Viv Premye Me!

0
989

Premye Me se jou ouvriye ak travayè atravè lemonn chwazi pou komemore tout batay yo konn mennen yo epi pou relanse batay sa yo pi djanm toujou. Premye Me se yon jou BATAY! Premye Me gen orjin li nan batay ouvriye te mennen nan fen 19èm syèk lan nan diferan peyi kont abi ak espwatasyon san limit yo anba kapitalis yo. Alepòk, ni manman, ni papa, ni pitit te konn blije travay 14 zè tan chak jou pou defann lavi yo. Plizyè dizèn milye ouvriye te konn mouri nan aksidan travay chak ane. Revandikasyon prensipal batay sa yo se te yon jounen travay 8 è d tan ak yon salè ki te ka pèmèt tout ouvriye viv. 

Premye Me se fèt ouvriye ak travayè nan plis pase 140 peyi. Komemorasyon Premye Me te koumanse Ozetazini an 1886, alokazyon yon kokenn grèv jeneral ki te koumanse premye me pou egzije jounen travay 8 è tan an. Plis pase 300 mil ouvriye te patisipe nan grèv sa a. Nan jou ki te 4 me 1886, lapolis Chicago te tire sou grevis yo nan sa ki te vin rele Masak Haymarket la. Jounen jodi a, nou selebre premye me, sètadi Jounen Entènasyonal Travayè, pou komemore ewo klas ouvriyè a ki te pèdi lavi yo nan batay Hay Market lan. Atravè lemonn, Premye Me se jou ouvriye ak travayè chwazi pou pran lari pou mande dwa yo epi pou pwoteste kont britalite lapolis. 1890 se te premye grèv entènasyonal Premye Me.

Fòs mobilizasyon ouvriye yo vin fòse leta kapitalis nan anpil peyi obzève Premye Me kòm jou ferye. Men leta kapitalis yo toujou chèche devye lit ouvriye ak travayè nan selebrasyon ak kolaborasyon. Ozetazini se premye lendi mwa sektanm yo selebre “Fèt Travay la”. Ann Ayiti, se depi sou Divalye, Premye Me te tabli ofisyèlman antanke Fèt Agrikilti ak Travay, kote ouvriye ak travayè sipoze kolabore ak patwon ak grandon pou fete epi pou ogmante pwodiksyon an. Se an 1987, ak konstriksyon KSPM, Kòdinasyon Sendikal Premye Me, ki te regwoupe 4 sendika ak plizyè komite ouvriye, klas ouvriye a ann Ayiti vin koumanse reprann sans Premye Me antanke yon jounen batay ak komemorasyon lit li. Se konsa tradisyon lit ak manifestasyon klas ouvriye a jou premye me ann Ayiti vin konstwi piti piti, chak ane, malgre koudeta, okipasyon, ak tè tranble.

An 2009, mobilizasyon premye me yo te deklannche pou egzije ajisteman salè minimòm lan a 200 goud apre salè minimòm 70 goud lan pat  ajiste depi 2003. Mobilzasyon sa yo te gonfle jiska kokenn manifestasyon plizyè milye ouvriye ak etidyan out 2009 yo te vin fòse gouvènman Preval la, nan konfylo ak boujwa soutretans yo, pwomilge ajisteman salè minimòm la a 125 goud pa jou pou soutretans lan, malgre palman te fin vote 200 goud la.

Se konsa tradisyon lit Premye Me yo vin konstwi ann Ayiti, kote Premye Me vin tounen okazyon klas ouvriye a pou manifeste revandikasyon li yo epi relanse lit li yo. Ane sa a, sendika soutretans yo nan Karakòl, nan Wanment, ak nan zòn metwolpolitèn Pòtoprens ap relanse lit yo pou yon ajisteman salè minimòm la 2 mil 500 goud pou piti ansanm ak sibvansyon leta pou manje, transpò, lojman epi ajisteman kont lavichè a ki konn manje tout ogmantasyon yo anvan menm ouvriye yo konn jwenn yo. Epi tou, pou ouvriye yo rive jwenn bonjan sèvis nan ONA ak OFATMA.

Ann tande temwayaj yon ouvriye sou enpòtans batay premye me yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.