Kriz Rivyè Masak | Deklarasyon jezuit Wanament ak Dajabón yo fè ansanm

0
763

Pèp ayisyen an ak pèp dominiken an pataje yon istwa ki gen dezakò ak divizyon
ladan l, men, istwa sa a chaje lyen solidarite ak fratènite tou. Trete Lapè 1929 la
etabli yon fason pou rezoud nenpòt konfli ant de peyi souvren sa yo. Yo bay
chemen diplomasi a priyorite ; si sa pa ta mache, tou de peyi yo angaje pou yo ale
nan abitraj entènasyonal la. Yo dwe respekte pwosedi sa a, pou n evite tonbe nan
pèlen kote yo mete de pèp yo anfas youn ak lòt.

Nan kontèks aktyèl la, nou pa ka pèmèt santiman nasyonalis yo, k ap fleri akòz yon
kanal, tounen yon divèsyon pou n pa wè yon menas ki pi enpòtan lontan : y ap bay
yon konpayi min kanadyen aksè pou yo eksplwate yon min lò, nan tèt Rivyè Masak
la ak kèk lòt rivyè binasyonal. Konpayi min sa a fè anpil dega, tout kote l pase ; li t
ap kontamine dlo nou tout bezwen pou n viv la, epi li t ap fè peyizan yo lòt tò ankò.

Nou menm, jezuit k ap viv sou tou de bò fwontyè a, n ap envite lidè Ayiti ak
Repiblik dominikèn yo enspire yo de moun k ap viv sou fwontyè a yo, paske yo
konn viv an pè ak amoni, yon jan ki pemèt tout moun benefisye. An n ini nou pou
fè fas ak defi nou gen an komen yo, epi pou n travay ansanm pou yon fwontyè ki pi
fratènèl, ak pou yon zile kote tout moun jwenn lavi ann abondans.

“Renmen ak sèvi nan tout bagay”

=======================================================

Déclaration conjointe des Jésuites de Wanament et de Dajabón : Une histoire partagée de solidarité

La population haïtienne et dominicaine partage une histoire marquée par la division, mais cette histoire est également teintée de solidarité et de fraternité. Le Traité de la Paix de 1929 a établi un moyen de résoudre tout conflit entre ces deux nations souveraines. La diplomatie est privilégiée, et si cela ne fonctionne pas, les deux pays s’engagent à recourir à l’arbitrage international. Le respect de cette procédure est essentiel pour éviter de retomber dans le piège où les deux peuples se trouvent face à face.

Dans le contexte actuel, nous ne pouvons permettre que les sentiments nationalistes, suscités par un canal, se transforment en une diversion qui nous empêche de voir une menace beaucoup plus importante à long terme : une entreprise minière canadienne ayant l’accès pour exploiter une mine d’or dans la Rivière Massacre, ainsi que plusieurs autres rivières binationales. Cette entreprise minière a causé d’importants dégâts partout où elle est passée, contaminant l’eau dont nous avons tous besoin pour vivre et rendant les paysans encore plus vulnérables.

Nous, les Jésuites vivant des deux côtés de la frontière, invitons les dirigeants d’Haïti et de la République dominicaine à s’inspirer des personnes vivant dans cette région frontalière, car elles ont appris à coexister dans la paix et l’harmonie, ce qui profite à tous. Prenons l’initiative de relever les défis qui se présentent à nous et travaillons ensemble pour une frontière plus fraternelle, dans une île où tout le monde peut trouver l’abondance de la vie.

« Aimer et servir en toutes choses. »

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.