Laprès nan latibonit denonse menas patizan senatè Cantave sou 8 jounalis

0
1395

Gonayiv, Dimanch 17 Septanm 2017 (rezonodwes.com).- Kòporasyon jounalis yo nan Gonayiv denonse ak tout fos li menas lanmò Kap fet sou plisyè konfrè jounalis nan site endepandans lan nan dènye jou sa yo kote non senatè Carl Murat Cantave site moun ki ta dèyè menas sa yo atravè dives trak kap simaye nan vil la.




Jounalis ki sible yo se :

Edson Mondelus
Erick Julien
Mergenat Exalus
Jodherson Cadet
Dieulivens Jules
Frants Renel Lebrun
Amos Alestine
Sadrack Germain

San konte lot non yo pa site jan trak la endikel la zak sa kè nou konsidere l kòm entimidasyon ki vize pyetinen libete lapawol ki se you aki demokratik. Menas sa yo ale pi lwen kote atravè trak sa yo menm menase pou bay jounalis yo ak fanmi tout jounalis yo piki pwazonnen si tout fwa yo ta frekante Lopital ki gen nan rejyon an ke yo menm yo gen kontwol daprè sa ki di nan trak la.

Devan tout menas sa yo ke jounalis yo pran trèzoserye kòperasyon an deside pou pa kouvwi okenn aktivite ki konsene senatè Carl Murat Cantave an atandan gen limyè ki fet sou dosye sa.

Kòporasyon an mete kominote nasyonal ak entenasyonal okouran ke tout sak rive jounalis ki sible yo ak tout fanmi yo sou responsabilite senatè Carl Murat Cantave ak pwoch li yo.




Nap fini pou n mande otorite konsène yo pou yo pran responsabilite yo pou pwoteje lavi jounalis ki sible yo ak tout fanmi yo.

Not sa a pote signati

AJHA : Asosyasyon Jounalis Wo Latibonit
SOJHA : Solidarite Jounalis Wo Latibonit
CJPH : Kolektif Jounalis Pwofesyonel Ayisyen
FEJA : Federasyon Jounalis Latibonit

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.