Bandi atake 2 lekol piblik lendi nan Pòtoprens, 4 jou apre chita pale ant mouche Manigat ak manzè Emmelie Prophète sou « sekirite lekòl yo »

0
1384

4 jou apre mouche Manigat ak manzè Emmelie Prophète, te finn bay yon cho medyatik sou kijan yo konte asire sekirite elèv lekòl yo, pou yo ka montre ke yo itil toujou eke yo gen kontwòl sitiyasyon nan men yo, bandi san fwa ni lwa debake lendi nan 2 lise nan kapital la.

Zak sa montre yon lòt fwa ke peyi DAyiti pa gen pyès moun kap dirije’l e ke se pale met la kap fèt nan la Près san pa gen pyès aksyon serye ki poze ki te ka rive met fen nan zak bandi yo tout bon vre.

Kominike pou laprès 

MENFP denonse e kondane aksyon plizyè endivi ki vini twouble fonksyonman lise Marie Jàn  ak lise Jèn Fi, nan Pòtoprens, jodi lendi 13 mas la. 

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyònèl (MENFP) denonse aksyon plizyè endividi malonèt fè devan ak nan lakou lise Jèn Fi ak lise Mari Jàn, nan Pòtoprens, pou twouble fonksyonman lekòl sa yo, jodi lendi 13 mas 2023 a.

Pami endividi sa yo, genyen ki te pote inifòm lise, ak lòt ki te gen kagoul nan tèt yo ak brasa nan men yo. Yo kraze baryè, kraze vit plizyè machin, desann drapo e fè menas pou yo ka fèmen 2 lise sa yo.

Se gras ak entèvansyon Lapolis ki fè plis dega pa rive fèt.

Ministè a denonse e kondane aksyon endividi sa yo e mande tout aktè, tout patnè ak tout sitwayen pou yo kontinye mete men pou defann dwa pou lavi ak dwa pou ledikasyon timoun yo, e pwoteje lekòl.

MENFP kontinye di pa gen avni san edikasyon, pa gen peyi san edikasyon.

Lekòl se pi gwo zouti pou nou sove sosyete sa a ak timoun yo. 

Biwo kominikasyon/MENFP

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.