17 juin 2024
Akò Montana | Kanal irigasyon rivyè Masak : yon kriz byen monte ?!
Actualités Société

Akò Montana | Kanal irigasyon rivyè Masak : yon kriz byen monte ?!

Jodi a peyizan ak agrikiltè ayisyen sou fwontyè nòdès nan Wanament ap naje nan yon nouvo  kriz ki pran yon dimansyon nasyonal. 

Nan sitiyasyon sa a, Biwo Sivi Akò 30 dawout 2021 an / Akò Montana a vle fè konpatriyòt nan  tout kominote k ap viv sou fwontyè a konnen, li kanpe djanm ak yo nan gwo konba y ap mennen pou chanje kondisyon lavi ak travay yo, yon konba k ap pote jèvrin nan pwodiksyon nasyonal la. Nan kad sa a, peyizan ak agrikiltè plèn Maribawou yo, fanm tankou gason, nan  plen dwa yo, yo pa gen lòd pou resevwa, ni pran presyon nan men pèpap : yo sou tè yo epi yo nan peyi yo, anba drapo yo. Okenn etranje pa ka pretann erije tèt yo kòm jij, abit oubyen matlòt yo, pandan y ap defann dwa souvren ak enterè majè yo nan peyi yo. 

Li klè kriz kanal la se pwovokasyon yon ti klik awogan rasis ki nan tèt Leta peyi vwazen k ap fè  ti dife boule pou fè dosye Ayiti a okipe premye plas sou sèn politik dominiken an, ak espwa sa  ap pèmèt yo ratrape yo nan kous elektoral k ap dewoule nan peyi vwazen. Se pou sa prezidan  Abinader deklanche kriz kanal la lè li afime ak fòs awogans pretansyon l pou pase pèp ayisyen 

lòd, malgre antant ki gen ant 2 Leta yo depi 10 lane sou konstriksyon kanal la ki te tanmen  deja san pwoblèm depi mwa mas 2021. 

Zafè konstriksyon kanal sa a se yon egzanp vivan fayit Leta a nan jan dènye seri dirijan li yo fin krabinen l nèt, atravè rejim PHTK a. Depi 2 lane n ap viv konsekans yon ensekirite pwograme, reskonsab nasyonal kon entènasyonal pouvwa kriminèl la planifye. Yon ensekirite  ki dejouranjou ap pran fòm yon veritab jenosid, men ki an menm tan se yon paravan ki kache  divès lòt fòm ensekirite k ap minen baz fondasyon peyi a ki lage tankou yon bato san gouvènay nan fon yon lanmè an boulvès. Tousa esplike awogans prezidan dominiken an ki  pran rasin nan yon tradisyon politik migratwa agresif Leta dominiken ap pratike depi plizyè dizèn lane. Yon politik ki toujou pase anba pye dwa fondalnatal pèp ayisyen an prezidan  Abinader konprann li ka pouse jodi a jis nan dènye limit li, lè li deside fèmen karebare fwontyè ant 2 peyi yo. Pretansyon prezidan Abinader tèlman ale lwen, li pran sou tèt li pou l al diskite  « dosye Ayiti a » a ak reprezantan peyi Kenya, pandan Asanble Jeneral Nasyonzini an. 

Depi anviwon 2 semèn pwotestasyon ak analiz fè mikalaw sou dosye kanal irigasyon  Wanament lan. Kòm mouvman ki anrasinen nan òganizasyon sitwayen ak sitwayèn yo,  konpreyansyon ak pozisyon Akò Montana rejwenn analiz ak pozisyon anpil sektè ak òganizasyon nan tou 2 peyi yo. Pa rapò tout ajitasyon gouvènman dominiken an, Akò Montana  pa kwè enterè Dominikani leze, pa gen vyolasyon dwa entènasyonal, ni pa gen akwo ki fèt sou  trete 2 peyi yo siyen (1929, 1935, ak 1936). Nonplis tou pa ka gen enjonksyon. Souverènte nasyonal peyi Dayiti ak Souverènte alimantè nou pa ka fè objè okenn diskisyon. Pifò sektè nan  opinyon piblik Dominikani an, abitan nan tou 2 bò fwontyè a ki abitye viv nan bon jan amoni konprann sa byen epi eksprime piblikman solidarite yo ak ayisyen e ayisyèn yo. Konsènan

reyaksyon pouvwa defakto ayisyen an, gen rezon krenn pou ensousyans ak kalewès yo pa fè yo lage peyi a okonplè anba èn ak rayisans kominote entènasyonal la. Premye mezi ki anonse yo (voye yon delegasyon komisyon miks bilateral al dyaloge, rele anbasadè dominiken an nan  Ministè Afè Etranjè) pa fè santi gen garanti yon jesyon fèm enterè nasyon an. Fò n raple nan  lane 2004, Leta ayisyen te bay yon gwoup finansye dominiken plis pase 80 ekta tè nan plèn  Maribawou, youn nan plèn ki gen pi gwo potansyèl agrikòl nan peyi a pou te enstale yon zòn franch, CODEVI. Konpòtman ireskonsab sa yo pa nouvo nan diplomasi ayisyen an. Sèl  diferans, jodi a sa ap fèt nan yon moman kritik kote ijans nasyonal yo vin pi kriyan, pi absoli. 

Akò Montana te kreye, konvoke epi kontinye ap batay nan yon kontèks politik kote li bay tèt li  kòm bousòl defans souvrènte peyi a. Sitiyasyon k ap devlope sou kesyon kanal irigasyon Wanament lan montre yon lòt fwa ankò, se sèl yon politik koupe fache ak sistèm ki donnen kawo sa a lènmi nasyonal ak entènasyonal peyi a konstwi pou nou an k ap kapab pèmèt remete lòd epi netwaye enstitisyon ak estrikti Leta yo. Se politik koupe fache sa a ki ka fè sitwayèn ak sitwayen gang ame yo fin matirize yo ; pwodiktè ak pwodiktris ki fin dekapitalize yo ; migran, fanm kon gason ki oblije ap viv nan malsite ak tout danje ki mache ak sitiyasyon  sa a ; popilasyon ki sou tout longè fwontyè a k ap chache yon sipò nasyonal ; anfinal, se sèl  politik koupe fache sa a ki kapab pèmèt tout kouch nan sosyete a rive chwazi epi akonpaye libelibè dirijan fanm ak gason yo pou defann enterè nasyon an epi konstwi nouvo relasyon solidarite ak enterè youn pou lòt ak vwazen dominiken nou yo epi ak tout lòt patnè entènasyonal nou yo. 

Entelijans politik, òganizasyon, rezistans, mobilizasyon sitwayen ak sitwayèn se limyè k ap klere chimen viktwa pèp la ! 

VIV YON SOLISYON AYISYEN ! 

VIV YON AYITI GRANMOUN E SOUVREN ! 

Biwo Suivi Akò Montana (BSA) – Pòtoprens, 20 sektanm 2023 

Pou BSA a,2

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.