Centre Banyen Jardin Labo klotire premye edisyon «Konkou Agribio Jènn Antreprenè»

0
820

Centre Banyen Jardin Labo sot klotire, samdi 4 fevriye 2023 a, premye edisyon « Konkou Agribio Jènn Antreprenè », ki te fèt nan Vali soti mwa Dawou rive mwa Desanm 2022. Konkou sa a te fèt nan tèt kole ak Asosyasyon Peyizan Vali (APV) e Ayiti Community Trust (ACT), epitou ak patisipasyon TEEEM ki te pote apwi finansye li ki te soti nan New Jersey pou l te vinn patisipe nan seremoni an.

Diznèf (19) jènn te resevwa atestasyon yo. Twa (3) gayan gwo pri yo te devwale : Antrepriz Latè ka bay (1e Pri), Antrepriz Jènn ki Zanmi Anviwonman (2e Pri) e Antrepriz STIV Soud Peyizan (3e Pri).

Katriyèm gwoup la (Sant Agrikòl Modèn) ap resevwa apwi finansye Marenn donè a, madàm Maryse Suprien kap viv Montréal (Canada).

Gen 3 lòt prim ankourajman ki te ofri pou : « Disiplin ak ponktyalite », pa Grand Collège Joacilien Faustin (Se Antrepriz Jènn ki zanmi Anviwonman ki genyen l) ; « Estrikti pwoteksyon sòl », pa Hôtel Villa Ban-Yen (Se Antrepriz STIV Soud Peyizan ki genyen l) ; « Konbativite », pa Fort Royal Hotel (Se Antrepriz Latè Ka Bay ki genyen l).

Wi, latè ka bay lè nou gade bèl demonstrasyon jènn yo fè nan jaden yo ; lè nou wè bèl pwodwi Centre Banyen Jardin Labo ap reyalize nan Vali. Teknoloji inovan Jaden gad-manje a, « ti moso tè gwo rannman », andedan yon apwòch agwo-ekolojik, montre non sèlman ou ka manje byen men tou ou ka gen aksè tou ak sa ou panse se moun ki gen lajan ki ka manje yo ou ki ka fè yo. Se lanbisyon nou pou n leve, se travay pou n travay ak entelijan e disiplin, se konfyans, pèseverans e pasyans.

Pa bliye jaden gad-manje, se chimen lespwa, se yon lòt lekòl, pou yon tranzisyon ekolojik ak agrikòl ki ka pote sekirite nan pòch ak nan vant, anba drapo lasante, pou yon demen miyò. Ann pran wout la kounye la, pou solèy chanjman an leve ak blayi pou yon lòt Ayiti bèl, pwòp, dyanm, pwospè ak souveren. Aktivite sa a fèt nan respè total pou anviwonman, byodivèsite, dlo, sòl. Li asosye ak ti elvaj, transfòmasyon ak enèji, pou yon valorizasyon bab ak moustach resous yo. Nap lanse yon apèl bay BNDA ak BRH pou louvri pòt kredi yo pou jènn sa yo, pou yo vanse nan lanbisyon yo. MARNDR ak MDE gen tou yon gwo wòl pou jwe, jan sa di nan Sikilè ki te pibliye nan Monitè # 85, nan dat 15 me 2020, nan pwen sa yo : 15, 17, 18.

Centre Banyen Jardin Labo, Asosyasyon Peyizan Vali e Ayiti Community Trust remèsye tout moun ki te pote apwi yo nan konkou sa a : TEEEM, Evalyatè yo, Marenn donè a, MC yo, Jènn yo ak paran yo, Faces of Haiti, Foto Konbit, FONDASYON FELISITE, CASEC 12e seksyon TiGwav ak CASEC 4e Seksyon Musambe, Ansyen Majistra Delor Desgranges, tout envite yo ki te patisipe nan seremoni a, Fort Royal Hotel, Hotel Villa Ban-Yen, ekip Youth Event lan, Reprezantan Legliz Nòtredàm Tigwav, Reprezantan MOUDEL ki soti Lyèv (Ti Twou) ak reprezantan ATVACM ki soti Toirac (Kan Peren), Maison des Jeunes et de la Culture de Vallue (MJCV), Radyo Kominotè Klofa Pyè, ak tout moun ki te pran tan pou swiv dewoulman seremoni an pa vizyokonferans, etc. Mèsi anpil anpil.

Nou enterese resevwa kòmantè ak sijesyon ou pou amelyore pwochenn edisyon an, epitou ou ka chwazi vinn yon sipotè ou patnè. Byenvini.

Centre Banyen Jardin Labo
@ Vali, 7 fevriye 2023

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.