San inite nan kan pèp la, nou pa anyen!

0
112

tèks Raoul Gérard

Jedi 14 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– 12 Janvye 2010 – 12 Janvye 2021 fè 11 lane jou pou jou depi Latètranble a te touye apeprè 300,000 konpatriyòt Ayisyen ann Ayiti. Te gen plizyè santèn milye blese tou. Anpil moun sòti andikape. Latètranble a te yon dezas pou Pèp la. Sepandan, gen moun ki di majorite moun mouri akoz de move konstriksyon lojman yo. Kay yo bati andeyò de mezi parasismik yo, kifè lojman yo pat pwoteje kont de katastwòf natirèl tankou latètranble. 

Pa prèske gen w Ayisyen ki pat gen yon moun li konnen ki tonbe anba latètranble a, manman, papa, frè, sè, kouzen, vwazen elatriye. Plizyè santèn milye moun te anba tant. Gen Site Tant ki konstwi toupatou nan Pòtoprens. Leta sanginè reyaksyonè a te ranje kò li pou fè tant yo yon fòm lojman sosyal de mas. Kifèla, jouk jounen jodi a,  gen moun kap viv anba tant toujou sitèlman leta reyaksyonè anti Pèp la pa vle reponn a bezwen lojman sosyal Pèp la.

Kidonk, chak moun gen w sikatris latètranble a kite pou nou. Latètranble a fè yon tole nan konsyans nasyonal la menm. Nap tou sonje asasina Profesè Jean Anile Louis-Juste nan Pòtoprens kèk èdtan anvan latètranble a nan men nèg sou moto. Lanmò asasina sa a te nwaye nan dezas latètranble ki te vin apre a. Asasina a poko janm klarifye pou konnen kilès ki te dèyè krim sa a.

Nan menm jou Madi 12 Janvye 2010 la, nouvèl la te gaye toupatou nan lemond. Lemond antye te byen vit reponn an solidarite ak Pèp Ayisyen an. Plizyè peyi te voye èd tout kalite e sitou finansyè pou Pèp Ayisyen an rebati peyi a. Montan finansyè a te monte a apeprè $16.3 milya dola vèt. La Croix Rouge Americaine te ranmase $500 milyon dola vèt pou Pèp Ayisyen an. Rapò ki bay de kisa La Croix Rouge Americaine te fè ak gwo manman lajan sa a di se 6 ti kay yo fè. 

Kanta montan $16.3 milya dola vèt plizyè peyi sou Latè bay Pèp Ayisyen an, gen yon estrikti konjwen leta Ayisyen ak Entènasyonal la te mete kanpe ki te rele CIRH pou te jere lajan sa a pou rekonstwi peyi a. CIRH vle di an Franse, Commission Intérimaire pour la Reconstruction d Haiti. Moun ki te plis anchaj alatèt CIRH la se te ansyen Prezidan Ameriken, Bill Clinton, ak Premye Minis Ayisyen an alepòk, Jean-Max Bellerive. Dabò, entènasyonal la te ekskli tousenpleman pòsyon Ayisyen an nan tout gwo desizyon kap pran nan CIRH la. Sepandan, bann lach yo pat janm rive denonse sa piblikman.

Ofinal, entènasyonal la kraze $16.3 milya dola vèt san anyen serye pa rive fèt nan peyi a vre. KOT $16.3 MILYA DOLA VÈT FON CIRH LATÈTRANBLE A FÈ? Pèsonn pa konnen. Men entènasyonal la ak tout moun ki te nan CIRH la ap gen pou reponn kesyon sa a pou Pèp Ayisyen an to ou ta! Kreyon Pèp la pa gen gonm!

Ki Leson Nou ta dwe tire de eksperyans Latètranble a ak tout sa ki antoure l, pa ekzanp, $16.3 milya dola vèt Fon Latètranble Lemond fè Pèp Ayisyen an kado a? 

Gen 2 leson pou nou tire de eksperyans Latètranble a. Pou youn, 300,000 konpatriyòt Ayisyen nou yo mouri apre Latètranble a paske sosyete Ayisyen an divize an klas sosyal antagonik. Sou yon bò, klas dominan reyaksyonè yo, asavwa, boujwazi a, grandon yo, tiboujwazi reyaksyonè eze a akapare tout richès peyi a e bay tèt yo liks viv nan bon kondisyon. Anplis, leta parazit la osèvis klas reyaksyonè sa yo. Sou yon lòt bò, mas popilè yo ap viv nan de kondisyon esklavajis, nan mizè ekstrèm, san lojman desan, 2 bra balanse. 

Ositou, pou sa pa repete ankò, pou Pèp la pa sòti viktim ankò, fòk li gen lojman ki reponn a mezi parasismik yo, sètadi, de kay solid pou pwoteje yo de latètranble. Kidonk, konstriksyon pa kapab kontinye fèt nenpòt kijan. Sa mande yon leta demokratik ki kapab pran desizyon politik pou enplemante yon politik piblik serye ak konsistan. Jodi a, Madi 12 Janvye 2021, 10 lane apre latètranble a, nou pa gen kalite leta sa a. Nou toujou gen w leta pariya, yon leta asasen, kriminèl kap pwone teworism deta, ensekirite deta, kidnapin deta, enpinite deta ak yon sistèm koripsyon san limit. 

Dezyèm leson pou nou tire nan eksperyans latètranble a se nan nivo kontwòl fon nou te resevwa yo. Nan 10 lane ki pase la a, kowonpi opouvwa yo ansanm ak mafya entènasyonal yo gagote plis pase $20 milya dola vèt, $16.3 milya fon latètranble a ak $4.2 milya dola vèt fon petwokaribe yo. Sa yo se te don dòt peyi te bay Pèp Ayisyen an ke vwayou opouvwa yo ak mafya entènasyonal la vòlò tètkaleman. 

Men gen 10 lane bidjè kriminèl yo kote menm vòlò sila yo kraze plizyè milya goud. Gen $1.50 lajan transfè ak $0.05 apèl telefonik dyaspora a ki bay yon plizyè milyon dola chak lane. Epi pwofesè lekòl nan tout peyi a pa rive touche pandan plizyè mwa e menm plizè lane menm. 

Nou ka imajine nou, ak tout lajan sa yo ki gagote la a, kisa nou tap kapab reyalize si nou te gen w leta demokratik serye nan peyi a? Ayiti tap gen tan nan pant bonjan devlopman dirab wi ak anpil envestiman nan travay, lojman, edikasyon (anpil lekòl, lise, inivèsite, sant sante, lopital de referans toupatou nan tout 10 depatman nou yo, sant rechèch, bibliyotèk, jaden botanik, restorasyon tout sit istorik nou yo, Pak, teren spòtif tout kalite pou jenn nou yo, enstitisyon kiltirèl tout kalite elatriye. Se tout sa vòlò, ganstè, kowonpi opouvwa yo retire nan men nou pandan 10 lane ki sot pase la yo. Èske nou vle kontinye viv konsa nan jan nou ye la a? Panse sou sa non!  

Lenmi de klas nou yo onivo lokal (klas dominan reyaksyonè yo), e onivo entènasyonal (kolon enperyalis yo) te pwofite de moman feblès Pèp Ayisyen an nan lane Latètranble a pou te foure yon “eleksyon” malatchong nan gagann nou ann Oktòb-Novanm 2010. Yo te tou enpoze nou yon bann reyaksyonè, akayik ak kowonpi nan tèt leta a. 

An 2015-2016, klas dominan reyaksyonè yo ak peyi kolon enperyalis yo te foure menm reyaksyonè, akayik, kowonpi ak kriminèl yo nan gagann nou nan “eleksyon” malatchong yo ankò. Devan gwo agresyon sa yo, nou menm Pèp Ayisyen an te fè retrè nan batay nou yo. E pi rèd, nou pa òganize Kan Pèp la pou rebondi nan batay nou yo a tan. 

Ositou, sa vin lakòz nou pran 10 lane pouvwa reyaksyonè, akayik, obskirantis, vòlò, asasen, kriminèl jouk jounen jodi a. Depi nou montre nou pa sou goumen, klas reyaksyonè yo ansanm ak peyi kolon enperyalis yo ap pwofite pile, ponpe sou do nou, dominen nou, matirize nou ak masakre nou.Kidonk leson istorik pou nou tire de eksperyans Latètranble a se pou nou menm Pèp la pran kontwòl ekonomi peyi nou.

Sa mande nou rive konstwi INITE KAN PÈP LA. Klas sosyal nan Kan Pèp la se Peyizan Pòv yo, Travayè agrikòl, Travayè toupatou nan vil yo, Ouvriye tout kalite, Soupwoletè yo, Tiboujwazi defavorize a ki nan di menm jan ak rès Pèp la, epi gen kategori sosyal tankou Entelektyèl konsyan, pwogresis ak revolisyonè yo, relijye konsyan pwogresis yo, atis konsyan pwogresis yo, etidyan konsyan pwogresis yo, ak pwofesyonèl konsyan pwogresis yo. Tout klas sosyal ak kategori sosyal nan Kan Pèp la dwe fè alyans ant yo pou mennen batay la. 

SAN INITE KAN PÈP LA, NOU PA ANYEN! MOMAN AN RIVE NAN BATAY LA POU NOU KONSTWI INITE KAN PÈP LA AK TRAVAYÈ YO KÒM POTOMITAN! 

Raoul Gérard

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.