Vè madichon

0
1053

Vè madichon

Mwen gen lontan
Mwen mete kouve vè madichon sa yo
Nan bwat ogatwa pwezi m.

Sou pewon sen Jak Majè nan kafou tenten
Mwen pral resite yo pou mwen ka voye yon fòkyou
Bay Tonton Sàm ki jouke peyi m nan pak èd imanitè.

Èd imanitè manje ranje dekilakyèl k’ap kwachòkòdize pwodiksyon lakay.
Èd imanitè pete fyèl ki lage tankou yon sansi nan souse san ekonomi peyi m.
Èd imanitè awogans, san koutya k’ap souflete grandèt machè peyi m.
Èd imanitè yèstèdey ki lage yon serenad penzou nan trip tòde timoun lakay.

Mwen gen lontan
Mwen mete kouve vè madichon sa yo
Nan djakout Pwezi m.
Devan chapèl sent doulè,
Mwen pral li yo pou mwen ka pale
Ak Enperyalis yo ki mete bòt sire yo sou kòtòf lestomak enstitisyon peyi m.

Mwen gen lontan
M’ap gade enstitisyon peyi m kanyank kanyank k’ap zoukoutap sou yon falèz degrengolad nan wout Dèdal.

Pwezi sa se pou m chante yon mès popilè ki pa mare sosis li ak levanjil restavèk, kriminèl k’ap preche nan Pawas Fann fwa kitel Mache.

Pwezi sa se yon bòl letènèl ki limen nan begonn lademokrazi pèlen tèt ki antòtye sèvo tijenn peyi m e ki tounen rat plenn pou mòde pye kilti lakay.

James Saint Germain

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.