Atelye pou valide zouti ki pral sèvi pou reyalize Evalyasyon nasyonal 6e Ane Fondamantal la

0
1253

Jedi 31 mas 2022 ((rezonodwes.com))–

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) reyini pou yon semenn nan Papay (Ench) yon karantèn teknisyen pou valide zouti (tèks ak kesyonè) ki pral itilize nan Evalyasyon nasyonal 6e Ane Fondamantal la (ENA22) ki dwe fèt 27 me k ap vini la a.

Atelye sa a fèt aprè ministè a te fin teste zouti sa yo atravè yon operasyon ki te mobilize vandredi 18 mas pase a 1595 elèv ki nan 10 lekòl piblik tankou prive nan Delma, Petyonvil ak Kafou.

Operasyon sa a te mobilize 10 direktè lekol sa yo ak 30 anseyan k ap travay nan 7e A.F.Sòti 28 pou rive 2 avril, teknisyen ministè a ki sòti nan Biwo santral ak Direksyon depatmantal yo ap gen pou analize kòman echantiyon elèv, direktè lekòl ak anseyan sa yo te konprann tou sa yo te mande yo pou fè nan tèks ak nan kesyonè yo te soumèt yo pandan oganizasyon tès sa a. Konsa teknisyen sa yo k ap travay anba sipèvizyon ekspè IHFOSED yo va genyen pou amelyore zouti yo yon fason pou fasilite itilizatè yo konprann yo pi byen.

Selon Direktè Ansèyman fondamantal la, anplis tèks ak kesyonè yo, patisipan nan atelye sa a dwe boukle preparasyon manyèl ki di kòman pou administrasyon tès yo fèt, kòman pou moun ki pral administre tès yo aji, ki jès yo va genyen pou yo poze, koman ak nan ki moman yo va genyen pou yo poze jès sa yo.

Se nan menm atelye sa, daprè sa Kendy Nicolas te deklare, patisipan yo ap genyen pou yo planifye tout seyans fòmasyon k ap gen pou fèt pou lòt teknisyen ki pral jwe wòl sipèvizè ak administratè nan evalyasyon nasyonal la nan tout 10 direksyon depatmantal edikasyon yo.

Se Kòdonatè jeneral Pòl Ansèyman ak Kalite a ki te louvri atelye a. Joseph Job Maurice, nan non minis Nesmy Manigat, te mete anpil aksan sou enpòtans Evalyasyon nasyonal la ki antre nan yon kad pi laj ki se refòm kourikoulòm yo.

Li bon pou raple Evalyasyon nasyonal la se pa egzamen ofisyèl ki fèt pou bay elèv nòt pou konnen kilès ki pase, kilès ki pa pase. Pito se yon operasyon pou chèche dyagnostike sistèm nan, nan lide pou pote koreksyon ki nesesè.

Depi lane 2015, nan kad mizannèv 12 mezi yo, MENFP deja òganize 4 evalyasyon parèy pou 4e Ane Fondamantal.Operasyon sa yo toujou fèt gras ak soutyen epi akonpayman BID, IEA ak IHFOSED.

Biwo kominikasyon / MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.