Sa se jou an m

0
1112

Sa se jou an m
——————-

Jodi a se yon jou fè nwa
Tout tèt gridap pa gen gaz
Chak moun yonn ap fwape ak lòt
Tankou foumi fou k ap kouri pou lapli

Jodi a se yon jou malfini ak chòvsourit
Tout lanwit se la jounen tèlman fè nwa
Anba tout konfizyon ak panik
Machann peyi yo ap mete pèp ayisiyen

Jodi a se yon jou chodyè vid monte tab
Timoun san manman ak papa
Ap pede kwiye pou manje
Tout dife chabon etenn nan bouda bouki

Jodi a se yon jou pou m rale yon etwal
San yon boul kwistal pou m ka wè twou foban
Nan bouch awousa dan plen panyen pou yon boul bòlèt
Mwen se yon natif natal sous libète

Jodi a se yon jou pou m chita gade solèy la
Mensi mwen paka wè manzè lavi sou k ap dodinen
Tankou kalbas kap woule nan yon rivyè deseche
Kote malpouwont finn dechennen

Jodi a se jou pou m sanble tout fòs mwen
Pou m di ase twòp zonbi ap fè m filalang
Nan peyi ak chapo san tèt
Ou gen rezon yo t gentan di w sa dyòl san dan

Jodi a se jou kote tout dan rachòt pwal fè arimay
Nan tout kwen ak rankwen pou yo jwen yon moutòl
San gwès ak afwiba epi yon tèt piman bouk
O pa gen dlo e pa gen krich nan wonn lan

Jodi a se jou mwen fout bouke a
Se jou pou m desann pantalon mwen
Pou fè dada mwen pale ak yo
Yo menm menm ki chita sou zorèy yo y ap pete sou mizè an m

Elco Saint Amand

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.