Non kèk ansyen prezidan nan ekspresyon popilè ann Ayiti

0
2452

NON KÈK ANSYEN PREZIDAN NAN ESPRESYON POPILÈ AN HAYTI

Lendi 11 avril 2022 ((rezonodwes.com))–

Premye pati

Pandan tout istwa peyi Ayiti, evenman politik yo ak konpòtman  chèf Leta ayisyen yo souvan bay lang kreyòl ayisyen an okazyon pou nouri tèt li.

Se konsa, nan tèks sila, nou pral wè kijan non kèk prezidan rive chita nan yon bann espresyon, fraz oubyen divès fòm langaj popilè.

Yon lòt bò, nou remake, malgre ventnèf (29) lane pouvwa diktati kriminèl François DUVALIER ak pitit gason li, Jean-Claude DUVALIER sou pouvwa an Ayiti, nou pa rive jwenn okenn ekspresyon popilè ki fè referans ak non de (2) ChèfLeta sa yo. Sa ki dwe kòz sa? Pou kounyea, nou pa gen repons kesyon sila.

Nan premye pati travay sa, n ap pataje 5 espresyon ki pote non plizyè ansyen ChèfLeta:

1. «Tankou mèt Jean Jacques». Degaje w tankou Mèt Jean Jacques pou remèt liv la. Oubyen «M ap debouye m tankou Mèt Jean Jacques pou mwen fini etid la. (Sa vle di, degaje w jan w kanpab. Fè tout kalite jefò. «Tankou mèt Jean Jacques». Pwobableman, Nou te kwè espresyon sa ta fè referans ak bravou / ewoyis epi detèminasyon Jean Jacques DESSALINES ki te deplwaye tout kalite estrateji pou fè bout tè sa n ap viv ladan la vin lib devan Lafrans(pisans kolonyal nan epòk la). Yon lòt bò, gen lòt temwanyaj ki fè konnen, ekspresyon «Tankou Mèt Jean Jacques» la ta soti nan anekdòt sila : «te gen yon avoka ki te rele Mèt Jean Jacques ki te anfas Sténio VINCENT, ansyen prezidan Ayiti epi Avoka. Tou de (2) se te de (2) maton nan zafè pwofè, pledwaye nan tribinal. Yon jou, pandan yon pwosè, moun ki t ap asiste yo te di : Degaje w Mèt Jean Jacques.» Se la espresyon sa ta pran nesans. Nou rete louvri, si gen lòt esplikasyon. 

2. «Nou pa konn ki mò ki touye Lanperè» (depi asasina premye chèf Leta nasyon an, Lajistis rete bèbè sou kesyon sa. Pa menm gen yon ankèt alewè pou idantifye otè entèlèktyèl krim sila. Nan sans sa, peyi a toujou pa konnen ki mò ki touye Lanperè. Se nan sans yo pa konnen poukisa, ki moun, pou ki rezon malfektè yo ta touye Lanperè. Men sa ki enteresan la, se kapasite lang kreyòl la genyen pou fè li fè s. Gade byen: nou pa konnen ki Mò ki touye lanmerè. Mo mò a pran fòm swa yon non ki poze aksyon oubyen yon kalifikatif pou konnen ki jan de mò, ki konplo, elatriye.

3. «Vwala Magloire». Gen kote yo di: «Voilà Magloire qui n’est pas Eugène.» Nou pa konnen anpil koze sou espresyon sa. Sof, kòm nou konnen ansyen prezidan Paul Eugène MAGLOIRE(1950-1956) te renmen pran plezi li anpil… e se yon prezidan ki te chèlbè(bòzò, pou moun Okap), n ap mande èske se pa la espresyon sa soti? Si gen moun ki gen plis detay, pataje ak nou.

4. LESCOT «nan fiftiwann ou». Espresyon sa pran chè nan ane 1940 yo. Ansyen prezidan Élie Léocardie LESCOT(1941-1946) te pete koken pou fè konnen manda li ap bout an 1951. E, an bon mètdam, mouche LESCOT te mennen tout kalite mannèv pou rete sou pouvwa. Pèp la, melanje ak etidyan, te pran lari pou di Élie LESCOT kòm ou di w ap kite pouvwa an 51 ebyen se nan «fiftiwann ou» n ap lage. Men kijan ekspresyon sa pran nesans…

5. «Mwen pa gen 5 kòb Lescot». «Mwen pa gen yon penich Lescot» oubyen «mwen pa gen 5 kòb Lescot» (nou pa gen anpil detay sou espresyon sa.) Sèlman, li posib la pou pèp la fè referans ankò ak ansyen prezidan Élie Léocardie LESCOT. Kòm sou ansyen prezidan Élie Léocardie LESCOT peyi a te sou lagraba nan zafè kesyon finans ak ekonomi, èske espresyon sa pa ta marande ak reyalite sa nan ane 1940 yo? N ap fè rechèch rèdsèch sou kesyon sila. Nou va di plis nan dezyèm pati seri tèks sila yo

Iléus PAPILLON
Observatoire Patrimoine (OBPA) – observatoirepatrimoine.ht@gmail.com

Photo : Par Mankaiti7,09 — Travail personnel, CC BY-SA 4.0, https://commons.wikimedia.org/w/index.php?curid=89604891

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.