Ayiti Koupe Fache | Kwonik #9 : konstriksyon lit otonòm ak òganizasyon otonòm Kan Pèp la

0
1022

Ayiti Koupe Fache: Kwonik #9 : konstriksyon lit otonòm ak òganizasyon otonòm Kan Pèp la

Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon.

Ayiti Koupe Fache ap prezante nou Kwonik #9 sou kesyon entèvansyon militè konze Ayisyen yo ak peyi kolon enperyalis yo ap prepare sou pretèks èd imanitè. 

Resamman gouvènman reyaksyonè, anti-nasyonal, anti-pèp ayisyen an mande kò gwoup, kolon enperyalis yo, LONI ak OEA pou voye yon fòs militè, swadizan pou vin ede konbat gang yo ak adrese kriz imanitè otou kesyon rebondisman maladi Kolera nan peyi a. Jiskaprezan puisans enperyalis yo poko montre okenn anpresman pou debake ann Ayiti. Yo pito ap tann yon moman ki ka pi favorab pou yo, epi ki gen mwens danje pou yo tou. Yo pito ap tann yon moman kote Peyi Lòk fin epyize nou, kote chomaj, grangou ak maladi fin mete mas popilè yo ajenou.

Men, si n gade byen, okipasyon militè a te toujou la de Oktòb 1994 jouk an 2017 lè dènye kontenjan militè LONI yo (Minustah/Tourista) kite peyi a epi konvèti okipasyon an titèl sou fòm Minijis (Minijip) ak Binuh. Se menm MINUSTAH a ki te vini ak maldi kolera a. Se menm Binuh sa a ki gen nan tèt li madan Lalim ki te admèt yo alorijin federasyon gang ame asasen kriminèl G9 an fanmiy ak alye, manyen youn, manyen tout ki ansanm ak lòt gang yo ap masakre pèp la, vyole tifi ak tigason nan katye popilè yo. Kidonk an 2010-2011, se okipan kolon enperyalis yo ki te enpoze de politisyen popetwèl, restavèk, tchoul, souflantyou depi sou Mateli kòm prezidan jouk rive nan palman kwoupyon an. 

Si nap gade epi reflechi ak tèt klè sou trajektwa istorik entèvansyon militè, okipasyon militè, titèl kolon enperyalis yo/Loni/OEA nan peyi d Ayiti, nap wè trè klèman sa nap viv jounen jodi a, tout tribilasyon nap viv la a, se rezilta tout entèvansyon militè, okipasyon militè ak titèl bann vòlò, mafya lokal ak mafya entènasyonal sa yo: 1915-1934, 1994-2017.

Nou ka wè se sèlman reyaksyonè konze ak boujwa esplwatè k ap souse san mas popilè yo ki gen enterè nan yon entèvansyon militè enpeyalis.

Si nou konnen deja, dapre leson istorik pi resan yo, e menm sila piwo nan listwa nou, se entèvansyon militè kolon enperyalis yo nan konplisite ak gouvènman popetwèl, politisyen san kolòn vètebral ak klas reyaksyonè lokal yo ki mennen nou kote nou ye la a, kouman èske nan tout bon sans nou, nou ta espere menm reyaksyonè sila yo ka vin « sove » nou? Se yo ki te mennen nou la. Nou menm nan mas popilè yo, nou pa ka rele yo vin sove nou ankò! Sa pa gen okenn sans! 

Se politisyen reyaksyonè ansanm ak boujwa yo k ap rele « O Sekou! Vin sove m!». Okipan militè pa janm pwente mitrayèt yo sou boujwa.  Militè etranje yo pap vin « sove » mas popilè yo ditou. Se menm politik DR vin kontinye fè. Yap toujou vin enpoze nou tchoul, souflantyou, kawotchou derechanj reyaksyonè, opòtinis pa yo pou kontinye bouche je nou, dòmi sou nou, kraponnen nou, detounen nou de vrè chimen liberasyon, ak emansipasyon Mas Popilè yo menm jan yo abitye fè depi 1986 nan yon veritab rekòmansman menm tenten yo. Men èske nou pare oubyen dakò pou rekòmanse fè menm eksperyans malouk sa yo anba dominasyon klas reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo, anba bòt okipasyon militè peyi kolon enperyalis yo?

Ositou, ki opsyon ki devan nou sou teren an dapre rapò de fòs yo?

Objektivman gen 2 opsyon sou teren an aktyèlman nan konjonkti difisil sa a. Gen youn ki pa sou kontwòl nou menmsi nou ka toujou enfliyanse l. Se desizyon ak pratik reyaksyonè, anti-nasyonal kap sòti de tout akò enperyalis yo pral sipòte. Nou dwe klè enterè fondamantal Mas Popilè yo pa nan okenn nan akò sa yo. Si pa malè mas popilè yo ta pran nan pyèj akò sa yo, nou fout chire nètalkole. 

Sepandan nou dwe klè tou, tenan kont rapò de fòs yo pa anfavè Pèp Ayisyen an, tenan kont nou pa gen pwòp òganizasyon otonòm nou, nou poko konstwi Kan Pèp la toutbon vre, se klas dominan reyaksyonè yo, politisyen abolotcho yo, ak peyi enperyalis yo ki pral foure pwòp solisyon anpwazonnen pa yo nan gagann nou. Nou dwe atann nou a sa e byen planifye pou sa tou. 

Men toutfwa, si nou kenbe mouvman lari a chochonèt nan denngonn yo, nou ka rive enfliyanse kèk bagay nan plan makab reyaksyonè yo a pou nou kapab rale yon ti souf. Men nan rale yon ti souf la, nou pa dwe janm satisfè. Si nou fè sa, yap mache sou nou san vire gade dèyè pou eliminen nou grenn pa grenn, febli mouvman nou an, epi elimine nenpòt ti dwa demokratik ou soulajman nou te rive rache nan men yo. Ann pa bay piyay sa a ankò!  

Dezyèm opsyon ki devan nou nan moman an, nan konjonkti aktyèl la, e ki dwe sou kontwòl pa nou, se pousuiv mobilizasyon otonòm nou yo sou diferan fòm, yon fason pou nou pa pèdi souf. 

Sa mande pou mas popilè yo kontinye sèvi ak imajinasyon yo, entelijans yo ak kreyativite yo. Pa ekzanp, nou gen dwa pap kapab nan lari a tout tan men sa pa anpeche nou devlope dòt mwayen pou nou kontinye òganize n, gonfle fòs nou, depi nan katye nou, nan travay nou, nan zòn nou, jouk onivo nasyonal. 

Nan Ayiti Koupe Fache, nou dakò ak modòd pou mas popilè yo pote men nan travay konstriksyon lit otonòm ak òganizasyon otonòm Kan Pèp la ak Travayè kòm POTOMITAN. Se travay konsekan sa a ki pral bay baz pou rive chanje rapò de fòs yo anfavè Mas Popilè yo pou rive restriktire ak transfòme sosyete a nan enterè fondamantal Pèp Travayè a, nan enterè fondamantal Kan Pèp la.

Se dezyèm opsyon sa a Ayiti Koupe Fache sipòte ak tout fòs li, asavwa, travay konstriksyon lit otonòm ak òganizasyon otonòm Kan Pèp la ak Travayè kòm POTOMITAN. 

·      Ayiti pa pou vann ni an gwo, ni an detay! 

·      Aba tout enperyalis, Core Group, OEA ak LONI! 

·      Aba Okipasyon ak Titèl enperyalis! 

·      Aba Leta restavèk la! ·      Viv Lit Otonòm Mas Popilè yo ak Travayè yo kòm Potomitan!

Raoul Gerard

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.