Ayiti : yon gwoup jèn inivèsitè bay pwopozisyon pou solisyon kriz la

0
1967

Samdi 24 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Inivèsite nan tout peyi sou latè se espas kote moun  pwodui konesans ki kapab pèmèt sosyete a avanse nan divès kalite domèn .

Konsa tou lè yon sosyete ap fè fas ak anseri sitiyasyon difisil tankou kriz sosyal ekonomik ak politik, inivèsite a gen devwa pou l reflechi sou sa epi pwopoze meyè fòmil pou ede peyi a soti nan sa.

Nan ka pa nou an Ayiti ,chak lè peyi a ap fè fas ak kriz ,nou chèche inivèsite a kou Chen fou nou pa jwenn li

Se komsi m ta diw inivèsite a la de jel pete lap kite pèp la mennen l ,

Li bliye si se li menm pouki bay oryantasyon an epi pote limyè a.

Lòt kategori moun yo pa sispann kritike ankò se lajenès paske se yo menm ki ta dwe plis enplike nan chèche solisyon pou kriz nan peyi a paske nenpòt desizyon ki pran ap gen konsekans sou jodi yo ak demen yo.

Sitou ,lèn konnen aktè politik tradisyonèl ki la sou tèren an pa janm bay rezilta depi plis pase trant lane .

Prèv la telman  klè, si yo te bay rezilta pandan yo sou tèren an, peyi a patap twouvel nan sitiyasyon li ye jodi a jiskaske se blan ki toujou ap vin pase nou lòd.

Tout sa yo vin fè li enpòtan pou jèn ki soti nan inivèsite a , sektè biznis ak peyizan n enplike yo nan politik peyi a epi ofri yon altènativ ak nasyon an.

Nan sans  sa plizyè jèn inivèsitè ayisyen ki diplome nan divès inivèsite an Ayiti tankou aletranje ta pral mete tèt yo ansanm pou fè yon pwopozisyon pou soti peyi a nan kriz li twouvel la, atravè yon inisyativ ki batize  » Accord Pour la Paix Sociale et la Stabilité Politique  » .

Pami jèn sa yo nou kapab site Jacky Duvil kap fè yon doktora nan « Géographie Humaine » an Frans ,diplome nan Master pi gwo inivèsite peyi lafrans ( Université Paris Sarclay) epi ki pral reprezante Ayiti ak tout karayib la nan youn nan pi gwo konkou tèz pou etidyan frankofòn nan mond lan, nan peyi Kanada ,4 Oktòb kap vini la .

Genyen tou Mikerlange Registe ki diplome nan administrasyon nan Inivèsite Leta epi ki gen yon konsantrasyon nan « Management stratégique » nan UCAM an Espay  epi ki te fè pati konsèy inivèsite leta nan lane 2019 .

Nou kapab ajoute tou Mathias L.DEVERT ki se yon jèn politològ ayisyen ki  gen chans etidye syans politik an Ayiti ak an Espay . Epi kap fè Master li nan « Sciences Po- Grenoble » ki fè pati « Conférence des Grandes Écoles de France » ki fòme dirijan pou peyi lafran soti nan prezidan rive nan Minis yo ak palmantè .

Jèn sa nan kad espesyalizasyon l nan etid entènasyonal ak estaj li  te gen chans reyalize plizyè misyon an Afrik ki gen rapò ak pledwaye pou  demokrasi ak bonjan gouvènans nan afrik lwès la  epi ranfòse kapasite jèn ki vilnerab yo Nan peyi Togo atravè  pwojè ONU Migration, CERDI- CACIT, Ambassade des États-Unis à Lomé .

Jèn sa yo ak anpil lot lidè nan vil pwovens ak nan diaspora te chita ansanm yo te pwopoze depi mwa mas 2022  pou tout pwotagonis yo chita ansanm pou yo kapab mete tout akò yo ansanm .

Yo te mande pou genyen yon komisyon ki gen ladanl moun ki soti nan sektè prive, inivèsite ,dwa moun, laprès jenès , dyaspora epi relijyon pou mennen yon kongrè nasyonal sitwayen ak tout aktè yo pou défini oryantasyon politik peyi a apre asasina trajik prezidan Jovenel.

 Pou yo menm, se chita pale sa kap deside sou konpozisyon gouvènman tranzisyon an epi dire mandal , paske okenn nan aktè yo pa gen lejitimite pou mennen peyi a.

Jèn sa yo te gentan prevwa kriz la pral pi rèd . Nan sans sa pou te abòde kesyon an nan fason estriktirèl li,  yo te pwopoze :

1- yon refòm nan lapolis la ( kontwole aksyon polisye yo, ranfòse kapasite operasyonèl yo epi ba yo plis ankadreman )

2- retrire 30% nan pil privilèj moun nan gouvènman yo, paske peyi a pa gen ase lajan pou nèg ap gagote nan kòtèj , plezi kot akaden,  vwayaj ak ti zanmi elatriye

3-  anile tout franchiz ki pa nesesè epi konbat koripsyon nan administrasyon piblik la pou pèmèt leta antre plis kòb nan Kès li

4- Refòm nan konstitisyon paske sin pa fè sa pwochen gouvenman eli a pral fè fas ak menm pwoblèm anvan yo. Epi tou reyalite ayè yo se pa menm reyalite jodi a . Nou ka chanje modèl reprezantasyon kominal yo ak depatmantal yo  Epi antann nou sou yon sèl eleksyon pou tout eli. paske Ayiti pa gen kòb pou fè eleksyon chak 2 lane. Nou kapab konstate sistèm sa pa janm ka fonksyone vre .

Se sa ki ta pral kreye vid sitou nan palman ki jodi a pa reprezante yon altènativ ki vyab.

Jodi a li klè apre yon lane gouvènans,  Ariel Henry ap fè tout bagay sof dirije. Pa gen okenn moun ki konnen kote l pral ak peyi a. Sèl sa ki klè, anpil jenn pwofesyonèl koumanse ap lage pye yo paske yo sispèk se nan twou nou pral tonbe .

Lòt aktè yo tou kote pa yo nan lojik separasyon gato epi fè dappiyanp sou pouvwa . Sa vin fè yo pa ka yon pi bon altènativ nan kontèks politik nou twouve nou la.

Leson pou n retni si aktè politik yo te tande gwoup jèn sa yo :  jodi a tap gen yon antant ak tout blòk politik yo pou mete yon gouvènman ki gen yon lejitimite konsiderab nan tèt leta pou mennen chantye politik yo tankou eleksyon . Epi tou tabli sekirite nan peyi a.

San n pa bliye tou  gouvènman patap oblije al nan koupe sibvansyon sou  gaz la nan nivo sa sou pretèks leta pa gen lajan alòske plizyè milya ap pèdi nan ladwan ak lòt kote ankò .

Yo souvan di jenn yo pa pwopoze ,ebyen gwoup jèn sa yo ki soti nan 10 depatman peyi a ak nan diaspora trase chimen an .

Li rete ak aktè yo pou yo soti nan lojik klan  pou yo admèt pwopozisyon jèn sa yo se youn nan pi bon fòmil pou soti Ayiti nan kriz la .

Sosyete sivil ayiti a ak gwoup politik yo dwe tande vwa lasajès, larezon ak patriyotis pou mete ògèy yo ak enterè gwoup yo sou kote pou aplike rezolisyon sila.

Junior Mangones(Tyòt) Touroulds Norval( Sen Rafayèl) , Manasse Devert( Gonayiv), Sanon Crisnel( plato santral) , Anne Sarah Lozamar(Pòtoprens) elatriye , ka pa gen non tankou gwo potanta yo kap piye depi plizyè lane men yo gen plis enterè nan rezoud kriz la menm jan ak anpil lòt jèn ayisyen ki ta byen anvi rete viv nan peyi yo.

Li pa twò ta poun pran konsyans epi sove Ayiti..

 Kominikasyon APSSP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.