Yon diktati anonse!

0
255
President Jovenel Moise sits at the Presidential Palace during an interview with AFP in Port-au-Prince, October 22, 2019. - Haitians fed up with poverty and miserable living conditions call him corrupt and incompetent, and want him to resign. But in an interview with AFP President Jovenel Moise is evasive about yielding and offers only vague ideas for making things better for his countrymen. The poorest country in the Americas has been roiled for two months by violent protests that were triggered by fuel shortages.They have now morphed into a broader campaign against the president, who come to power in 2017 in an election that some called fraudulent. (Photo by Valerie Baeriswyl / AFP)

Lendi 22 fevriye 2021 ((rezonodwes.com))–

Depi dimanch ki te 7 fevriye 2021 an peyi D Ayiti tonbe nan yon eskonbrit san parèy. Yon briganday nou te ka evite. Depi plis pase yon lane deba sou finisman manda prezidan Jovenel Moïse te lanse : 7 fevriye 2021 osnon 7 fevriye 2022? Daprè sa majorite save nan domèn lalwa ak konstitisyon fè konnen, finisman manda a se 7 fevriye 2021. Men, Moïse pa deside kite pouvwa a.  Sa ki plis endinyan nan sityasyon sa, sèke pa gen abit ki pou tranche.

Nan tout peyi demokratik, enstitisyon yo fò. Sa vle di yo lib pou ranpli misyon yo kòm sa dwa. An Ayiti nou remake an 2021 nou kase tèt tounen nan diktati, rejim politik pèp ayisyen te koupe fache ak li depi 1986.

Kilè nou nan diktati?

Kòm nou oblije pale pou tout moun, ann fè yon ti rapèl sou sa yo rele diktati.

Diktati se yon rejim politik kote yon moun, sa yo rele diktatè a se sèl kòk chante. Li gouvènen san kont-pouvwa yon fason otoritè e li egzèse pouvwa li yon mannyè abitrè, sa vle di diktatè a pran souvan desizyon ki dèyè do lalwa. Nou ka konprann, yon prezidan ki pa gen limit oubyen ki pa bay tèt li okenn limit ka santi li gen dwa lavi ak lanmò sou moun lap dirije yo. Se pou sa diktati yo souvan makònen ak laterè e kraze zo.

Sou chimen diktati : « Prezidan an pale, se fini !»

Jovenel Moïse ap prepare diktati li depi avan l monte prezidan. Lè li fin eli, li miltipliye deklarasyon ki bay kè kase sou entensyon otoritè li genyen. Pa egzanp, pandan li tap ouvè yon dimanch prekanalès nan vil Okay, li te pwofite di ki kote kanaval pral fèt chak ane pandan manda li a. Desizyon li pran pou kont li san li poko menm gen gouvènman. Li fini deklarasyon an konsa : « Le président a parlé. Point barre ! » (« Prezidan an pale, se fini !»). Kòm kwa, nan konpreyansyon pa l, lè prezidan an gen yon opinyon, lòt moun pa ka oze gen yon opinyon kontrè. Pawòl sa te sonnen tankou yon kout fizi sou tèt demokrasi. Jou dimanch 22 janvye 2017 sa a, fraz sa te fè tou rezo sosyal yo epi li ta pral fè anpil deba nan laprès.

Nan yon editoryal Nouvelis te pibliye nan dat 23 janvye 2017, Frantz Duval te fè yon analiz pou l montre ka gen anpil bagay dèyè fraz sa. Jounalis la kòmanse pou l di ni François Duvalier, ni Jean-Claude Duvalier, ni Jean-Bertrand Aristide, ni okenn nan jeneral poutchis yo pa t  angran tankou Jovenel Moïse avan yo te prete sèman. Duval te rapouswiv pou l di « se vre yo di mesye a gen gwo san men ou kwè li ta otoritè ? ». Deja nan epòk la, Jovenel Moïse te gen tan asire l lap gen majorite nan palman an, li te asire l tou li pral nonmen majorite jij nan kou kasasyon yo, l ap kontwole konsèy siperyè pouvwa jidisyè a ak konsèy siperyè polis nasyonal la. Frantz Duval pa t kache enkyetid li paske Jovenel Moïse te gen tan montre siy malè li ka fè ak tout pouvwa sa.

Laterè

Youn nan bagay diktatè yo fè se simaye laterè nan mitan popilasyon an. Yon fason pou fè tout moun pè, pou yo pa ka di anyen lè desizon abitrè ap pran. Duvalier yo te sèvi ak tonton makout. Daprè plizyè rapò òganizayon k ap defann dwa moun, Jovenel Moïse itilize gang pou fè moun pè ak fè reprezay sou popilasyon an. Rapò yo di gang yo gen gwo relasyon avèk otorite yo. Menm Nasyon Zini omwen rekonèt tèt kole ant gang e otorite nan leta a nan dosye masak Lasalin nan. Gang yo toupatou pou teworize popilasyon an. Tribòbabò se kidnaping ak krim spektakilè. Aprè egzekisyon batonye Monferrier Dorval, laperèz anvayi anpil moun. Yo di tèt yo si yo egzekite yon batonye douvan lakay li, bò lakay prezidan an, se pa yo ki ta epanye.

Rejim lan pa dakò moun kanpe an fas li. Depi ou kanpe an fas li, yo pare pou elimine w oubyen mete w nan prizon. Anpil konpatriyòt kouri kite peyi a pa pil ak pa pakèt pou chape anba grangou ak laterè.

Dènye kou ki touye koukou a, se lè rejim nan rive arete yon jij kou kasasyon avèk anpil lòt moun pou konplo kont sekirite leta. Yon arestasyon ki fèt dèyè do lalwa nan lanwit 6 pou louvri 7 fevriye ki sot pase a. Arestasyon san prèv, san manda a 2 zè nan maten. Tout sa se pou tiran an montre tout moun li pa gen limit. Pou moun ka pè manifeste. Pou moun ka pè mande pou l kite pouvwa a paske manda li fini, daprè konesè yo, depi 7 fevriye 2021. Kesyon nou kapab poze : pou kisa pa gen yon enstitisyon ki ka tranche? Enstitisyon ki sanse plase pou ta fè sa se kou kasasyon an li menm. Pou kisa yo pa pran yon desizyon sou 7 fevriye a? Si jij kou kasasyon yo mande prezidan an pou l kite pouvwa a paske 7 fevriye 2021 se fen manda li, nou pa sèten prezidan an ap koube anba desizyon sila. Paske entitisyon yo fèb, desizyon yo pa gen pwa sitou devan yon diktatè.

Kijan enstisyon yo febli

Enstitisyon yo fèb se lè yo pa gen mwayen ak otorite pou ranpli misyon yo kòm sa dwa. Nan peyi D Ayiti, a kote mwayen yo pa bay enstitisyon yo, enjerans egzekitif la mete fren nan otorite enstitisyon ki la pou kontwole zafè leta. Ezgekitif la fè tout sa l kapab pou l gen majorite nan palman an nan fè magouy nan eleksyon ak nan achte palmantè. Menm palmantè ki, okòmansman pa t pou prezidan an, vin ap kore prezidan an pou yo ka jwenn ministè, direksyon jeneral oubyen ti pwojè pou yo gagote. Ou pa ka jij e pati alafwa. Palmantè a pèdi la menm pouvwa kontwòl li. E pa pran pretèks se prekarite oubyen lamizè ki fè sa konsa. Prekarite pa prekarite, mizè pa mizè, moun ki gen nen nan figi l pito mouri olye li aksepte nenpòt bagay pou lajan. Si nou vle gen yon lòt Ayiti, sispann bay jenès la mòd pretèks sa yo.

Egzekitif la afebli jistis la tou nan entèfere nan desizyon jistis yo. Lè prezidan an nonmen yon jij, jij la ka santi li gen redevans avè prezidan an e prè pou fè tout sa chèf la mande. Si yon enstitisyon nan aparèy jistis la oubyen nenpòt lòt enstitisyon ta kenbe tèt devan prezidan an, enstitisyon sa ka sezi wè li pa gen mwayen pou l fonksyone. Anbago tonbe sou li. Se pou sa anpil responsab enstitisyon nan leta a fè tout bagay ilegal pou fè prezidan an plezi pou dosye yo ka mache nan planifikasyon ak nan finans. Ou vin gen yon ekip enstitisyon ki pa jwe wòl lalwa ba yo pou sèvi popilasyon an, yo jis ap sèvi prezidan an.

Si n ap dekoupe pwoblèm nan an ti moso pou n konprann li pi byen, nou ka wè enstitisyon yo kòmanse flebli tèt yo pou kont yo. Nan enstitisyon leta yo sitou, gen yon sèl chèf ki se minis la si se yon ministè osnon direktè jeneral la si se yon òganism otonòm. Yon anplwaye nan yon sèvis gen plis pouvwa pase chèf sèvis la si se minis la ki te mete l nan travay la. Ou ka imajine yon chèf sèvis ki pa ka bay yon anplwaye li lòd pou fè yon travay. Pa gen respè yerachi. Yon anplwaye ki gen yon doleyans pa egzanp ale dirèkteman jwenn pi gwo chèf la san li pa pase pa sipèvizè dirèk li. Epi gwo chèf la aksepte sa. Konsa lòt responsab entèmedyè yo vin febli, yo pa gen ase otorite. Tout bagay melanje. Se depi la prensip yo pa respekte. Gwo chèf la tounen yon matadò sipèb ki deside tout ti detay, kap fè e defè. Nan echèl enstitisyon an, se yon diktatè nou kreye.

Se konsa nou pran abitid pa respekte pwosedi. Egzekitif la pa bay enstitisyon regle anyen pou li. Li vle fè yon bagay, li fè l san li pa pase dosye a nan enstitisyon lalwa plase pou bay dizon l sou sa. Oubyen gwo chèf nan egzekitif la eseye kowonp enstitisyon sa yo pou ba li kat blanch. Se pratik diktati.

Se yon deba ki merite apwofondi pou nou konprann ki pratik ki ka fè nou kreye diktatè san nou pa rann nou kont.

Ijans moman an

Pandan nou sansib a pwoblèm fondamantal ki mennen nou kote nou ye la, fòk nou akwoche nou a ijans moman an ki se debarase peyi a de diktatè Jovenel Moïse. Se pou tout moun fè sa li kapab nan batay sa. Pwoblèm politik peyi a konsène nou tout. Batay la ka pran tout fòm. Gen anpil bagay ou ka fè pou w kontribye nan liberasyon peyi w. Pa di ou pa nan politik. Ou pap ka mennen aktivite w si politik la ak klima ensekirite a rete jan li ye la.

Newdeskarl Saint Fleur

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.