Daly Valet : Pa gen akò ki ka rezoud anachi

0
1554

Solisyon Gè sivil ak Anachi !

yon tèks Daly Valet

Pi gwo pwoblèm pèp Ayisyen an nan moman an, sè ke pa genyen otorite lejitim nan tèt Leta, aparèy Leta kowonpi jouk nan mwèl epi pa gen volonte politik ni motivasyon ak mwayen serye pou goumen kont dinamik anachik sa.

Madi 28 mas 2023 ((rezonodwes.com))–

Gè sivil la ka rezoud pi fasilman. Paske depi pati ki ap goumen yo jwen akò pou rezoud pwoblèm ki te koz konfli a eklate, lapè ap retounen. Sa ki kle nan gè sivil la chak kan belijeran yo ka deside dezame tèt yo oubyen kenbe zam yo pou sizouka manke konfyans ou byen antant lan pa respekte.

Anachi Ayiti a li menm pi konplike paske gwoup ame yo pa fè okenn revandikasyon e Leta pa deside goumen ak yo. Kidonk se yon sosyete ki eksploze kote tout moun ka viktim.

Omwen nan gè sivil chak kan yo byen defini klèman e chak moun ka chwazi kan yo e goumen pou w defann li. Yon moun gen plis chans pou w pa mouri nan yon gè sivil ke nan yon kontèks anachi ki kreye eklatman sosyal.

Vyolans anachi a avèg.

Chak gwoup ame yo pran zam yo debake nan katye yo vle e kidnape ou byen touye moun yo vle. Nan gè sivil chak kan gen limit yo konnen si yo franchi yo ap jwenn gwo rezistans.

Jis gade chif Loni bay yo sou Ayiti soti fevriye 2023 rive mwa mas la. Gen plis sivil Ayisyen ki mouri nan ti bout tan sa ke pandan tout gè Ikrèn lan. Sa k vle konprann a konprann…

Pa gen akò ki ka rezoud anachi. Sèl solisyon an se yon Leta ki pou deside afwonte gwoup ame jiska dènye grenn polis ak sòlda ak mwayen li genyen disponib e ak èd li jwenn andedan kou deyò. Leta ap dezame fòs anachik ki ame yo ak lafòs ou byen ak dyalòg.

Apre sa, yon pouvwa lejitim ap deside rekonstwi Polis la ak Lame a, remanbre Leta a nan tout nivo pou anachi pa retounen ankò, relanse ekonomi an san enjistis sosyal epi pwogram jistis, rekonsilyasyon ak reyensèyon sosyal pou ansyen lidè ak manm gwoup ame yo ki pa t mouri pandan operasyon Leta te lanse pou konbat anachi a.

Pi gwo pwoblèm pèp Ayisyen an nan moman an, sè ke pa genyen otorite lejitim nan tèt Leta, aparèy Leta kowonpi jouk nan mwèl epi pa gen volonte politik ni motivasyon ak mwayen serye pou goumen kont dinamik anachik sa.

Kidonk popilasyon an fenk komanse ap viktim pa makonn fayit Leta a ak ipokrizi entènasyonal la.

Daly Valet

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.