SJM-Haïti mande leta ayisyen pou kontribye nan pwoteje dwa migran yo Sendomeng

0
209

SJM-Haïti envite Leta ayisyen angaje l pou deplasman moun respekte prensip dwa moun epi  kontribiye nan pwoteje dwa desandan migran yo toupatou, sitou sila yo k ap viv Sendomeng. 

Nan okazyon Jounen entènasyónal migran yo, nou menm, nan Service Jésuite aux Migrants-Haiti (SJM Haiti), ap renouvle apèl ijans pou Leta ayisyen moutre angajman l nan kontribiye pou favorize politik  ak akò bilateral ki benefik pou daplasman moun, echanj ekonomik ak kiltirèl ak rès mond lan, epi sou  zile a; epi, yon lòt kote, SJM-Haïti ap raple nesesite pou Leta ayisyen angaje bon jan diskisyon pou  rezoud pwoblèm plizyè milye desandan migran k ap viv Sendomeng ki riske pèdi nasyonalite yo. 

Se vre gen kèk efò k’ap fèt pou ranfòse rapò diplomatik ak bon vwazinay sitou ak gouvènman  dominiken an. Nou panse patikilyèman ak vizit chèf diplomasi ayisyen, Dr Claude Joseph, Sendomeng  soti 29 Novanm pou rive 6 Desanm ki sot pase a. Men, si pa gen politik ak akò bilateral ekitab ki siyen  e ki angaje Leta yo sa pap gen anyen konkrè ki pozitif pou popilasyon migran yo. 

Pap gen ayen ki pozitif tou si Leta ayisyen pa angaje l pou elabore politik piblik epi pran bon jan  dispozisyon pou kwape mizè, ensekirite, eksklizyon, enjistis tout kalte, inyorans ak inegalite; epi kreye  kondisyon pou gen ledikasyon, swen lasante, travay, moso pen pou tout moun, yon fason pou pèsonn  pa oblije pati kite peyi a nan kondisyon ki pa respekte dwa ak diyite moun. 

N ap raple, sa gen 72 lane, « Eta-pati » yo nan Nasyonzini te mete efò yo ansanm pou pwoteje dwa ak  libète fondamantal moun genyen kèlkeswa koulè po yo, orijin yo, klas sosyal yo, elatriye, ak  Deklarasyon inivèsèl dwa moun lan. 2 lòt dokiman : Pak entènasyonal sou dwa sivil ak politik, epi Pak  entènasyonal sou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl, ta pral ranfòse volonte pou rete atache ak valè  fondamantal dwa moun yo. 

Menm volonte pou pwoteje dwa sa yo te moutre tou nan adopte divès lòt tèks dwa entènasyonal sitou Konvansyon entènasyonal sou pwoteksyon dwa tout travayè migran ak manm fanmi yo, Konvansyon  entènasyonal dwa timoun yo, Konvansyon sou estati moun ki pa gen nasyonalite, epi Konvansyon pou  redwi kantite moun ki pa gen nasyonalite. 

Pa twò lontan, nan lane 2018, plizyè peyi te mete yo dakò sou 2 lòt dokiman ki pou ede nan jere  deplasman moun nan mond lan: Pak mondyal sou refijye ak Pak mondyal sou migrasyon ki garanti,  òganize, e ki respekte prensip (Pak Marakèch)

Menm nan nivo rejyonal volonte sa yo manifeste lè nou konnsidere divès peyi nan amerik la, tankou  Ayiti, Sendomeng, Meksik, ki adopte konvansyon ameriken sou dwa moun. 

Tout tèks sa yo moutre klè volonte Leta yo pou garanti dwa ak libète moun yo genyen an jeneral, epi  bezwen ki genyen patikilyèman pou pwoteje dwa migran ak desandan yo tout kote sou latè beni. Rapò  2017 Sekretè jeneral Nasyonzini an ki gen pou tit « Rendre les migrations bénéfiques à tous » moutre

nesesite ki genyen pou Leta yo renouvle volonte yo pou pwoteje lavi ak dwa tout migran, epi pou yo  asire yo se yon sitiyasyon ki benefik pou tout moun. 

Komisyon ‘’inter-américaine’’ dwa moun, moutre tou volonte yo genyen pou rete fidèl ak prensip  fondamantal sa yo nan rekòmandasyon yo te fè, apre vizit yo te fè Sendomeng nan dat 2 rive 5 desanm  2013 la, pou gouvènman dominiken an te retounen sou desizyon yo te pran pou retire nansyonalite  desandan migran yo. 

Poutan, gen yon tandans pou wè migrasyon entènasyonal la tankou yon pwoblèm ki mande  entèvansyon Leta yo pou mete entèdiksyon. Patikilyèman, nan kontèks Covid-19 la, nou remake jan  anpil Leta te reyaji pou fèmen fwontyè yo pou limite deplasman migran yo. Sitou, gen anpil kote nan mond lan lwa yo pa pwoteje twòp popilasyon migran yo ak desandan yo. 

Nan amerik la, sitou nan Repiblik Dominikèn, migran ak desandan migran yo sibi anpil diskriminasyon.  Nou ka remake tou gouvènman dominiken ki sot pase dènye 7 lane sa yo pat janm moutre volonte pou  rezoud pwoblèm diskriminasyon tout kalte yo ap konnen depi dig dantan, epi lwa 168-13 la ranfòse  epi sistematize pi plis toujou. N ap note prensipalman jan diskrininasyon yo afekte yo nan anpeche yo  gen aksè dokiman idantite. Sa ki yon nesesite pou yo rive jwi dwa sivil ak politik yo, tankou gen aksè ak  lot sèvis, tankou ale lekòl, jwenn swen sante, posiblite pou travay, elt. 

Ayiti, depi nan kòmansman listwa l tankou yon repiblik, te toujou pran pozisyon sou sèn entènasyonal  la pou moun viv nan libète ak byennèt. Touswit apre lendepandans an 1804, ti bout tè sa te ouvri pou  akeyi nenpòt moun ki santi yo nan chèn esklavaj ak opresyon lòt kote. Nan lane 1950 yo, se nan yon  elan atachman ak valè fondamantal yo, entèlektyèl ayisyen te deplase al pote konkou ba plizyè peyi  afriken ki te pran endepandans yo. Sa fè nou konprann pi byen enpòtans deplasman moun. Se pou sa  SJM-Haïti ap renouvle apèl sa pou Leta ayisyen moutre bon jan volonte nan angaje relasyon ak lòt peyi  ki pi ekitab, epi kontribiye nan kreye bon jan kondisyon pou deplasman moun. 

Yon lòt kote, nan yon pozisyon prensip ki makonnen ak yon responsablite moral ak sou baz prensip  responsablite Leta yo genyen nan veye sou respè dwa ak diyite moun tout kote sou latè beni, SJM-Haïti ap mande Leta ayisyen angaje bon jan diskisyon ak otorite dominiken yo sou sitiyasyon 277,046  desandan migran, selon estimasyon Dezyèm sondaj sou imigran 2017 la, k ap viv Sendomeng ki riske  pèdi nasyonalite yo. Li pa posib sou zile nou pataje a, pou chaj listwa nou charye nan pran pozisyon  pou dwa moun, yon gwoup moun riske pèdi nasyonalite yo akoz yon lwa diskriminasyon, san sousi pou  valè ki makonnen ak libète ak dwa fondamantal pou moun viv. 

Kontak Laprès 

Georges Michelson LOLO 

Ofisye Kominikasyon ak Pledwaye 

Mobile: +509 4391 06 48 

Bureau: +509 3106 87 39 

Skype: Georges M. Lolo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.