Vidéo. PM Ariel Henry : Ayisyen, Ayisyenn, sa kap viv an Ayiti tankou lòt bò dlo Ane sa a nap viv yon fèt Nwèl ki pa tankou lòt yo

0
3485

Plis ke 100 Goud pou fè yon Dola, yon bagay ki pa rive souvan nan epòk Nwèl’la. Fè bèl diskou ak pwomès tankou yon bouyon samdi swa rechofe dimanch maten, pap desann lavi chè-a poutan, pap anpeche bandi wete lavi mounn pou gran mèsi. Kote senpati PM la bay fanmi sendikalis la ki mouri anbal bal bandi g9 nan Matisan ?

Jour de Noel 2021 ((rezonodwes.com))–

Alòs ke PM Ariel Henry ki pat al nan pyès eleksyon ni pase devan Palman Lanbè-a pou’l vinn chita kote li ye la a, ap pale de pwojè tèt chat pou 2022 kote anpil mounn mefye’l kòm sèvitè an misyon pou Core Group ak Michel Martelly, « parrenn » kita kache dèyè lanmò Jovenel Moise la, anpil kote nan peyi a pase nwit 24 desanm lan nan fè nwè. Pa gen lavi, vizitè pa rantre, bandi ap fè lalwa nan Matisan kote mounn ap kontinye pran bal. Preteks pou fè etranje ak zam vinn tabli nan peyi-a pou ede nan eleksyon-seleksyon kap pwograme yo ap vanse san kanpe.

Klike pou tande mesaj Dòk Ariel Henry nan okazyon fèt Nwèl la kote li menm pèsonèlman admèt ke « Nan lane 2021 an nou pèdi premye sitwayen peyi a, nou viv yon tranbleman tè ki ravaje gran sid la e nan fen ane a gran nò peyi a sot viv yon lòt trajedi ankò. »

Men ki solisyon ki ka genyen an 2022 lè Ayiti vinn pi kowonpi chak jou, pa gen la jistis, pou prezime kriminèl ke non yo ap site nan masak, nan kowipsyon, nan konplisite ak asasen, men sa pa anpeche yo vise djanm sou chèz boure-a, chawl papa yo.

Eleksyon avèk Ariel Henry e tout rès alye ki pote boure bali yo pou separe « ti rès la », c’est la dernière chose dont Haiti aurait besoin en 2022. Atansyon ! Pa pran zannana pou Sizann.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.