Ayiti : Asasen nan Leta makonnen ak lòt pou pilonnen Dwa Moun

0
731

Asasen  nan  Leta  Makonnen  ak  lòt  pou  pilonnen  Dwa  Moun  nan  Peyi  dayiti  malgre egzijans Lwa Nasyonal kou Entenasyonal

Pòtoprens, Ayiti 22 Mas 2023 ((rezonodwes.com))–

Òganis Dwa Moun ECCREDHH pa gen  mo pou kalifye  zak kap fèt  sou  popilasyon  Ayisyèn nan. Pou premye  fwa nan istwa n pèsonn pa epanye  ak bal bandi,  kidnapin,  zak sasinay,  mete  dife,  lenchay elatriye. E nou pataje senpati nou ak tout fanmi ki viktim yo.

Òganis Dwa Moun ECCREDHH refize kwè moun ki nan Leta ta konplote ak gwoup ame kont tout yon popilasyon pou asasinenl. Paske Konstitisyon an 1987 fè obligasyon ak Leta pou garanti Vi , Byen ak Sekirite popilasyon an.

Kouman pou bandi ak gwo zam fè ap simen dèy toupatou?

Kouman bandi ak zam fè alèz kou blèz pou opere tout kwen nan peyi a san lapèrèz?

ECCREDHH kwè ensekirite sa a, se otorite yo menm ki kreye l pou ka kontinye kenbe pouvwa san yo pa òganize eleksyon.

Se pou tèt sa nou mande popilasyon an pou li bay tèt li jistis nan pratike dezobeyisans sivil.

ECCREDHH ap denonse tout asasen ki deside sakrifye avni tout pitit peyi a pou pwòp enterè pèsonèl yo. Otorite yo telman sinik, lavi moun pa gen oken sans nan zye yo.

Popilasyon pa kapab anko nan kouri monte, kouri desann kòz tout zòn bandi ap feraye epi pran kay an otaj, vyole tifi ak granmoun.

Koman moun ak zam tap fè alèz si pat gen konplisite ak moun ki nan leta?

Pou sa kap pase Anlè Petyon Vil, Medivye, Laboul, Malik, Taba, Wout frè, Kenskòf, Bèlè, Solino, Site Solèy poun site sa yo sèlman, pou okenn repons pa pote pou pèmèt moun viv.

Apati jodi a nou konvenki, konviksyon nou fèt sou sa kap pase nan peyi dayiti. Nou fas ak yon Leta Ganstè. Nou klè sou sa. Yon Leta kap finansye gwoup ame.

Komanse   depi   nan  premye   minis,   minis,   sekretè   deta,   direktè   Jeneral,   tout   fè   pati  rezo   sa. Ariel Henry se premye pèsonaj, premye majò jon rezo sa ki gen san popilasyon sa sou men l.

Pou Otantifikasyon :

Me Gesnel PIEERE, Av. Kowòdonatè Jeneral ECCREDHH
Me Louimann  MACEUS,av Sekretè Jeneral  ECCREDHH.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.