Èske efondreman dola meriken an nan wout pou fèt pa twò lontan ?

0
2918

Nan atik sa, mwen eksplike poukisa li pa fasil ke dola a pral efondre. Mwen esplike tou kèk estrateji Amerika dwe kontinye aplike pou l ka kenbe fòs ekonomik mondyal li.

Bobb Rousseau

Efondreman dola a pral vle di li pral pèdi tout valè l. Si sa ta rive fèt, envestisè yo p ap fè tranzaksyon ak Etazini ankò, Amerika pral peye plis kòb pou enpòte pwodwi, Ameriken pral peye plis taks, epi dola a pap rezèv mondyal ankò. Ou pa bezwen pè. Kite m ‘di w poukisa jou sa poko ap rive.

Anplis de senk teritwa ameriken yo, dola a se lajan ofisyèl onz lòt peyi atravè mond lan, epi 72% komès mondyal la fèt an dola. Anplis de sa, ak yon IDP anyèl de $ 23 milya ki depase pa Lachin ak Japon an ki se respektivman $ 17.7 milya ak $ 4.9 milya, ekonomi ameriken an kontinye atire envestisè mondyal k ap chèche yon lajan ki an sekirite pou komès machandiz yo.

Konpare ak lòt lajan ki apiye sou lò oswa ajan, fòs dola a apiye pa repitasyon ak pwa Amerika genyen sou mache finansye mondyal la. Envestisè yo toujou ezite aksepte ak ajiste nan chanjman. Se poutèt sa, li pral pran tan yo mete konfyans ak lafwa nan nenpòt lòt lajan ki egziste deja, alevwa nan on nouvo lajan, menm si anpil peyi ta adopte nouvo lajan sa pou yo fè komès antre yo.

Pou dola ta rive efonfre, fòk Etazini ta fè fas ak on pakèt evènman enpòtan tankou dezas natirèl, lagè, eklatman sosyal, boulvèsman politik, gwo dèt, oswa enflasyon enkontwolab. Nan nenpòt nan ka sa yo, dola a ka vin viktim nan. Antouka, m pa kon pou ou, m ret kwè ak 100% ke youn nan evenman sa yo preske imposib pou ta rive. Petèt, inflasyon ka rive, men Amerika gen solisyon pou li deja.

Dola a, mem jan ak nenpòt lòt monè ofisyèl, pèdi valè siplemantè l akòz de enflasyon. Rezèv federal, kise bank central Amerika a, kontwole volatilite dola a atravè ajisteman taks ak ankourajman envestisman pou anpeche enflasyon vin iperinflasyon. Iperinflasyon rive lè pri machandiz ap galope san rete oswa ogmante pa plis ke 50% nan mem mwa.

Teknikman, sèl fason pou dola ta pèdi primasi mondyal li se ta si e selman si lòt peyi yo ta deside pa sèvi ak li ankò pou komès entènasyonal. Sepandan, chans pou sa ta rive soul pe, ekstrèmeman minim.

Si dola ta rive efondre, li tap koze gwo domaj finansye nan ekonomi Ameriken lan. Pou prezève primasi dola nan esfè ekonomik mondyal la, gouvènman ameriken an dwe domine naratif diplomatik mondyal yo pou ranfòse politik etranjè li ak alye li yo ak kontrekare infliyans ak monte Lachin sou echèl mondyal la.

An rezime, aktyèlman la, dola a se on rezèv mondyal. Sa vle di ke anpil peyi itilize l pou yo fè kòmès antre yo. Sepandan, si dola sa ta rive efondre, li tap genyen konsekans negatif sou ekonomi mondyal la. Pou mwen, efondreman sa pa fasil paske, anplis ke 72% komès mondyal la ki fèt an dola, genyen 16 lòt peyi ki itilize l kòm monè ofisyèl yo. 

Atik sa disponib an audio sou lien sa https://apostroph.app/podcast/episzod-87-eske-wap-we-efondreman-avan-w-mouri/ 

Bobb Rousseau, PhD
Apostrophe Podcast

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.