Rasin defi aplikasyon deklarasyon inivèsèl dwa moun yo an Ayiti
Mèkredi 9 desanm 2020 ((rezonodwes.com))– Peryòd XVIIIe syèk la konnen de (2) revolisyon, revolisyon ameriken epi revolisyon fransè a. Mistik revolisyon ameriken an genyen gwo enfliyans sou revolisyon fransè a[1]. Revolisyon sendomeng lan pa t genyen menm nati parapò revolisyon fransè a. Revolisyon fransè a te chita sou yon nati boujwa, lòt revolisyon an se