Rasin defi aplikasyon deklarasyon inivèsèl dwa moun yo an Ayiti

0
374
Demonstrators flee as Haitian Police open fire, during the clashes, in the centre of Haitian Capital Port-au-Prince, February 13, 2019. - This is the seventh day of protests against Haitian President Jovenel Moise and the misuse of the Petrocaribe fund. (Photo by HECTOR RETAMAL / AFP)

Mèkredi 9 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Peryòd XVIIIe syèk la konnen de (2) revolisyon, revolisyon ameriken epi revolisyon fransè a. Mistik revolisyon ameriken an genyen gwo enfliyans sou revolisyon fransè a[1]. Revolisyon sendomeng lan pa t genyen menm nati parapò revolisyon fransè a. Revolisyon fransè a te chita sou yon nati boujwa, lòt revolisyon an se batay kont esklavaj, rasis, gwo plantasyon, elatriye.

Nan peyi Lafrans aprè lamonachi, genyen yon nouvo sèman sivik ki soumèt (dekrè 14 dawout 1792) kote reprezantan asanble yo fè sèman pou yo rete fidèl ak nanchon an epi fason pou yo konsève libète, egalite ak fratènite oswa mouri pou defann valè sila yo [2]. Nan period XVIIIe syèk la, kesyon libète, egalite epi fratènite t ap fè fas gwo konfisyon nan sosyete fransè a. Premye konfisyon an te chita bò kote moun ki t ap defann revolisyon fransè a ; nan yon dezyèm tan bò kote Lafranmasoni. Malgre sa a, revolisyon fransè a rezime politik li suivan twa (3) mo : libète, egalite epi fratènite.

[3]Selon Saint-Victor Jean-Baptiste (Sen-Viktò Jan-Batis), lide libète a t ap taye banda nan Sendomeng bò kote kaptif yo nan batay pou Lendepandans lan, sitou avèk Padre JEAN nan lane 1679. Modèl batay kaptif yo te chita nan rasin filozofi yo, pou yo rive genyen yon «Citoyenneté Pleine » [4], pwofesè Jean Anil Louis-Juste (Jan Anil Lwui-Jis) nan kad rechèch li yo manyen tèm « Citoyenneté pleine » lan, nan kontèks soulèvman jeneral kaptif yo nan Sendomeng nan lane 1791. Modèl sitwayènte sa a ale nan sans opoze lòt modèl yo ki pa total, sa vle di yon modèl ki pa konkrè, ki pa pèmèt jwisans dwa yo ak libète yo nan tout totalite yo. Pwofesè a panse revolisyon 1791 lan poze veritab baz demokrasi a, nan sans libète epi egalite ki konkrè a. Nan pèspektiv sa a, tematik sitwayènte a voye nou « nan libète tout moun anndan sosyete a epi nan kesyon demokrasi a »[5].

Jan Anil montre nan revolisyon 1791 lan, fason kaptif yo t ap poze veritab baz demokrasi a li te depannan parapò modèl okisdantal la. [6]Konsepsyon demokrasi oksidantal la kontribye nan mete èn kont li, paske li soumèt dwa moun yo, lwa ekonomik yo ki dwe suiv yon sèl direksyon, nan yon lide ki fè kwè yo paka chanje epi nan fason oksidan soumèt lwa syantifik yo.

Kesyon dwa moun yo, konsidere kòm yon veritab lwa nan tout politik oksidantal la. [7] Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo, Nasyonzini adopte li nan asanble jeneral nan dat 10 desanm 1948, li se disip Deklarasyon Endepandans peyi Etazini a, menm jan li te pwoklame nan Vil Filadèlfi nan dat 4 Jiyè 1776. Prensipal moun ki te ekri Deklarasyon an nan Filadèlfi, Benjamin Franklin, Thomas Jefferson ; moun sila yo te kite sou tè yo, aprè lanmò yo, plis

pase 200 esklav pou moun ki eritye yo. Sepandan, nan atik 1, yo ekri : « tout moun fèt lib, egal nan diyite epi nan dwa yo. Nan atik 3 : « tout moun genyen dwa pou genyen lavi, libète epi jwenn sekirite. Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo chita sou menm atik sa yo, elatriye, men li ajoute dwa sou zafè travay, garanti dwa sivik ak politik fanm yo [8].

[9] Dwa Entènasyonal Imanitè pran nesans nan peryòd XIXe syèk la ; dwa moun yo jwenn sous li nan rasin enspirasyon filozòf Limyè yo men li parèt sitou nan peryòd XXe syèk la, aprè dezyèm lagè mondyal nan yon kontèks diktati t ap vale teren. Objektif yo se konsève lavi, diyite epi sekirite moun yo.

[10] Istorikman, genyen konjonkti ki konn fè Leta pa respekte konvansyon Dwa Moun yo. Dwa moun yo aplike nan tout sitiyasyon kote vyolasyon dwa moun ap fèt. Li aplike sitou nan moman genyen lapè, kote li garanti libète moun genyen pou yo pale epi ekri, libète pou moun yo òganize yo epi dwa yo genyen pou yo vote, libète relijyon moun yo epi garanti dwa pou moun yo genyen pou yo viv nan libète byennèt la, elatriye.

[11]Asanble Nasyonzini pwoklame, Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo, kòm yon vizyon tout pèp, tout Nasyon dwe genyen pou li konkretize. Nan peyi Lafrans Deklarasyon Dwa Moun yo fèt nan dat 26 dawout 1789, li fè pati dwa konstitisyonèl fransè a. Dwa Moun yo konstrui pou yo fè respekte diyite moun yo. Sepandan modèl dwa sa yo pa t konsidere dwa sosyal ak dwa politik fanm yo, elatriye.

[12]Nan nivo entènasyonal, dwa moun yo konsidere kòm yon konvansyon. Dwa moun yo konpoze twa (3) jenerasyon. Premye jenerasyon dwa moun yo parèt nan peryòd XVIIIe syèk la, li chita sou lide “libète” sa vle di li karakterize dwa sivik ak politik yo. Dezyèm jenerasyon dwa moun yo konpoze dwa ekonomik yo, dwa sosyal yo epi dwa kiltirèl yo. Twazyèm jenerasyon Dwa moun yo genyen nan nannan li dwa solidarite yo, sa vle di dwa moun yo genyen pou yo makònen lòt òganizasyon, lòt peyi pou yo batay kont dezòd klimatik la nan lide pou yo viv nan yon anviwònman ki sen ; dwa moun yo genyen pou yo fè devlopman, dwa pou yo jwenn lapè epi dwa moun yo genyen pou yo jwenn èd imanitè, elatriye. [13]Genyen plizyè kritik ki fèt sou modèl jenerasyon dwa moun yo, parekzanp, premye jenerasyon an ki senbolize vizyon oksidantal monn lan.

Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo genyen yon kokenn obligasyon, tankou, li genyen obligasyon pou li fè respekte lavi moun, libète pou moun yo òganize yo ; obligasyon pou li 

pwoteje moun yo kont aksyon ki pa legal, kont pèsekisyon epi zak kriminèl; obligasyon pou Leta mete sou plas yon ansanm mwayen pou li konsève dwa moun yo [14].

Alòs, Leta an Ayiti ratifye konvansyon ameriken sou kesyon dwa moun yo suivan lwa 18 dawout 1979 kote li pibliye nan jounal ofisyèl peyi a ki rele “Le Moniteur” nan dat 3 mas 1998, nan 195ème lane Lendepandans peyi a [15]. Nan kad yon bilan ki fèt nan lane 2008 sou Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo an Ayiti, bilan fè konnen [16]« prensip Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo miwo miba, yo pa respekte yo nan lemonn, nan sans sa a, genyen yon pakèt defi ki dwe leve, sitou nan yon peyi tankou Ayiti malgre yon kokenn jefò fèt bò kote yon ansanm òganizasyon, enstitisyon, sosyete sivil la, elatriye, ki mobilize pou yo fè respekte prensip ‘’Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo’’. » Nan yon lòt bò pwofesè dwa nan inivèsite Jenèv, Michel Hottelier konprann rapò miwo miba ki genyen nan kesyon respekte dwa moun yo ak òganizasyon Entènasyonal yo oswa miltinasyonal yo se yon veritab menas pou aplikasyon dwa moun yo [17]. Maya Hertig Randall, pwofesè dwa nan fakilte Jenèv, fè yon konsiderasyon kote li mansyone Leta kapab sèvi kòm pwoblèm pou manifestasyon dwa moun yo [18].

[19]Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo genyen nan vant li yon ansanm valè demokrasi a ap fè pwomosyon pou li, tankou kesyon tolerans, lapè sosyal, batay kont diskriminasyon, elatriye. Valè sa yo pa dwe nan avantaj yon gwoup oswa yon kan sa vle di pou yo tounen chwal batay yon fòm demokrasi militan. Nan sans sa a, li dwe nan avantaj tout moun, si n ap konsidere youn nan 14 prensip Bwakayiman yo, [20] « tout moun se moun pa gen moun pase moun».

Alòs, si n ap konsidere apwòch pwofesè Maya Hertig Randall la kote li mansyone Leta kapab sèvi kòm yon veritab pikan kwenna pou manifestasyon dwa moun yo, elatriye ; nou ta vle chache konnen : Ki pi gwo baryè oubyen pikan kwenna nou jwenn sou wout Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun (DUDH) nan peyi Ayiti ?

Pou nou rive devlope yon konpreyansyon sou kesyon sa a, li t ap enpòtan pou nou founi je gade fòmasyon sosyal peyi a, nan yon premye tan ; eseye gade nan yon analiz dyalektik difikilte ki fè demokrasi a paka rive veritableman tabli nan peyi a, sitou pou dwa moun yo respekte aprè rejim Divalyeris la fin kaba, nan yon dezyèm tan.

 Fòmasyon sosyal peyi Ayiti

Nan yon premye tan, [21] depi libète fòmèl fin fè kò sasinay sou lespri libète byennèt, sosyete a pase yon seri kriz : kriz sosyal yo (1806, 1843), kriz dèt yo (1825, 1875, 1896, 1910), kriz 

lokipasyon yo 1915, 1994, 2004), elatriye. [22] Nan sosyete a, toujou gen batay politik. Nan Sendomeng travayè esklav yo pran konsyans pou yo chavire lòd modèn kolonyal la. Sosyete libète byennèt la pa gen tan layite kò ak lespri li. Ansyen lòd la retounen sou fòm libète, egalite, fratènite ki sasinen viv lib osnon mouri. Peyizan Grandans reponn avèk jesyon kolektif solidè ; peyizan sid fè kò avèk jistis sosyal. Ansanm revandikasyon yo pa janm jwenn repons. An Ayiti, pratikman [23] depi Endepandans 1804, peyizan yo lage pou kont yo, yo viv senpman sou pwòp resous yo kreye. Se modèl fonksyònman sa a Gérard Barthelemy rele « système autorégulé » a ki tabli depi nan lagè pou Endepandans.

[24]“Peyizànri ayisyen an toujou sou kontwòl, parekzanp sou kontwòl grandon yo, Pè Legliz katolik yo, ti boujwa politisyen yo epi fonksyonè lokal Entènasyonal kominotè a”. Nan founi je gade, [25] « peyizan ayisyen an pa janm mennen yon batay ki otonòm nan espas politik la. Li toujou jwenn yon kouch moun save, reprezantan politik, gwoup sosyal ki fè li kwè yo ka ride li jwenn satisfaksyon nan revandikasyon li yo ». Sa pa anpeche peyizan yo jwe yon gwo wòl nan pwodiksyon agrikòl la, malgre tout gwo pwoblèm peyizan yo konfwonte anfas klas dirijan yo, majorite moun k ap viv nan lakanpay yo bay gwo enpòtans ak pwodiksyon agrikòl la pou yo satisfè konsomasyon lokal la, tankou sektè agrikòl la rete youn nan pi enpòtan sous aktivite pou plis pase 5.2 milyon moun k ap viv nan milye riral la jounen jodi a epi pou bay yon bon pati nan popilasyon an manje.

Nou kapab konprann istorikman dwa peyizan yo pase anba pye an Ayiti menm jan ak anpil lòt kouch sosyal. Malgre sa a genyen gwo batay k ap fèt nan nivo entènasyonal nan òganizasyon tankou Via Campesina pou li fè respekte dwa peyizan yo, menm genyen kèk òganizasyon peyizan ayisyen ki fè pati estrikti sa a, kòm « Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay » (MPNKP), Tèt Kole ti peyizan Ayisyen (TK) k ap batay pou dwa peyizan yo respekte nan lojik pou yo jwenn tè pou yo travay, dwa pou yo jwenn bon jan semans, dwa pou genyen souverènte alimantè, sipò teknik ak bon jan ankadreman, elatriye. Nan atik 1 òganizasyon sa a, li mansyone : “yon peyizan se yon moun k ap viv dirèkteman nan relasyon avèk latè epi ki respekte lanati” [26].

Yon moun save kou [27] David Placide konprann ansanm pwoblèm sosyete a ap konfwonte fè pati yon eritaj kolonyal sa vle di kote pa genyen vrèman, depi aprè Endepandans, yon lojik ak yon pratik ki kaba ansyen pratik kolonyal yo. Pratik koripsyon, pwostitisyon, tradisyon otokratik, pa respekte lwa yo epi demounize moun suivan move trètman yo jwenn, elatriye.

Lojik pratik sa yo pa ale nan sans filozofi batay pou libète byennèt moun kolon yo t ap fè sèvi kòm esklav. [28]Sosyete ayisyen an, se yon sosyete ki fonde sou filozofi libète byennèt la.

Nan konkrè 14 dawout 1791 la, Boukman ak Fatima te reprezante libète byennèt la tankou fòm lavi granmèt k ap gide vodou a. Se an kreyòl, ki se lang yo te kreye pou libere yo anba chenn modènite kolonyal la, yo te kanpe libète byennèt travayè yo anfas libète malèt kolon yo […] Se nan diskou ak pratik libète sa a premye deviz peyi a soti : viv lib osnon mouri ! Kò sasinay sou Desalin bay Pétion dwa pou li chanje li an : Libète, Egalite, Fratènite. Nou deja wè kouman 2 pwojè libète t ap batay nan Sendomeng [29].

Si n ap parafraze Jan Anil, filozofi libète byennèt la ; batay kaptif yo pou yo jwenn « Citoyenneté pleine » yo se ta rasin tout veritab demokrasi an Ayiti. Alòs, pou nou konprann pi gwo pikan kwenna ki sèvi baryè pou aplikasyon Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo an Ayiti, n ap konprann li nan fè yon analiz dyalektik sou pikan kwenna ki fè demokrasi a paka rive nan bout li aprè Rejim Divalyeris la fin kaba.

Trayizon demokrasi an Ayiti

Nan yon dezyèm tan, Ayiti konnen yon diktati ki fè plizyè lane. Diktati Rejim Divalye a moute aprè plizyè gouvènman pwoviswa souvan konteste bò kote kandida yo, nan lide pou yo anpeche pyès kandida pa jwenn privilèj patikilye. Malgre sa a, Franswa Divalye suivan dimansyon politik ak estrateji li te rive pran eleksyon an nan gwo ponyèt kote li te jwenn sipò Lame a epi kòb nan men moun k ap fè politik nan peyi Kiba nan epòk la, tankou li jwenn yon milyon dola nan men prezidan Fulgencio Batista [30]. Menm genyen temwanyaj ki fè konnen F. Divalye te di li pa kwè nan eleksyon lib epi transparan, se Lame li kwè ki dwe bay li pouvwa [31].

Nan kesyon eleksyon pwofesè [32] Victor Benoît (Viktò Benwa) nan kad travay li fè konprann, chak pral genyen eleksyon nan peyi a genyen gwo batay nan lojik pou yon kandida fè dappiyanp sou eleksyon an. Batay sa a makònen gwo vyolans, li suiv pwoblèm politik ak yon lojik diktatoryal. Eleksyon yo fè parèt pi byen kriz estriktirèl yo peyi a ap konfwonte depi dikdantan, san li pa pote anyen kòm amelyorasyon.

Nou pa dwe bliye, nan mitan peyizan yo, se sou fòm aksyon kominotè, makout yo te kontwole milye riyal la pou gouvènman Divalye a[33]. Selon Laënnec Hurbon « se yon Rejim ki karakterize koripsyon, krim, masak, elatrire », malgre rejim sa a fin kaba, [34] Leta Divalyeryen an repwodui tèt li san Divalye difèke repons kriz estriktirèl yo rejim sila a te soumèt nan fè zak kriminèl pa rezoud pwoblem yo, zak sila yo kontinye manifeste menm aprè rejim Divalye a. [35] Soti 1804 jouk jounen jodi a, Leta Ayisyen te toujou yon Leta otoritè : Ayiti konnen nan tout istwa li senpman diktatè. Diferans Divalye parapò lòt chèf Leta ki pase yo se transfòmasyon yon estrikti diktatoryal otoritè nan yon estrikti totalitè. Rejim Divalye a ak lòt gouvènman yo administre peyi a tankou antrepriz pèsonèl yo, kote koripsyon, represyon

ap vale teren, touye tout moun ki vle bloke pouvwa yo, se modèl Leta sa a Sauveur Pierre-Etienne kalifye Leta neyopatrimonyal la [36].

Aprè rejim sila a, eleksyon 1990 yo bay pou premye fwa yon konsekrasyon demokratik nan yon kontèks kote Lame t ap fè gwo represyon kont tout pwosesis demokratik la. Malgre viktwa Jean-Bertrand Aristide kòm prezidan viktwa pa t rete pou lontan difèke Lame ayisyen jwenn jarèt C.I.A konplote yon koudeta kont li [37]. Nan lane 1994, Etazini tounen avèk prezidan Aristid pou kontinye pwosesis demokratik la, aprè plizyè masak ki fèt nan katye popilè yo pou Etazini kraze fòs òganizasyonèl mas popilè a, ki te vle viv yon demokrasi ki chita sou libète byennèt yo. Sepandan pouvwa Lavalas pa t chita vrèman modèl sosyete reyèl li reve a men plis sou Aristid kòm yon pèsonalite karismatik ki chita sou bèl diskou. Echèk pouvwa Lavalas la vin fè genyen gwo difikilte pou moun yo parèt nan espas politik la e pou yo adapte yo [38].

Pouvwa Lavalas se te [39] prensipal alye Fon Monetè Entènasyonal (FMI) ki kontribye nan fè dappiyanp sou antrepriz Etatik yo, ki genyen gwo konsekans negatif sou byennèt pèp ayisyen an. Lavalas manifeste yon pouvwa ki neglije totalman byennèt popilasyon an, an menm tan, kache lavni Ayiti epi fèmen wout pou demokrasi a [40]. Si nan moman ki t ap vini yo konstitisyon an reyabilite divalyeris yo nan dwa sivil ak politik yo ; pouvwa Lavalas la nan pratik li reyabilite yon lòt fwa divalyeris la politikman epi moralman. Reyabilitasyon sa a vin yon pikan kwenna pou lavni demokrasi a an Ayiti [41]. Si Rejim Divalye a t ap itilize [42] represyon kòm prensipal metòd pou batay kont tout fòm opozisyon pou li konsève pouvwa li, Tonton-makout kòm senbòl li ki se yon zouti depaman valè demokratik yo, kote l ap fè entimidasyon, menas, bay pwop tèt yo jistis, arestasyon ki pa legal, pèsekisyon politik, sasina, elatriye, pouvwa Lavalas la ale nan menm lojik sa yo, anplis, pandan prezidan Aristide fin prete sèman jouk rive 29 fevriye 2004, Lajistis pa sispann fè wout kwochi, wout ki rann li plis fèb nan poze aksyon ki pa legal [43].

Sou prezidans Jean-Bertrand Aristide Lajistis pa t vo anyen [44], parekzanp pouvwa politik la pa t respekte kèk Jij ki te genyen obligasyon pou deside nan kad fonksyon yo [45], souvan fwa pouvwa soumèt yo kèk restriksyon ki deyò konstitisyon an [46 ; 139]. Nan san sa a, tout ayisyen k ap viv an Ayiti se yon potansyèl prizonye [47]. Si n ap eseye konprann bidjè Ministè Lajistis nan lane 2003-2004, li genyen yon bidjè anviwon 1.3 milya goud, kote 1.1 milya ale pou Polis Nasyonal Ayiti (PNH), alòs depi lè Ministè Lajistis vin otoritè titèl PNH la, 80% bidjè ale pou lapolis [48]. Andeyò restriksyon ki pa konstitisyonèl yo, nou remake pa 

genyen vrèman lajan nan bidjè Ministè Lajistis pou li fè travay li jan sa dwe fèt. Pwoblèm sila yo kontribye nan vyolasyon dwa moun yo an Ayiti.

Depi aprè 1986, malgre gwo jefò fèt sou kesyon respè dwa moun yo bò kote kèk òganizasyon, enstitisyon, elatriye, men chapant estriktirèl sosyete a pako chanje pou li rive veritableman nan yon sosyete “tout moun se moun pa gen moun pase moun”, se absans yon veritab demokrasi ki lakòz sa a. Sevre aprè 86 Ayiti antre nan yon pwosesis demokratik men li pako janm reyèl. Sosyològ Frédéric Boisrond konprann demokrasi a pa ateri koz edikasyon moun yo ki pa fèt pou yo rive genyen yon kilti demokratik. Ayiti soti nan diktati pou li antre nan yon demokrasi san okenn edikasyon pou li fasilite tranzisyon demokratik la.

Li ajoute konstitisyon 1987 la fèt senpman pou li bloke yon nouvo diktati tabli nan peyi a. [49] Sosyològ Louis Naud Pierre eksplike difikilte ki nan rasin aplikasyon konstitisyon 1987, selon Sosyològ la se yon pwoblèm disonans koyitiv ki genyen kòmkidire lide libète, egalite ak fratènite nan konstitisyon 87 la depaman fason ayisyen yo, yo menm konprann mo sa yo. Lide sa yo kache mit, prejije ak estereyotik negatif yo depi moman difisil yo te viv soti nan Lafrik pou yo rive nan Amerik. Se yon moman difisil ki fè pati istwa kolektiv pèp ayisyen an.

Alòs istwa vyolasyon dwa moun yo soti Lafrik pou yo rive nan Lamerik nan lide pou loksidan fè plis richès, li fè genyen yon lòt fason moun nwa yo sitou, espesyalman ayisyen genyen yon lòt fason yo konprann Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo jounen Jodi a, kote Òganizasyon Nasyonzini fè silans sou fason Leta ayisyen pa respekte dwa moun yo, malgre plizyè konvansyon li siyen sou respè dwa moun yo. Lè n ap konsidere plizyè rapò Fondasyon Je Klere (FJKL),- [50]rapò, 6 fevriye 2020, [51]13 me 2020, Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun yo (RNDDH),- [52]rapò 13 dawout 2020, sou fason dwa moun yo ap vyole an Ayiti. Vyolasyon dwa moun yo fèt nan yon fason sistematik an Ayiti, li vin yon [53] “habitus”, sa vle di yon sistèm dispozisyon dirab, nan sans Pierre Bourdieu. Li fèt nan mitan klas esplwate a, an menm tan bò kote klas dominan an, klas dirijan an epi bò kote [54] “Entènasyonal kominotè” a sou pèp ayisyen an ; kòm nan domèn dwa absoli tout enjerans konstitye yon vyolasyon.

Boutofen, nou eseye konprann kokenn pikan kwenna ki nan rasin aplikasyon Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo (DUDH) an Ayiti. Kote nou fè yon analiz dyalektik sou fòmasyon sosyal sosyete ayisyen an, nan yon premye tan; nou rive gade kouman absans yon veritab demokrasi sèvi kòm prensipal pwoblèm pou aplikasyon “Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo”. Lè nou konsidere istwa Deklarasyon dwa moun yo, Deklarasyon endepandans peyi 

Etazini, ki ale prèske nan menm lojik Deklarasyon Inivèsèl dwa Moun yo; fason yo soumèt dwa moun yo, lwa syantifik yo epi demokrasi oksidantal la nan lòt peyi ki pa nan menm dimansyon peyi oksidan yo, espesyalman Ayiti, li depaman sou fason ayisyen konprann demokrasi a. Demokrasi Ayiti a dwe bwè nan sous filozofi libète byennèt kaptif yo t ap batay pou li a, nan fason pou yo ateri “Citoyenneté pleine” lan ki se yon modèl sitwayènte ki chita sou jwisans total dwa sivik, politik, sosyal ak kiltirèl yo. Modèl sitwayènte sa a depaman lòt modèl ki pa konkrè yo.

Nou dwe mansyone [55] dwa moun yo mache kòtakòk demokrasi a. Sepandan demokrasi n ap pale a se pa yon demokrasi reprezantativ, ekonomik oswa politik. [56]Georges Burdeau fè yon kritik sou modèl demokrasi sa yo kote tout pouvwa pèp la jwenn fonnman li nan ògàn reprezantatif la. Genyen demokrasi veritab lè pèp la genyen pouvwa, lè li kapab kontwole manifestasyon pouvwa nan yon fason dirèk. [57] Menm jan demokrasi klasik la, demokrasi sosyal la jwenn fonnman li nan respekte dwa moun yo. Sepandan demokrasi klasik la wè demokrasi sosyal la nan yon lòt pèspektiv.

Dwa yo ki mansyone nan Deklarasyon 1789, se yon ansanm eleman ki makònen dwa pèsonèl moun yo, se yo menm ki genyen obligasyon pou yo jwi yo. Bò kote Leta, dwa moun yo pa dwe vyole. Lide sa depaman an Ayiti pou fason Leta kontribye nan vyole dwa moun yo, si n ap konsidere rapò òganizasyon k ap defann dwa moun yo, FJKL, RNDDH, elatriye. [58]Se vre ekspresyon byennèt pou tout moun lan chita nan demokrasi sosyal la men tou li se yon zouti k ap fè pwomosyon pou lib antrepriz, inisyativ pèsonèl epi konkirans. [59]Modèl demokrasi sa a ap konplè nan pwolonjman demokrasi politik la oswa nan aplike yon revolisyon k ap fè li pran wout diktati pwoletarya. Se modèl demokrasi sa a [60] Antonio Gramsci rele « Démocratie ouvrière » a.

Dwa moun yo chita bò kote yon ansanm valè demokrasi a ap fè pwomosyon pou li. Amartya Sen nan kad travay kritik li fè sou modèl demokrasi oksidantal la epi analiz li fè kote li mansyone demokrasi a kapab genyen yon sans laj, sa vle di lè genyen deba politik, yon gouvènman ki chita sou diskisyon ; epi yon sans piti se lè genyen eleksyon. Li konsidere yon ansanm eleman ki nan rasin demokrasi a : pliralism, divèsite, deba piblik, libète fondalnatal, dwa sitwayènte, dwa pou moun yo vote, enfòmasyon yo ki dwe disponib pou tout moun, elatriye. Si n ap konsidere lide Amartya Sen lan, Leta an Ayiti nan dènye lane sa yo prèske pa nan pyès sans demokrasi sa yo, sa vle di li pa nan demokrasi nan sans laj ni piti a, malgre gwo jefò ki fèt depi aprè 1986.

Frédéric Boisrond fè konnen youn nan eleman ki vrèman enpòtan nan yon demokrasi se prensip opozisyon an. [61]Menm jan pati politik yo jwe yon gwo wòl nan kontribisyon yo pou yo tabli demokrasi a. [62] Genyen (3) fason diferan demokrasi a kapab kontribye nan fè lavi moun vin pi bèl: li pèmèt libète politik moun yo manifeste sa vle di aplikasyon dwa sivik ak politik yo ; li fè moun yo kapab eksprime epi defann revandikasyon yo, espesyalman nan desizyon politik k ap pran yo ; li pèmèt moun yo aprann youn ak lòt epi bay sosyete a posiblite pou li bay valè li yo bon jan fòm ak priyorite.

Alòs, [63] depi plis pase yon syèk, pèp ayisyen deside viv epi batay pou demokrasi a men pwojè sila a pako ka ateri malgre elaborasyon yon ansanm lwa. [64]Kreyasyon lwa yo pa difisil, s ak pi enpòtan se kapasite pou fè aplike yo epi veye pou yo kapab kontribye nan chanje lavi pèp ayisyen an. [65]Demokrasi ayisyen genyen an fèt sou fòm yon imaj, li pa chita sou okenn estrikti ki estab, ki reyèl ; kesyon souverènte pèp la se yon idòl. [66]Youn nan prensipal difikilte demokrasi a se zafè inyorans k ap vale teren nan mitan popilasyon an, zafè moun yo ki paka jwenn fòmasyon epi mankman motivasyon bò kote pèp la.

[67] Nan yon lòt bò zafè dezòd, koripsyon nan administrasyon Etatik la ak nan espas politik la, jesyon vag sa vle di san rigè konsidere kòm lènmi demokrasi a. [68] Lòske konstitisyon an pase anba pye, prensipal enterè nanchon an pa jwenn pwoteksyon, diyite nasyonal la ap disparèt, chèf pouvwa ekzekitif la konprann li pi wo pase lalwa, sa vle di pi wo konstitisyon ak lwa yo, sila yo senbolize echèk demokrasi a. [69]Eddy Arnold Jean rezime pikan kwenna demokrasi a nan yon ansanm pwoblèm : koripsyon, pwoblèm estabilite politik, foli pouvwa, enjerans politik ak ekonomik, kesyon paka jwenn jistis, aksyon laboujwazi ak anbasadè yo kont pèp ayisyen an. Nou kapab ajoute pwoblèm altènans politik la an Ayiti kontribye nan bare wout demokrasi a.

Anfè, dwa moun yo ap kontinye pase anba pye si pa genyen yon Leta ki respekte dwa moun yo, an menm tan si pa genyen yon Leta demokratik. Leta ki chita sou dwa moun yo pa otomatikman vle di Leta demokratik. [70]Pou genyen Leta ki chita sou dwa moun yo, fòk moun yo konnen yo genyen menm sosyete. Leta sila a opoze yon modèl Leta otoritè ki pa jwenn limit lalwa. [71] Konstrui yon Leta ki chita sou dwa moun yo se genyen yon Leta ki jwenn limit lalwa epi kote se lwa yo ki defini manifestasyon sosyetal la. Ayiti se yon peyi ki chita sou yon ipokrizi Leta dwa moun. [72]Suzy Castor konprann dwa se vrèman yon zouti ki nesesè men ki pa sifi pou Laënnec Hurbon pale sou Leta dwa moun. [73]Damase Pierre-Louis fè yon kritik sou modèl demokrasi a nan peyi Ayiti kote li eksplike modèl demokrasi ki

genyen an se yon mansonj. Nan sans sa a, si pa genyen yon veritab demokrasi, Leta dwa moun, ki chita sou filozofi libète byennèt 1791 lan, Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo ap toujou jwenn pikan kwenna ki fè li pa p ka aplike an Ayiti.

Dat : 05-12-2020.

                                                                                     Malachy BASTIEN, Asp Antwopo-sosyològ, Ekriven.

                                                Imèl : malachy.bastien@student.ueh.edu.ht

DOKIMAN NOU RANKONTRE POU EKRI TÈKS SA A

[1], MICHEL Hector, la révolution francaise et haitienne, Port-au-Prince, Henry Deschamps, 1995.

[2], Ibid.

[3], JEAN-BAPTISTE Saint-Victor, Haiti sa lutte pour l’émancipation, Port-au-Prince, Fardin, 2015.

[4], MÉRILIEN Josué, Haiti éducation à la citoyenneté enjeux et perspectives, Port-au-Prince, les Engagés, p. 57.

[5], Https : equitas.org/wp-content/uploads/2017/02/Equitas-le-partage 17-lapproche-pour-une-citoyenneté-engagé.pdf.

[6], JEAN ziegler, la haine de l’occident, Albin Michel, 2008, 297.

[7], Ibid.

[8], Mémoire online.

[9], Université de genève, cours introduction aux droits de l’homme.

[10], Ibid.

[11], Ibid.

[12], Ibid.

[13], Ibid.

[14], Ibid.

[15], Reliefweb.in/repor/Haiti, Haiti : quel bilan 60 ans après la Déclaration universelle des droits del’Homme (DUDH).

[16], Ibid.

[17], Op-cit, cours université de genève.

[18], Ibid.

[19], Ibid.

[20], Pierre Michel Chéry, nan kad travay li fè sou 14 prensip Bwakayiman.

[21], LOUIS-JUSTE Jean Anil, ONG : ki gouvènman ou ye ? Pòtoprens, ASID, 2009.

[22], Ibid.

[23], GÉRARD Barthelemy, L’univers rural haïtien-le pays en dehors, Paris, L‟harmattan, 1990.

[24], LOUIS-JUSTE Jean Anil, Haïti: Eclipse socio-politique de la paysannerie ou présence politique subalterne des paysans? Http: //www.alterpresse.org/spip.php?article1566. Jeudi 12 aout 2004.

[25], Ibid.

[26], Une agriculture pour vivre! Quels enjeux pour les mouvements paysans? Février 2014, Carmelina Carraciloo (Coordination), Entraide et Fraternité. P. 39. Tèks la fè konnen genyen de mannyè pou yon moun peyizan. San kondisyon sa yo moun lan pa peyizan. Premyeman se yon moun ki pasyone nan koze latè. Dezyèmman ou dwe viv swivan pwodiksyon latè. Nan menm tèks sa a, Via Campesina nan chat òganizasyon sa a, li mansyone nan atik 1 « yon peyizan se yon moun k ap viv dirèkteman an relasyon avèk latè epi lanati. » Nan

yon lòt tèks ki rele: Charte de l’agriculture paysanne, pour une autre agriculture produire-employer-preserver, www. Agriculturepaysanne.org. FADEAR Réseau de l‟agriculture paysanne. Nan tèks sa a, yon peyizan se pa senpman yon moun ki genyen yon fonksyon anviwonnmantal, ekonomik sa vle di ki nan pwodui byen ak sèvis epi lòt aktivite ki pa pou vann. Men tou, li se yon aktè sosyal.

[27], DAVID Placide, l’héritage colonial en Haiti, Port-au-Prince, C3, 2015.

[28], Op.cit, LOUIS-JUSTE.

[29], Ibid.

[30], BENOÎT Victor, batailles electorales et crises politiques en Haiti (1807-1957) Tome I, Port-au-Prince, C3, 2019.

[31], Ibid.

[32], Ibid.

[33].Op.cit, LOUIS-JUSTE.

[34], TROUILLOT Michel-Rolph, les racines historiques de l’État duvaliérien, Port,au-Prince, C3, 2016.

[35], Ibid.

[36], SAUVEUR Pierre-Etienne, l’énigme haitienne, l’échec de l’État moderne en Haiti, Montréal, Mémoire d’encrier, 2007.

[37], JEAN Jean-Claude et MAESSCHALCK Marc, Transition politique en Haiti, radiographie du pouvoir Lavalas, Paris, l’Harmattan, p. 76.

[38], Ibid, p. 115.

[39], Ibid, p. 119.

[40], Ibid, p. 194.

[41], Ibid, p. 107.

[42], GILOT Rony, au gré de la mémoire Francois Duvalier le mal aimé, S.L, le Béréen, 2006.

[43], AVRIL Prosper, la justice face au pouvoir politique en Haiti (2001-2004), S.l, S,E, 2005.

[44], Ibid, p. 82.

[45], Ibid, p. 110.

[46], Ibid, p. 139.

[47], MAXIME Jean Miguelite, justice et police en Haiti, entre le passé, le présent et l’avenir, S.L, S.E, S.D, p.235.

[48], Ibid, p. 63.

[49], PIERRE Louis Naud, Haiti a-t-il besoin d’une nouvelle constitution ou d’une thérapie collective ? lenational.org.

[50], Fondasyon je klere (FJKL), recrudescence des actes de violence et de cruat : la FJKL appelle les responsables de l’État à favoriser la création d’un climat propice à un nouveau départ. Rapport 6 Février 2020.

[51], Fondasyon Je Klere (FJKL), liberté publiques et dignité de la personne humaine en Haiti : les policiers haitiens sont-ils au dessus de la constitution des conventions internationales ratifiées par Haiti. Rapport, le 13 mai 2020. 15

[52], Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH), Assassinats, Ambuscades, Prises d’Otages, Viols, Incendies, Raids : les autorités au pouvoir ont installé la terreur à cité soleil. Le rapport 13 Aout 2020.

[53], PIERRE Bréchon, les grands courants de la sociologie, Paris, Presses universitaires de Grenoble, S.D, p. 139.

[54], LOUIS-JUSTE jean Anil, crise sociale et Internationale communautaire en Haiti, http://www.alterpresse.org/spip.php?article 643. Vendredi 8 aout 2003.

[55], Démocratie et droit de l’homme : le rôle de l’ONU, sous la direction de : Massimo Tommasoli, sektam 2013.

[56], GEORGES Burdeau, la démocratie, Paris, Seuil, 1956.

[57], Ibid.

[58], Ibid.

[59], Ibid.

[60], GRAMSCI Antonio, démocratie ouvrière, 21 juin 1919.

[61], Sous la direction de HURBON Laënnec avec la collaboration de GILLES Alain et MIDY Franklin, les partis politiques dans la construction de la démocratie en Haiti, Port-au-Prince, IDEA, 2014.

[62], SEN Amartya, la démocratie des autres, Paris, Payot, 2003.

[63], JOLIBOIS Hilaire Annie, démocrates et démocratie, Port-au-Prince, S.E, 1994.

[64], Ibid, p. 118.

[65], Ibid, p. 77.

[66], Ibid, p. 35.

[67], Ibid, p. 36.

[68], Ibid, p. 168.

[69], JEAN Eddy Arnold, Haiti : les obstacles à la démocratie, Port-au-Prince, Haiti-demain, 2011.

[70], Rencontre, revue Haitienne de Société et de Culture, Numéro 28-29-2013.

[71], Ibid, p. 12.

[72], Ibid, p. 15.

[73], PIERRE-LOUIS Damase, Les mensonges de notre démocratie, Québec, Jean-Marie Tremblay, 1993, p.12.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.