Kòman pou konpòte w lè gen tranblemanntè

0
1846

KOMAN POU KONPOTE LE GEN TRANBLEMANNTE

(Tèks la long men li tout nèt)

Lendi 16 out 2021 ((rezonodwes.com))– Tranblemanntè se yonn nan katastwòf natirèl ki ekziste yo, men li menm li pa gen klakson, savledi li ka pase nenpòt lè sanzatann e li pa epanye pèson. Kidonk li pa konn zafè gwo peyi ti peyi, moun rich moun pòv, li pa nan zafè relijyon. Se kèk bagay pou konnen pou fè pandan ak lè li fin pase. Epi anpil fwa, li ka lakòz gwo sounami. 

AVAN TRANBLEMANNTE

Chak fanmi dwe gen yon Lidè. Lidè a se moun ki pi djanm nan kay la. Ansanm ak moun nan kay la, Lidè a dwe prepare yon plandijans/Plan d’urgence pou fanmi an epi egzèse li ansanm ak yo. Plandijans sa ap pèmèt paran, timoun ak andikape yo konnen tout sa pou yo fè pandan goudou goudou ap pase epi kote y ap pran randevou pou yo rankontre lè l fin pase si yo tout pa menm kote. Lidè a dwe antrene pwòp tèt li e sitou aprann moun l ap dirije yo rete sanfwa pou yo konn sa y ap fè pou yo ka sove lavi yo. 

Chèche konnen si w abite, siw lekòl ou byen travay nan zòn danje. Direktè lekòl ak travay yo dwe abitye elèv ak anplwaye yo ak batiman kote yo ye chak jou a. Fè ekzèsis similak ak yo. 

Toujou gen yon valiz sou je yon kote fiks nan kay la pou lè w ap evakye.  Valiz sa dwe deja gen ladann : Manje ki pap gate e ki pa ekspire, dlo trete, rad, flash, telefòn ki gen chaj ak minit, ti radyo ak pil, medikaman, souflèt, kas enjenyè yo konn mete yo, sizo, alkòl, gan, mas pou n pwoteje n kont Kowona, lajan kach elatriye. Valiz sa dwe gen tou nan yon anvlòp jon, tout dokiman enpòtan tankou paspò, papyetè, kanè bank, resi, fakti elatriye. Konsa ou kapab eskane/scanner tout dokiman enpòtan sa yo e mete yo sou yon kle USB, sou Dropbox, google drive, icloud, imel ou elatriye.

Evite mete bagay lou anlè ki ka tonbe sou tèt nou tankou televizyon ak gwo radyo. Byen plase bagay dekoratif yo ak mèb yo pou kite plis pasaj lib nan kay la.

Toujou gade ki danje ki genyen tout kote w antre e ki pòt ki pi pre w pou soti si ta gen danje. Aprann konnen tout direksyon nan kay w ap viv la menm nan fè nwa.

Pa abite, anfème kay kote w pa fè konfyans. 

PANDAN TRANBLEMANNTE

Lè tè a kòmanse tranble, premye bagay ou gen pou fè se rete sanfwa. RESPIRE FÒ. Eseye kenbe tout kontwòl ou sou ou pou konn tout sa w ap fè pou sove lavi w. 

Si w nan kay plizyè etaj

Si w nan kay ki gen plizyè etaj, si w tou pre yon pòt de soti, soti san pèdi tan pandan w ap pwoteje tèt ak dèyè kou w (Kouvri tèt ou ak 2 men w). EVITE LAGE TÈT OU ANBA PASKE W AP MOURI OUBYEN PÈDI PYE W OUBYEN MEN W. 

Si w anndan kay bas

Soti al yon kote ki pa gen kay, tankou nan yon lakou, sou yon teren espò, sou yon pis. Evite kanpe anba balkon, ni poto limyè, bilbòd ak lòt bagay ki ka tonbe sou ou

Si w paralize

Si w paralize ou pa ka fè mouvman oubyen si w sou bekiy, PA PANIKE! RALE GWO SOUF NAN NEN FÈ L SOTI NAN BOUCH. Bese tèt ou epi mete 2 menw sou tèt ou pou w ka pwoteje tèt ou ak dèyè kou w, epi rele mande sekou

Si w t ap dòmi

Si w t ap dòmi epi soukous reveye w, toujou pa panike, leve chèche yon kote pou abrite w pandan w ap mete de men w sou tèt ou. 

Si w t ap kondwi

Si w ap kondwi, jis kanpe machin nan epi soti al chèche yon kote si/sûr pou abrite w pandan soukous yo ap pase. Men evite kanpe yon kote ki gen poto elektrik, anba bildig, gwo bilbòd ak sou pon/pont. 

Pou Timoun yo

Timoun!  Si n ta santi tè a tranble pandan nou lekòl, PA FÈ TÈT CHO!  RALE SOUF NAN NEN FÈ L SOTI NAN BOUCH

Si n anba balkon savledi “Rez-de-chaussée” soti sou lakou a, fè sa san panik, pandan n ap kouvri tèt ak dèyè kou nou ak 2 men nou. Lè n ap soti apre soukous yo, fòk nou tout pa kouri soti an menm tan. Si nou sou balkon, E-VI-TE lage kò nou anba ni kouri desann eskalye.  Sa k te deja deyò sou lakou rete deyò nèt. 

Tande! pandan sekous yo si w te anndan kay, fèmen bonbòn gaz avan w soti deyò pou evite ensandi. 

APRE TRANBLEMANNTE

Tann premye soukous yo fin pase nèt anvan w soti kote w te kache a. Bwè ti dlo si w jwenn. Rale souf nan nen epi fè l soti nan bouch ou.

Si w lakay ou, lè w kanpe, rele tout moun ki te nan kay la tou pou konn si yo anfòm. Gade pou wè si pa gen dega elektrik ki fèt nan kay la epi tcheke bonbòn gaz ki te limen. Apresa soti deyò.

Si w pa lakay ou, chèche rantre ankontak ak moun ou yo pou pran nouvèl yo e ba yo nouvèl ou. 

Si w ta anba dekonb, evite ouvri bouch ou pou rele anmwey pou pa vale plis pousyè pou poumon w. Eseye fè yon jès pou montre ke w an vi toujou, tankou frape kote w ye a pou yo vin chèche w. EVITE BAY MOUN KI SOTI ANBA DEKONB YO DLO MENM SI YO DI YO SWAF

Si w rete bò oubyen pre lanmè, depi w ta wè lanmè a rale kò l oswa li monte bridsoukou oubyen lanmè a fè yon gwo bri… Chape poul ou san gade dèyè ! 

Evite pataje enfòmasyon ki pa verifye. Konpare, verifye konfime tout enfòmasyon w tande.

Lè w fin asire tèt ou ak moun lakay ou, al pote èd bay lòt Moun. Yonn veye sou lòt pandan n ap rete pozitif. 

SONJE!  ME LIS BAGAY OU PA DWE JANM FE ABSOLIMAN PANDAN GOUDOU GOUDOU

– Pa panike/Rete sanfwa pou gen bon jan reyaksyon yo.

– Pa janm al monte oubyen desann eskalye pou pa tonbe oubyen kase pye w.

– Pa lage kò w anba lè w sou balkon pou pa non sèlman kase pye w, pou pa mouri frèt. 

– Pa kouri rantre anndan kay al pran anyen lè premye soukous yo fenk fin pase paske ap gen lòt sekous oubyen replik ki pase ankò. 

Ofinal ! Tranblemanntè pa touye moun, se jan nou bati kay ki mete lavi n an danje. Toujou chèche enfòmasyon sou ki jan ak ki kote Lameri komin ou prevwa pou nou konstwi. Apran leson de goudou goudou ki te pase, 7 me 1842, 12 janvye 2010, 6 oktòb 2018 ak 14 dawou 2021 an la pouw ka pi pwoteje nan prochen tranblemantè k ap gen pou pase yo. Epi kote tè a te tranble deja, l ap tranble ankò. Kote ki te gen sounami deja, li ka toujou rive ankò. PA FÈ TÈT DI. Toujou swiv konsiy ototrite yo ak proteksyon sivil yo bay. 

SE PA PÈ POU N PÈ! SE PARE POU N PARE!

Tèks sa se Koutwazi Ekip Emisyon *Intellectuellement Vôtre* nan Okap, anba konsèy Espesyalis nan Jesyon Risk ak Dezas Garmalia WILLIAM. 

14 dawou 2021

Okap

FEL MACHE!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.