do lalwa arete jij koukasasyon ak tout iminite l, anlve de fanmi pezib ak lot sitwayen lakay yo, bat yo, maltrete yo, transfome sel fos legal peyi a an milis pou fe represyon e asasinen militan nan kat kwen peyi a.
ASO ap raple pou ansyen Prezidan Jovenel Moise ke sosyete a asiste plizyè fwa koudeta ki fèt deja yo konnen byen ki zouti ak ki mizanplas ki fè koudeta donk sosyete a wè aklè sa se yon montaj, fim koudeta sa pap pase anplis ak ki enterè pou bay yon prezidan koudeta menm jou manda l fini.
Tout enstitisyon peyi a pozisyone yo klè kou dlo kokoye ni nan sosyete sivil la, ni nan Leta pou mande ansyen chèf Leta a respekte konstitisyon li te sèmante sou li lè yo ta p remèt li pouvwa a. ASO ap raple Konstitisyon peyi a nan atik 59 rekonèt 3 enstitisyon ki pataje jesyon pouvwa peyi a : se Egekitif la, Lejislatif la ak Jidisyè a. sa yo rele <co-dépositaire de la souverainneté nationale>. 13 janvye 2020 avèk yon twit ansyen prezidan Jovenel Moise konstate kadisite Pouvwa lejislatif la ki vinn disfonksyonel .
CSPJ pwononse li nan menm sans lan lè li rekònèt nan yon rezolisyon li pibliye 7 fevriye a manda Prezidan an bout 7 fevriye 2021 an selon atik 134-2 konstitisyon ak lwa dekre elektoral 2015. N ap raple ni lakou kasasyon ni Lakoudèkont (CSCCA) te deja pran pozisyon nan refize avalize nominasyon KEP ilegal e entikonstitisyonèl Jovenel Moise.
Alternative Sosyaliste (AS0) ap mande pouvwa jisdisyè a pou pran ak de tout zak ansyen Prezidan Jovenel Moise poze andeyò manda l kise vyolasyon sistematik konstitisyon an selon atik 134-3 ki di Prezidan an paka benefisye pwolongasyon manda l. Li klè ansyen prezidan Jovenel pap aji pou kont li tankou Leon Charles, Dimitri Herard,ansyen premye minis defakto Jouthe Joseph ak tout lot akolit li yo ap pouswit pou vyolasyon sistematik konstitisyon an. ASO kontinye di se pou pouvwa jisdisyè a (CSPJ) pran bonjan dispozisyon pou mete ansyen prezidan Jovenel moise ò eta de nwi. Na p mande pou koudèkont pran tout dispozisyon lalwa bay pou yon santim nan kès leta pa kontinye depanse nan men yon egzekitif ki pa gen okenn responsablite devan nasyon an.
Nan sans sa a, Alternative Socialiste pa mete dlo nan bouch li pou l denonse tout fòm represyon ak asasinay kap fet sou militan yo. ASO rete solidè ak tout moun k ap sibi zak kraponnay, entimidasyon, pèsekisyon ak maspinay tankou sa k sot rive sou fanmi kamarad nou Buteau , fanmi Gauthier, Jij Dabrezil ak tout lòt sitwayen yo anlve dèyè do lalwa.
Zak sa yo pa dwe rete san pini e yo dwe sèvi angrè nan batay pou fini tout bon vre ak sistèm kowonpi sa a. Fòk nou kanpe koudeta PHTK-Jovnèl-Martelly ap fè kont nasyon an. Tout gwoup oubyen moun ki pa pran pozisyon klè devan move zak sa yo se konplis pouvwa a e pèp la ap mete yo nan menm panye (poubèl listwa) ak Jovenel ak alye li yo.Zak sa yo se yon seri krim pou asire yon rejim bandi legal nan simen laperèz ak dèy nan fanmi ayisyèn yo.
Alternative socialiste (ASO) ap pwofite salye nouvo prezidan tranzisyon ripti a Joseph Mecène Jean Louis pou volonte ak disponiblite l pou peyi a nan sousi pou mennen nou nan yon veritab chantye ki dwe debouche nan yon leta ki osèvis mas yo. ASO ap mande oganizasyon politik yo, òganizasyon baz yo, sendika yo, gwoup petwotchalendjè yo, oganizasyon dwa moun yo ak lot gwoup nan sosyete a rete mobilize, veye anwo veye anba nan respe konstitisyon an.
VIV LIT PEP AYISYEN- VIV 7 FEVRIYE 86- VIV SOLIDARITE POPILÈ PÈP AYISYEN PA GEN DWA JANM TOUNEN NAN DIKTATI ANKÒ.
Jean Paul BASTIEN
kodonatè

