»Legliz katolik pa nan kòmès zam, l ap toujou bò kote Pèp la », monseyè Pean deklare apre zak piyay yo nan Gonayiv

0
1621

ÉVÊCHÉ DES GONAIVES

89, Avenue des Dattes

HT4110, les Gonaïves

HAITI-W.I

NÒT KI SÒTI NAN NAN EVECHE GONAYIV, APRÈ MOVE ZAK PIYAJ KI TE FÈT SOU PLIZYÈ ENSTITISYON KATOLIK, PIBLIK AK PRIVE, JOU 15 AK 16

SEPTANM 2022

Depi jou kite jedi 15 ak vandredi 16 septanm lan, Pè yo , Mè yo, Frè yo ak Fidèl Katolik ak tout Pèp Bondye a nan Dyosèz  Gonayiv ap viv kèk moman tribilasyon. Yap soufri anpil e y ap pote yon gwo kwa ki lou anpil.

1- Jou Jedi ki te 15 septanm lan bandi ak zam ak anpil lòt moun antre, yo kraze brize, piye Biwo ak Sant dakèy ki okipe zafè Sipèvizyon ak Koòdinasyon ak Fòmasyon Edikasyon nan tout Dyosèz la. Yo pote tout bagay ak materyèl ale.  Apre sa, nan sant distribisyon manje pou timoun lekòl yo, pawas yo ak òfelina yo, prizonye yo ak pòv yo, yo pote ale tout pwovizyon ak materyèl lojistik yo.

2- Nan seminè a , pwopedetik la ( kay kote jèn gason ki fin fè etid klasik yo ap fè yon ane preparatwa)Yo kraze, brize   ak   pote ale tout kabann ,chèz, Bibliotèk, biwo, òdinatè Pè fomantè yo ak propedet yo. Yo brize veyikil direktè kay fomasyon-an. Ata pòt ak lavabo yo pa kite. Pè yo rete Sèlman ak rad yo te soti a. Yo piye chapèl seminè a, yo profane li, yo pran tout chèz yo, lotèl la, veso sakre, òneman litijik, yo rive menm pati ak tabènak la, yo pa kite anyen.

3- Bann ame yo ale nan Radyo-Tele  Dyosèz la,Kris Wa, yo pran tout bagay tankou emetè, pano  solèy,  batri,  odinatè…  Depi  lè  sa  a  radyo  a   ak  televizyon  an  sispann  emèt.  Yon estasyon ki pran anpil ane pou l rive nan nivo li te rive a. An menm tan, bandi yo antre nan biwo karitas la, se sa yo bliye yo pa fè. Yo dechèpiye tout bagay : machin, biwo, chèz, klasè, òdinatè, dokiman sansib elatriye. Nan menm jou 15 lan  yo antre nan Biwo Jistis ak Lapè, yo kraze brize yo piye yo pote ale tout materyèl.

Jou vandredi 16 septanm nan menm, bagay yo, tribilasyon yo vin pi rèd. Yo fè yon piyaj sistematik.

4-Byen bonè nan maten yo, nan presbitè pawas katedral la, se la yo kòmanse piyaj la. Yo pote ale ponp pou monte dlo nan kay la, Dèlko, motosiklèt, anpil chèz nan presbitè a. Ata telefòn yon pè yo pran nan menl. Menm si aprè yo te pote tounen yon dèlko ak de moto yo te pran.Men, zak piyay ak dechèpiyay yo tap fè yo pot ko fini vre. Yo kontinye, yo antre al piye kolèj La Sent Famiy ak kay mè yo nan Twousab. yo pran tout bagay :biwo ak chèz elèv yo, tablo, pano solèy, odinatè, vesèl   ak tout atik pesonèl mè yo .Yo profane legliz pawasyal Sen Jozèf la. Veso sakre, òneman litijik, ak tout sa yo jwenn sou wout yo, yo pote yo ale.

5- Sa pa kont toujou, yo ale nan kolèj Imakile konsepsyon, kote “Clercs de Saint-Viateur” yo ap dirije,yo pran ban,chèz,biwo,òdinatè… Yo piye e profane chapèl lopital la ki tou kole a.Yo twouve sa pa ase, yale nan sant profesyonèl Kadinal Keeler nan Bigo ke Pè salezyen yo ap dirije, Yo brize, yok kraze, yo pote tout bagay ale.

6- Yo tèlman alèz, yo monte jis nan Pawas «  Notre Dame du Mont Carmel » kote Pè Obla yo ap dirije nan   Pravil, yo pote ale enstriman sonorizasyon ak anpil lòt bagay ankò. Yo kraze epi pote ale tout materyèl Lekòl presbiteral la, menm pòt yo, yo rache yo, yo pati ak yo. Sou menm pawas sa a, nan lekòl profesyonèl, lekòl fondamantal, ak ti faktori kay mè Sen Jozef Aparisyon yo , yo piye tout bagay: plizyè douzèn pano solèy, plizyè douzèn batri, san konte machin a koud,twal, chèz, elatriye.

7- Yo twouve sa pa kont toujou , nan Pawas “Notre-Dame de Fatima” yo antre, yo kòmanse kraze fenèt, pran chèz, bourèt. Se gras ak vijilans moun nan zòn lan ki pran konsyans se afè  pa yo yap kraze ankò, ki kouri dèyè yo ki koz yo pat gentan fè menm jan yo te fè nan lòt lekòl ak Legliz yo. Yo fè menm tantativ la sou Pawas Vizitasyon, yo te jwenn  replik moun nan zòn lan, yo pat rive antre.

8- Anpil bagay konsa pase tou nan anpil lot enstitisyon prive ak piblik.

9- Devan tout malè ak mechanste  sa a ki frape Legliz dyozèz la byen fò  nou mete nou ak pè yo, mè yo, frè yo ak pèp Bondye a pou nou kondane ak tout fòs nou zak sa  yo ki pa gen non. Nou pa te janm panse yon bagay konsa te ka rive nan Gonaives. Nou mande pou lajistis fè travay li. Pandan nap soufri a, nou pa ka fèmen je nou sou soufrans anpil lòt enstitisyon prive ak piblik nan Gonayiv, nan Senmak ak nan tout Peyi a, ki sibi menm zak brigadaj sa yo. Nan okazyon malouk sa a, nou voye senpati ak rekonfò nou  bay tout moun, tout frè ak sè nou yo ki viktim nan evènman dramatik sa.An menm tan tou, nou denonse ak tout fòs nou move zak sa yo ki twouble lapè piblik epi kap antere Peyi a chak jou pi plis.

10- Kòm Evèk Dyosèz la, nou lanse yon apèl   prese prese « à la solidarité, à l’Unité et au Partage » avèk Sila yo ki pi pòv yo, ki nan lamizè, e kap soufri tout kalite soufrans. Mizè a atwòs tout bon vre.Nap di nou tout kouraj. Kenbe fèm. Bondye Granmèt la la avèk nou. Anyen  pap  kapab  separe  noua  k  Lanmou  Bondye  gen  pou  nou.  Mezanmi  Pèp  la  gen pwoblèm  tout  bon  vre.  Peyi  a  gen  pwoblèm  tout  bon  vre  poul  rive  byen  fonksyone kòmsadwa :pwoblèm gaz, Lavichè, grangou, ensekirite, enstabilite, divizyon, dlo,  maladi, medikaman  elatriye, Bagay  yo tris anpil. Peyi pratikman nan kawo. Bagay yo tèt anba.

11- Kisa nou dwe fè pou bagay  yo chanje tout bon vre nan enterè tout pèp la ? Nou pa ka rete ankò ak de bwa nou kwaze, ap gade oubyen ap plenyen. Nou dwe pran yon desizyon fèm pou nou konvèti tout bon vre, pou chanje kè nou tout bon vre, pou nou chanje vye mantalite nou yo ,pou nou transfòme vye sistèm fonksyònman sa a kap prodwi enjistis, koripsyon, mizè ,plis pòv, ensekirite ak vyolans. Nou dwe aksepte dyaloge yonn ak lòt, san ògèy, san mete pèsòn a kote  e nap fè sa nan respè yonn pou lòt ak nan senserite. Nou dwe travay ansanm pou nou mete an aplikasyon yon plan relèvman ak devlopman entegral a lon tèm nan byen ak avantaj tout moun, sitou sila yo ki pi pòv yo, ki abandone yo, ki pi vilnerab yo. Pou nou rive aplike bèl vizyon davni nou genyen pou peyi nou an, nou dwe

chwazi epi vote lidè ki kredib, ki gen mo donè, ki fè prèv yo deja, ki diy de respè e ki pare pou sakrifye tèt yo ak enterè yo pou avansman Peyi a jiskaske yo mouri.

Nap pwofite di nou tou pa kite okenn moun ni okenn sitiyasyon difisil  fè nou chanje kwayans nou ak konviksyon nou sou Jezi-Kri ak sou sa Legliz katolik la ye.

12- Legliz katolik se zèv Bondye kreye. Li la pou l evanjelize, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun.Li la poul temwaye renmen ak kè sansib Bondye bay tout moun, espesyalman bay moun pòv yo , malere yo, tout moun ki bezwen rekonfò ak konsolasyon. Se pou sa Pè yo gaye tout kote nan pawas ak chapèl yo. Se pou sa nou wè Pè yo, Mè yo ak Frè yo ap travay nan lekòl ap bay pitit nou yo bon jan fomasyon de kalite. ; yap travay nan lopital, sant de sante  pou pran swen moun malad yo, yap pran swen moun ki andikape yo, moun yo abandone yo, moun ki pi pò v yo, yap travay nan òfelina yo. Legliz katolik la ap travay nan zèv devlopman moun, nan inivèsite, nan lekòl pwofesyonèl, nan kilti, nan pran swen anviwònman pou chak moun ak chak pitit Bondye kapab devlope tèt li ak tout sa ki bon nan li e pou tout moun kapab devlope. Legliz katolik ap travay pou lapè ak lajistis, li pa nan kòmès zam. Lap toujou bò kote Pèp la. Nou mèt fè l konfyans avèk gras Bondye.

Pou nou fini nap raple nou misyon Legliz la. Tout sa Legliz Katolik ap antreprann se pou byen  tout  pitit  Bondye  yo.  Li  la  poul  pran  swen  de  nou  tout.L’ap  travay  pou  gen  plis renmen, solidarite, dyalòg ak inite pami nou. Misyon li se ede nou konnen Jezi-Kri pi byen e pi plis, pou nou fè yon rankont pèsonèl ak li. Misyon li se rasanble  nou tout tankou yon sèl fanmiy. Se fè nou jwi Gras ak Benediksyon Bondye nan Sakreman yo, se mete nou an konfyans yonn anvè lòt, se mete nou an relasyon ak Bondye nan lapriyè toutan, nan chèche sekou  ak  pwoteksyon  Manman  Mari,  nan  fè  jèn  ak  sakrifis,  nan  lite  kont  peche,  nan renmen, nan aji avèk dwati pou nou pran chemen Syèl la, Paradi a, pou n al jwi ansanm lavi ki pap janm fini an, lavi Papa a ak Pitit la, ak Lespri Sen an !

Nòt sa a soti nan Eveche Gonayiv la, jou mèkredi 21 septanm 2022, nan fèt Matye ki

Sen,ki se Apot ak Evanjelis.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.