Videyo | Ayiti Koupe fache : Lit Etidyan Ayiti (Kwonik nimewo 6)

0
1467

Samdi 2 jiyè 2022 ((rezonodwes.com))–

Kronik Nimewo 6 

Nap salye tout kanmarad, tout gason, tout fanm kap lite pou yon lavi miyò nan peyi nou. Ayiti Koupe Fache se w Kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit Travayè ak lit Peyizan. Ayiti Koupe Fache pote solidarite ak lit tout moun kap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon nan men dirijan leta yo ak ti minorite zotobre ki ap fè dappiyan sou tout richès peyi a.

Jodi a lan kronik nimewo 6 lan, n ap kontinye pale de sitiyasyon jèn yo lan peyi a. Kankou tout moun ka wè, se pa tout jèn ki rive al lekòl, e sak ki al lekòl yo se yon minorite ki rive fini klas yo lan lekòl segondè. Jèn sa yo fè tout kalite zefò pou yo rive fini lekòl yo. Paran yo fè gwo sakrifis pou yo : peye lekòl pou yo, depanse lan rad, inifòm, soulye, liv, kaye elatriye. Fòk nou di tou depi plis pase trant lane lekòl piblik yo kankou lise yo fin andegraba. Kidonk se lan lekòl prive paran elèv yo oblije voye yo.

Pami elèv ki fini segondè yo apre anpil sakrifis, se yon ti minorite ki rive lan inivèsite. Apre tout sakrifis, tout zefò sa yo, ou ta panse leta fè yon jan pou mete inivèsite piblik yo djanm, desòt etidyan yo jwenn bonjan pwogram ak bonjan sèvis. Men nou konnen, leta sa a pa sousye l de etidyan ki lan inèvèsite yo. Ti minorite fanmi ki gen mwayen yo oblije voye timoun yo aletranje, kankou Repiblik Dominkèn pou fè etid yo. Men gwo majorite jèn yo ki rive lan inivèsite se lan peyi a yo oblije rete pou fè etid yo.

Nou tout konnen lan ki kalite kondisyon jèn sa yo ap fè etid yo. Lan Pòtoprens, anpil lan fakilte yo, pou nou pa di tout, manke tout bagay ki pèmèt yon etidyan fè etid li kòmsadwa: materyèl kankou papye, aparèy fotokopi, òdinatè, bibliyotèk, liv, elatriye. Leta pa fè anyen pou pote yon alemye pou etidyan yo. E sa pa enterese li nonplis pou chanje kondisyon anndan fakilte yo. Nou ka pran pou egzanp Lekòl Nòmal Siperyè (LENS) ki jouk jounen jodi a poko janm genyen yon lokal ki rele li chèmèt, chèmetrès. Mezanmi kisa pou moun di lan yon bagay konsa lè nou konnen se Lekòl Nòmal Siperyè k ap prepare anseyan pou lekòl segondè lan yon peyi kote se yon ti kras moun k ap anseye ki gen diplòm lan men yo?

Lè nou gade kijan inivèsite leta yo ap fonksyone lan vil provens yo, bagay yo pi rèd atò. Lan yon gwo vil kankou Jérémie, prensipal vil lan tout rejyon Sid la, inivèsite piblik la pratikman paka fonksyone. Yo manke tout bagay ki pèmèt yon enstitisyon fonksyone kòmsadwa. Pa gen kouran, twalèt, dlo pou bwè, kafeterya. Klas yo ak lakou a sal kankou penytidan. Anplis de sa, mete sou li, moun ki lan administrasyon, k ap dirije inivèsite a ap detounen lajan, ap fè koripsyon. Malgre tout pwoblèm sa yo, administrasyon jwenn mwayen ogmante 17 wotè frè enskripsyon yo.

Lè nou gade tout bagay sa yo, lè nou konstate lan ki eta inivèsite leta yo ap fonksyone, fòk nou mande tèt nou ki kalite gouvènman, ki kalite leta sa a k ap dirije peyi a? E se pa mande nou pa mande chanjman. Etidyan yo manifeste plis pase trant lane pou mande chanjman, pou leta ogmante bidjè edikasyon an. Men anyen pa janm fèt. Pandanstan, lajan ap gaspiye lan tout kalite pwojè bidon, lan tout kalite aktivite popetwèl kankou kanaval, distribisyon plizyè milyon dola vèt bay gang/milis ame paramilitè asasen, kriminèl. 

Etidyan k ap lite anndan inivèsite an k ap mande chanjman, k ap denonse tou piyay gwo konpayi ap fè sou resous peyi a, etidyan sa yo rejim PHTK a ap siveyo yo. An 2015, gouvènman an te mete yon polis anndan lise yo ak inivèsite yo. Yo fè etidyan sa yo pase pou kriminèl. Se konsa gouvènman te mete yon pakèt deyò. 

Li klè fòk etidyan yo kontinye fè revandikasyon, kontinye mande pou leta envesti lan inivèsite a. Li klè fòk etidyan ak klas eksplwate yo konprann se pa charite ni favè leta ap fè yo lè nou mande pou leta envesti anndan inivèsite a. Men se lajan Pèp la leta dwe itilize kòmsadwa. Se Pèp ki kreye richès, se Pèp ki dwe jwenn avantaj lan richès li kreye.

Nou menm nan Ayiti Koupe Fache, nou di fòk nou koupe fache tout bon vre. Fòk nou pa janm bliye lit pou chanjman anndan inivèsite a dwe mare kòn li ak yon lòt lit. Lit pou chanje leta kowonpi sa a, leta atoufè sa a, leta anti Pèp sa a. Se sa yo rele lit alontèm. Yon lit ki pou kreye yon lòt peyi, yon lòt sosyete, yon lòt leta toutbon vre osèvis epi sou kontwòl Travayè Ayisyen yo. Se lit òganize otonòm travayè ki pou sòti peyi a nan twou santi li ye a. Se lit òganize otonòm Kan Pèp la ki ka transfòme peyi nou, pou nou tout kapab viv ak lespwa yon demen miyò.

Viv Lit Demokratik Òganize Otonòm Kan Pèp la ak Travayè Kòm Potomitan!

Ayiti Koupe Fache 30 Jen 2022

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.