Accord 30 août : BSA denonse pwofesè Charles Tardieu ki ba li kou nan do ak plizyè lòt moun li rele enpostè

0
1583

NÒT BIWO SWIVI AKÒ 30 DAWOUT LA Ak AKÒ MONTANA 

Nan yon nòt yo rann piblik, Biwo Akò 30 dawout la ak Akò Montana wete chapo l devan Pèp Ayisyen an pou rezistans l ap fè fas a kalamite gouvènman defakto Ariel Henri – Core Group la ak gang ame yo ap fè l sibi.

Biwo Swivi Akò 30 dawout 2021 an ( BSA) fè opinyon piblik la an jeneral sonje, nan 2 nòt pou laprès li sòti nan dat ki te 29 desanm 2022 a ak 12 janvye 2023, li te deja denonse akò Gouvènman anplas la siyen ak zanmi l yo. 

BSA te tou pwofite fè konnen Montana pa gen anyen pou wè ni sou baz enfòmèl ni sou baz fòmèl ak demach ki mennen nan Akò 21 desanm 2022, yo rele « Consensus National pour une Transition Inclusive et des Élections Transparentes ».

Yon lòt bò, Biwo Swivi a te pwofite okazyon an pou fikse pozisyon fòmèl Montana : PYÈS MOUN OSWA ÒGANIZASYON PA GEN MANDA POU ANGAJE MONTANA NAN OKENN AKÒ SI SE PA ENSTANS KI LA POU SA E KI KLÈMAN IDANTIFYE NAN AKÒ 30 DAWOUT 2021 AN.

BSA te tou pwofite raple nan sa prevwa nan reglèman pou mete Akò Montana an aplikasyon, yon moun oswa yon òganizasyon ki siyen yon lòt Akò angaje pwòp tèt pa l sèlman. 

Nan jan sitiyasyon sa yo, Biwo swivi a fè konnen aprè ankèt pou fouye konnen si moun oswa òganizasyon sila komèt yon vyolasyon grav, BSA nan tèt kole ak lòt enstans Montana yo ap pran dispozisyon ki fikse nan ka sa yo.

Nan sans sa, Biwo Swivi Akò 30 dawout 2021 an ap fè piblik la ak tout moun sa enterese konnen, aprè konsètasyon ak lòt enstans Montana yo, li pran mezi sa yo : 
LI DENONSE KÒM ENPOSTÈ MOUN AK ÒGANIZASYON SA YO KI PAT JANM NAN AKÒ 30 DAWOUT LA, KI SÈVI AK NON MONTANA POU SIYEN AKÒ 21 DESANM LAN

Non ak siyati :
LAZARRE Jean Willy 
Royal M. Jacqueline 
Mackenson Volcy Jules
Francesca Étienne Delius 
Pierre Rodol 
Moncoeur Harry
Komane Omeus 
Pierre Mehta 
Guirand Tarly
Joseph Nathalie Vilme
Lombard Carl Ismael 
Chery Mackenson 
Magoffe Jean Ronald 
Emmanuel François 
Galan Kobenson 
Charles Nadine 
Augustin Carlin 
Olius Rodelene 
Guerrier Garry 
Pierre Jalette 
Marselle Lundad 

Pou fini, BSA denonse ak tout fòs li anpatikilye ka Charles Tardieu a ki te pote kontribisyon l nan pwomosyon Akò 30 dawout la epi ki chwazi ba l kou nan do pou ale fè manèv pou Akò 21 desanm lan jis li rive siyen l epi fè piblisite pou li kòm majò jon. 

BSA fè konnen li toujou rete kole ak demach pale ak tout moun ak tout sektè pou jwenn yon vrè konsansis pou mete kanpe pouvwa tranzisyon koupe fache a. Biwo swivi a voye jete tout demach ki pa vize pi bon kondisyon lavi pou Pèp Ayisyen an ak yon leta ki granmoun tèt li. 

Bidler Nelson 
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.