15 janvier 2026
“Dizon sou “Osekou! / I can’t breathe!” | What they said about “Osekou!/I can’t breathe”
Actualités Culture

“Dizon sou “Osekou! / I can’t breathe!” | What they said about “Osekou!/I can’t breathe”

Lundi 8 mars 2021 ((rezonodwes.com))–

“Avèk rekèy powèm « Osekou! I Can’t Breathe! », powèt Gary Daniel denonse avèk raj travay dechèpiyay gwo towo ki konprann yo gen tout dwa, ap fè sou pèp ki san defans yo. 

Ayiti se premye viktim mechanste, abi, derespektan ki kòmanse lontan men ki pa janm sispann. Men, se lang powèt la chwazi pou li rakonte sa malveyan yo ap fè Ayisyen pase, ki fè bèlte atistik rekèy la. Gary Daniel ekri yon lang kreyòl ki modèn, ki fè nou reve epi ki va sèvi kòm modèl pou devlòpman gangans literati kreyòl ayisyen.”  ~ Dr. Hugues Saint-Fort, lengwis kreyolis

“With this poetry book ‘Osekou / I Can’t Breathe’ poet Gary S. Daniel furiously condemns the injustice that is being done to defenseless individuals. Haiti has been the first victim of cruelty, abuse, disrespect which began a long time ago, but has yet to stop. This, you will witness through the language that the poet has chosen to disclose what the villains are doing to Haitians. This disclosure is revealed in an artistic beauty through the poet’s words. Gary S. Daniel writes in a contemporary creole language which allows liberty for us to dream. He will serve as a model for the rise and the elegant expansion of  Haitian Creole literature.” ~ Dr. Hugues Saint-Fort, Creole Linguist

————————————————–

“Depi m piti mwen tande yo di “lanmè pa sere kras”. Rekèy powèm Gary S. Daniel: ‘Osekou / I can’t breathe’ la se yon vag lanmè ki rale tout salte met deyò. Nan liv sa a, otè a monte de chwal anmenmtan 1) pou dezabiye leta sankoutcha, denonse yon demagoji diktati mal degize, mal maske ki pandje sou tèt limanite. 2) ponpe oksijèn kont konfinman ak vyolans k ap toufe lèzòm. Powem sa yo se yon kri rezistans manch long kont malveyans krim òganize ak maladi pwograme k ap fini ak limanite.” ~ Jeanie Bogart, Powèt

“I grew up hearing the saying that the ocean does not hold back filthy matter. Gary S. Daniel’s book of poems « Osekou / I can’t breathe » is like a sea wave that exposes all kinds of filth. In this book, the author straddles two horses in order to 1) expose two shameless governments and denounce a thinly veiled dictatorship 2) serve as a breath of fresh air to alleviate the violence of these times of confinement.

These poems are a shout of resistance against organized crimes and manipulated diseases that are destroying humankind.” ~ Jeanie Bogart, Poet

————————————————–

“Rekèy powèm sa se yon plis nan sitadèl lang kreyòl nou an. Pandan otè a ap paweze plim li nan lank lang lan pou l fè nou viv sa ki rele pwezi tout bon vre, li pa bouche je l douvan enjistis k ap pase tout kote nan mond lan, espesyalman isit Etazini kote souf yon minorite ap koupe. An n pran vwa nou pou n fè yonn ak otè a pou n rele o sekou antan n ap pwodui plis liv nan lang nou an ki bezwen sekou tout pitit li souf yo ap koupe tou. Bravo pou sanba Gary.” 

Prof. Jacques Pierre, lengis kreyolis

“This collection of poems is a welcome addition to our Creole language Sitadèl. The author plunged his pen in the inkwell/reservoir of the language to bring authentic poetry to life, without ignoring the injustices that occur in our world, including injustices in the United States where minority voices and breaths have been silenced and suffocated. Let us as children of the Creole language unite our voices together with the author’s as we promote the production and publication or books written in our mother tongue (which needs our support). Congratulations to Gary, a true poet!” ~ Prof. Jacques Pierre, Creole Linguist.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.