Montréal, mardi 8 novembre 2016 (rezonodwes).- La Charte montréalaise des droits et responsabilités est un texte fondamental pour les citoyennes, les citoyens et pour la Ville de Montréal. Depuis son entrée en vigueur, soit le 1er janvier 2006, celle-ci suscite beaucoup d`intérêt sur la scène internationale.
En honneur à la culture créole et du Mois du créole, la Charte montréalaise des droits et responsabilités a été traduite en créole.
La version créole « Chat Monreyal pou dwa ak responsablite yo » est une traduction de Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn) M. Ed. Le texte a été révisé par Kéder Hyppolite avec l`aide de Joseph Jean-Gilles.
ALAPAPOT
Chat Monreyal pou dwa ak Responsablite moun chita sou valè diyite moun, lajistis, lapè, egalite, transparans ak demokrasi.
Se menm valè sa yo, moun Monreyal yo, fanm kou gason, pataje ansanm, ki alabaz dwa moun, tankou Nasyonzini rekonèt yo.
Chat Monreyal la parèt ak prensip dwa epi responsablite yo sou yon fòm tou nèf.
Li tankou yon kontra sosyal ki prevwa yon angajman klè ant Vil Monreyal la epi estaf anplwaye li yo nan yon amelyorasyon san rete pou divès sèvis li ap bay popilasyon an.
Chat Monreyal la chwazi yon tribinal, ki pa nan patipri, kote ombudsman (pwotektè dwa sitwayen) Monreyal la, ap pote solisyon lè gen dezakò, ki chita sou nannan yon pwoblèm ant yon sitwayen ak Vil la.
Men, anvan tout bagay, se apati yon efò nan tèt ansanm ant sitwayen yo, fanm kou gason, epi Vil la, li va posib pou gen yon garanti pou respè dwa moun yo jan yo parèt nan Chat la.
https://fr.scribd.com/document/330426100/Charte-Montrealaise-Creole

