Mercredi 14 août 2019 ((rezonodwes.com))– Jodi ya Rezonodwes envite w li plizyè powè m potorik gason sa fè, ti bout tèks sila yo ke powèt la bay jounal la dwa pataje avèk anpil kontantman, montre nou ki kalite richès ki gen nan lang lan. Jan lang nou chèlbè.
Manno Ejèn fèt Kiba nan lanne 1946, li grandi Pòtoprens, powèt, jounalis,nouvelis,kreyolis konferansye, Manno Ejèn ap viv ant Monreyal ak Ayiti. Gran defansè lang kreyòl, li se fondatè REK, manm sosyete koukouy, li se youn nan moun kite nan komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)
Manno Ejèn gen yon katalòg sèlman an kreyòl. Egziltik ki sòti an 1988, ki se Premye liv powèt la pibliye. Sezon Papiyon, Aganmafwezay, Pwezi pou anwoule tan mwen ki se dènyè rekèy powèm li ki sòti nan REK Elatriye…
Nou profite rann yon omaj vivan ak powèt Manno Ejèn ki se youn nan grandèt ki revolisyone lang kreyòl la. Ki rann pèp ayisyen an konnen lang lan pi byen e bal plis valè. Grosè travay sila yo enfliyanse lajenès, sitou jenerasyon 1990 la ki prèske ekri an kreyòl, nou ka site Jessica Nazaire, Christ Falin Oralus, Selmy Accilien, Kevin Pierre, Wiliam Saintcyr, Samuel Clermont, e yon pakèt lòt powèt.
Tèks
-1
Mawoule avèk makòn rèv mwen
Pawoli an fò m vèsè m ape mennen labatwa
avèk vennsèt mil kilomèt anba pye mwen
San konte tout lanavèt bese leve
an bras alanaj lamare travèse
-2
Lepase pa rete la
ape dòmi reve
anba pil twòkèt rasin
pye sabliye tresse
Sou plizyè ang divès fòm
li kapab fè nou reviv sa nou te ye
-3
Tan an, zepi m ape degrennen
woumenm, jis fanm sa a menm
donezon san etanp, san epitèt
chamantiz sanswèl
m ape dòmi reve a
mwen ant afweman premye fwa a
ak pleziyis dènye fwa a
-4
Nanpwen okenn silans
ki silans toutbon vre.
Silans tout otorite
sou yon kout rèl anmwe eklate, se kout kle laverite
pou deklete levekanpe.
YON ZEPI SOLÈY
Yon zepi solèy byen mi
degrennen sou do zile
E zile a gonfle ak mòn
mòn kafe mòn oktòb
mòn kadav… !
Nou koupe nan seren
tankou koulèv andòmi
ap miyonnen rèv asezon
jouk ri dipèp
tonbe maladi patron
Anpi nou tann
nou tann sou tann
ap gade zepi solèy
k ap jete bak
sou gonfleman mòn…
Sa sa sèvi yon endepandans
ki vini tankou règ fanm
yon vye pòt ki baye sou dèyè
Ayayay! si m te lan jwenn
malè pandye ki nan listwa a
ak tout fòs kouraj mwen
Mwen ta vanse kontre demen
Yon panno syèl
sot tonbe sou rèn mòn
jouk solèy rive pouri
santi sou kadav
Yon fèy twazòmfò
mare nan pwen y plim mwen
menm jan kanmarad yo
souye fatig
pou mwen make nan kadas lespwa
chak kado vantando
nou pran nan men sendik
chak pòsyon kouray
nou rache anba zonent pèseptè
non nou pa vle dimwatye
sou eritay zansèt yo
Chapantye yon peyi k ap bati
masonyè yon demen k ap vini
lavalas bezwen vanyan nou
pou li levé jipon li disèt wotè
zile a bezwen jougans ou
pou li toufonnen solèy
Si nou ba li yon lou gal
gade n a wè li pye atè
k ap monte pewon channmas
pou l ale kale je li nan je lalin
si nou ba li yon chans
li va envite boukan dife
fè ladesant lakay li
Yo di mwen gen yon pil fatra
k ap fè pyepoudre pòtoprens
hinnghanng chen
ranpli lannuit rabòl
nan festen lawonte
Yo di mwen se pil sou pil
laperèz lote nan kalfou Yo di mwen pasyans
jete fèy Gonayiv
douvanjou debafre okap
Tande genyen yon dlo
k ap dòmi okap
dlo dòmi konn reve
e se rèv ki louvri sezon
Koute listwa se divinò
li konn langay ki nan rèv yon pèp
loray k ap pyafe nan lòlòj li
(Ekziltik, piblikasyon Atelye Koukouy, 1987)
Ricot Marc Sony
jeunesseht@gmail.com
Yon rale sou mo « Lavalas » ki nan powe m YON ZEPI SOLEY…
Se gwoup DP EXPRESS ki te premye pale de Lavalas nan youn nan chanson l. Nan komansman lane 80 yo, DP EXPRESS te fe referans a Lavalas nan youn nan kanaval li yo. Se yon fason pou DP te byen mache sou pye lot gwoup espesyalman sou Scorpio ki te nan polemik ak li. Se premye fwa anpil Ayisyen te fe konesans ak mo lavalas avan l te tounen yon eslogan politik nan bouch politisyen san visyon ak san destinasyon.
Titidis ak tirenis yo pa gen eskiz! Pa kache ECHEK nou nan pale de DUVALIER yo. Se pale pito ki Kontribisyon lavalas te pote nan devlopman peyi a. Duvalier yo te fe tan pa yo deja. Politisyen Chilyen Yo se peyi yap konstwi menm pou Ayisyen kap kouri kite peyi yo pou Malandren lavalas ak phtk. Mwen di tou pou AVADRA milite yo ki pat jwe wol istorik yo nan moman an tankou AUGUSTO PINOCHET. Li kle, ideyoloji politik mwen pipwoch dokte Salvador ALLENDE. Sa se yon lot kesyon. Se listwa map ekri.
Politisyen Chilyen yo pa kanpe sou bit Volo’ ak pale de jal Augusto Pinochet pou yo kache mal Echek yo. Okontre yo travay pito pou peyi Chili pa viv oken lot fom pouvwa ki sanble ak REJIM PINOCHET menm sou yon fom demokratik nan eleksyon TIPASKOUT, sinonim KAO.
Ekonomis Leslie Pean renmen pale de DUVALIER yo anpil pou tet yo te disparet yon Fre l. Mwen pa konprann, PEAN pa konprann Anyen nan Anyen. Nan ki peyi li konn tande Rejim Diktaryal pa konn Sasinen moun??? Si se konsa, sou rejim zanmi l ak alye politik li yo te demokrat pat dwe sasinay Mireille Durocher Bertin, Jean Leopold Dominique, Antoine Leroy, Jacques Florival, Jean Lamy, Amiot Metayer, Brignol Lindor, Marc Andre Dirogene, elatriye. Mwen te bliye sa a, sou zanmi Leslie Pean yo, Petrovolo’ yo pat dwe disparet ROBERT MARCELL. Anpil fwa mwen konstate, PEAN analize tankou listwa d Ayiti rete sou Duvalier yo. Sa fe 33 lane Duvalier yo pa okipe sen politik la. Si moun yo rele demokrat yo te rete nan DIVIZYON ak TIPASKOUT KAO yo pa konstwi peyi a se pou yo bwe pwazon olye pou yap gade deye pou yo kache mal Echek yo.
DEPI 28 lane, AUGUSTO PINOCHET pa sou sen politik peyi Chili, DEMOKRAT CHILYEN yo chak jou ap fe peyi Chili bozo’ pou Jenerasyon kap vini yo. Demokrat Chilyen yo menm Travay pou yo Lage kek Lasibab ate pou lot moun ki soti nan peyi panyol nan zon nan ki chwazi vin viv nan peyi Chili pito. Nan menm sans lan, konpatriyot Ayisyen yo byen jwenn kek Lasibab tou ke politisyen nan peyi yo patka ba yo. Mesi Samba Kessy (Repoze nan lape!), malgre w te fe yon kout lavalas, ou te rekonet nan plizye teks kanaval, Moun ou yo Manje jouk yo Gonfle. Mwen Regret ou te mouri tankou yon vye chen fou nan Pos Machan tankou Preval… Tirene ou met pouswiv wout ou Angranjou. Ou se koukou ou mouri. Jude Celestin se frizelya li mouri pou toutan menm jan ak bope l. Lavalas mouri tou. PHTK pousuiv nan wout Movez Gouvenans lavalas la, li preske mouri. JOVENEL se yon mo’ ki anvakans. Menmsi w tande tout bagay, se YOURI LATORTUE ki komanse chante anteman an…
Mo lavalas vin kraze chelbe powem nan. Menmsi se yon powem ki date lane 1987. Mwen pa dako’ ak moun k ap fe komante politik sou net la ki toujou renmen di « Lavalas SAL. » Se pa premye fwa nan listwa yon mouvman politik ki te charye lespwa, epi ki ECHWE. Se pa pou tet Lavalas fe Echek pou anpil konpatriyot renmen pale de Lavalas Sal. Li gen yon aspe Rasis ladann tankou se yon gwoup moun espesyal nan popilasyon an ki te lavalas. Sa se pa yon bon lekti istorik. Rejim Duvalier yo Echwe nou paka pale de SAL. Nan kad mouvans lavalas la, marasa Aristide/Preval fe ECHEK nou paka pale de Sal tou. Sam di la a li valab tou pou pwezime Petrovolo’ Martelly, Jovenel ak Zagribay PHTK yo. Nou pa bezwen mete etiket Sal sou yo ak fanatik yo.
Depi yon moun ap viv li ka reve. Le gen yon 3e oswa 100e Vwa sa vle tou yon lot sistem, se pou KREYOL la layite ko’ l net. Epi pou lot LETA a bay lang Fwanse a jaret poul anseye kom yon lang etranje pi devan pou gen yon Bilengwis fonksyonel nan peyi a. Nan kad lot Leta a, atrave Francophonie peyi a ka jwenn kek sipo’ nan men Lafwans. Manno Ejen, chapo!