Jenn politològ Mathias Devert bay twa rezon ki montre Claude Joseph pa diy pou yo rele l nasyonalis

0
10339

Twa rezon ki montre Claude Joseph pa atache ak souverènte Ayiti ni diy pou yo relel nasyonalis

yon tèks Mathias Devert

Samedi 17 septembre 2022 ((rezonodwes.com))–

Souverènte se pi gwo degre pwisans leta ; se kalite pou leta pa aksepte okenn otorite siperyè a li menm.

Lè yon peyi souvren sa vle di klèman li granmoun tèt li , li pa resevwa lòd nan men pèsonn pou mennen politik li .  

*Traité de Westphalie* nan lane 1648 ki se  premye dokiman jiridik entènasyonal ki ta pral mete prensip nan Relasyon Entènasyonal yo konfime lide sa pandan l entèdi enjerans nan zafè leta . 

Ansuit chat nasyon zini yo nan lane 1945 pral reprann menm prensip sa yo pandan li pwoklame dwa peyi yo genyen pou pran desizyon pou tèt yo epi egalite ki dwe genyen nan mitan  nasyon yo .

Sou baz prensip sa yo toujou gen konfli ant dirijan nasyonalis anseri peyi an Afrik epi  Amerik latin ak puisans enperyalis  yo ki toujou vle domine peyi sa yo pou yo kapab eksplwate yo .

Nan moman nou kapab konstate plizyè dirijan an Afrik  revolte kont yon puisans  enperyalis pou yo kapab  kenbe otonomi yo tankou sa nap gade kap pase Mali ak Burkina . Nan listwa amerik latin nan Venezuela ak kek lot peyi  toujou enskri tèt yo nan liy sa ak nan tèt yo anseri lidè nasyonalis ki mete an premye enterè peyi yo epi koupe fache ak tonton Sam.

Men kote pa nou an Ayiti okenn lidè politik ki rive sou pouvwa pa deside pran risk gade tonton Sam nan je.

Tout aktè ki bezwen pouvwa diw yo pa ka atake blan meriken paske se li ki bay pouvwa jis nan yon pwen kote swadizan nasyonalis nou yo se sendomeng ki pa reprezante anyen yap itilize pou blofe pèp la.

Reyalite sa tradui sitiyasyon ki te pwodui an Ayiti nan nan  koumansman lane 1990 yo kote yon prezidan ki te azadel gade blan nan je pèdi pouvwa l ; pou l retounen li oblije jwenn yon antant ak menm  blan sa ankò.

Depi Lè sa se lwa sa kap dirije Ayiti :  si tonton sam pa renmen fòm tèt ou, ou pap k prezidan peyi a.

Epi  siw ta rive sou pouvwa ou vle chanje bò swa ou ekzile oubyen ou fè gran so a. 

Se youn nan rezon ki fè anpil gwo analis pa kwè nan posibilite pou zanmi drapo koulè nwa ak  wouj la rive prezidan peyi a lakoz pozisyon li toujou adopte yo ki pa nan gou enperyalis la.

Nan dosye Claude Joseph la ki pran sendomeng kòm chwal batay li epi  jodi a kap itilize Daniel Foote pou vann li kòm nasyonalis, politisyen ki atache ak souverènte peyi l , li enpòtan pou n soulinye 3 pwen ki montre ipokrizi ki kache dèyè lide sa.

*1- batay ant  Claude Joseph ak Ariel Henry*

Apre lanmò prezidan Jovenel, Claude kòm 1e Minis an plas te gen reyalite pouvwa nan men l paske Ariel potko enstale, li potko menm fòme gouvènman l.

Tankou anpil politisyen ayisyen kap tann blan deside sò yo , Claude  ale tèt bese nan rankont ak etranje yo pou ka jwenn benediksyon yo.

Finalman rapò fòs la jwe an favè Ariel. Menm Claude sa ki te sèl chèf sou pouvwa ki dil atache ak souverènte Ayiti a, kite se yon nòt core group ki metel deyò san bri san kont . 

Nou dwe toujou raple nou se pa pèp la ki te pran lari ki te mande Claude kite pouvwa .

Epi malgre yon pati nan klas politik la tap fè presyon sou li anyen pat mache se lè blan fin pale zanmi an antre tèt li nan twou san bri san kont, li pa menm fè okenn rektifikasyon .okontrè pandan popilasyon an tap denonse enjerans blan li menm li aplodi l nan lide lap konsolel ak ministè afè etranjè a.

Sa ki dwe klè pou nou , mesye a pat gen kouraj pou l te ka gade blan nan je pou l diskite ak yo sou baz Ayiti Se yon peyi souvren , se pa blan pouki vin deside pou li; 

« Si prezidan peyi m mouri pandan m 1e minis m pa ka lage pouvwa nan men nou konsa lèm konnen tout anje ki gen nan sa epi okenn limyè poko fèt sou zak sila ki gen men etranje dèyè l ».

Antouka zanmi an pat gen tout  kouraj sa ; granmoun yo toujou di dan pouri se sou bannann mi sa gen fòs. 

2- *Claude kòm avoka- pwomotè Ariel*

Malgre swadizan antant ki te gen ant Ariel ak blan pou fin kraze peyi a, Claude kòm  nasyonalis pèpè akspete jwe wòl minis afè etranjè nan gouvènman. Sa vle di chèf diplomasi yon ekip kap travay nan enterè blan , ki pa la pou defann enterè ayisyen yo. Dayè nou ka wè se li menm ankò ki te ekri nòt pou mande blan vin anvayi nou .

Ann pa janm bliye se Claude ki tap fè lòbi, pwopagann pou Ariel nan entènasyonal la epi ki te menm al defann li sou tribin entènasyonal ak medya etranjè lè yo tap akize mesye a li enplike nan lanmò prezidan .

Sa ki pi dwòl la pandan Ariel kòm chèf gouvènman te aksepte migran ayisyen yo retounen nan peyi a nan vyolasyon ak prensip non refoulman konvasyon nasyon zini  sou refijye yo, Claude  kòm minis afè étranjè se machin diplomatik  la li  te rann operasyonèl pou fasilite tounen moun yo. 

Lè sa bagay yo tap byen mache pou li ,antant lan te vle poul kenbe pòs minis afè etranjè a. 

Kidonk lap fè travay mèt li , lwa nasyonalis la potko Montel.

Sa nou dwe konnen Raymond CABECHE ,Depite gonayiv, te gen kouraj batay pou kont li nan chanm nan  lè yo tap aksepte desizyon pou blan meriken vin anvayi Ayiti an 1915 .

 jodi a non l rete nan listwa paske l pat patisipe nan simagri sa . Li te gen kouraj pou l te di non menm si majorite a te di wi ak tout konsekans sa te ka gen sou vil.

Se yon modèl nasyonalis nou pa jwenn lakay politisyen ayisyen ankò, yo pa ka dezapwouve blan ni gade l nan je paske madanm yo, pitit yo nan peyi moun yo 

Yo pa dakò pèdi ti kat vè a ak relasyon pou jere pouvwa nan peyi a.

3- *nominasyon yon dominiken kòm responsab kominikasyon nan anbasad Ayiti sendomeng*

Nan diplomasi gen sa yo rele lòd . Nan sans sa konvasyon vyèn 1961 an  sou relasyon diplomatik tabli lòd moun ki reprezantan peyi a : 1) chèf leta 2 ) minis afè etranjè 3) Anbasadè…

Nan misyon anbasad la gen pou l ranpli, li oblije gen lòt kad ladan l pou ki soutni Anbasadè a tankou Minis konseye, konseye ,sekretè 1 ,2 ou 3  …  wete sou  moun sa yo gen yon ekip pwofesyonèl kap travay   nan anbasad la tankou administratè ak responsab kominikasyon , lojistik , ajan pwotokòl , ajan sekirite,ajan  antretyen  elatriye .

Peyi yo toujou estrik sou sa kote yo ka pran yon etranje pou jere netwayaj , lojistik, pwotokòl , chofè … Men kominikasyon anbasad la yo pap lage l nan men etranje paske se kanal kote tout enfòmasyon estratejik yo pase nan sa ki gen pou wè ak politik gouvènman nan peyiw la epi ransènyeman sou sa kap pase nan tou 2 bò yo.

Menm si sa ka parèt dwòl , Claude joseph ki kanpe anfas dominiken jodi a, lèl te Minis afè etranjè antann li ak Anbasadè Smith Augustin  yo mete yon dominiken ki pa gen okenn rapò ak Ayiti kòm responsab kominikasyon anbasad la nan sendomeng .

Sa vle di tout kominikasyon ki gen ant ministè a ak anbasad la ,anbasad la ak kominite ayisyèn nan tout sa yo sou kontwòl dominiken sa ki se bon zanmi nèg yo.

Tout dosye sansib kap trete ,enfòmasyon estratejik an tèm pozisyònman se yon etranje kap jere yo .

Alòske  plen tijèn Ayiti ki fè Relasyon Entènasyonal, kominikasyon nan inivèsite leta ak prive ki ta ka itil nan sans sa . 

Epi tou si yo tap chèche moun ki metrize sitiyasyon Repiblik dominikèn gen twop jèn ayisyen ki byen fòme nan diplomasi ak kominikasyon nan Repiblik Dominikèn , pou se yon dominiken nèg yo te al pran pou  lage kominikasyon anbasad la nan men l . 

Poun konprann pi byen nan ki nivo sa grav jis imajine Larisi ki pran yon ameriken li mete kòm responsab kominikasyon anbasad li a nan whashinton .

Mete yon moun ki pa fè okenn sèman pou sèvi peyi a nan yon pòs estratejik nan anbasad an Repiblik dominikèn malgre konfli ki gen ant 2 peyi yo sou plizyè pwen , se yon trayizon kont pèp ayisyen sitou  lèn konnen listwa  nou ak dominiken .

Se sak frèm pral konprann dominiken sanble gen enfòmasyon nan men yo lè yo mete ansyen PM nan nan  lis ak 12 chèf gang .  

Sa pral edem konprann tou sak fè ansyen PM nan pa deside pran wout legal pou l lave imaj li prefere fè dosye a pase kòm zen sou rezo sosyo yo . 

Li klè dominiken kontwole Ayiti an tèm enfòmasyon aloske nan diplomasi ak politik enfòmasyon se pouvwa. Lè advèsè a gen enfòmasyon sou ou li ka domine w .

Sa ki pi dwòl la se pa konpetans lan nou pa genyen  ni an Ayiti ni an Repiblik Dominikèn  menm si dominiken sa se ta bon zanmi ni Anbasadè a ni Claude  yo ta ka  kreye yon lòt pòs pou li ki pa twò estratejik .

Sa n dwe konprann nan sa , se pa paske yon etranje pa ka travay nan yon anbasad men lèn konsidere rapò konplike ant 2 peyi pèsonn dirijan ki respekte tèt li kap fè diplomasi pap lage vant anbasad li nan men yon etranje.

Men jodi a sa ki pi dwòl la se menm Claude ki lage vant Ayiti nan men dominiken kap fè tèt li pase pou nasyonalis ;

Se menm li menm sa ki pat janm imajine yon jèn ayisyen ki sendomeng gen konpetans pou travay  nan anbasad peyil kote lap viv la, kap fè tèt li pase pou moun ki pral ede yo bati Ayiti  nan dimansyon listwa l.

Pou m fini, sa ki dwe klè nan listwa sa , yon nèg ki chèf gouvènman yon peyi pandan yon prezidan asasine ki kite pouvwa tou dousman apre yon nòt core group nou konnen an fin soti , epi ki pat gen kouraj demisyone sou baz akizasyon ki peze sou do Ariel kòm chèf gouvènman epi ki te mande blan vin anvayi nou pa gen kalite pou lap rele tèt li nasyonalis ni moun ki atache ak souverènte peyi. 

Divèsyon sa dwe sispann pandan pèp la ap mennen batay li anfas  rekalsitran sistèm nan.

Mathias L. DEVERT, Politologue 
MS Sciences Po Grenoble
mathiasdevert@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.