Dènye Fondman Repiblik la fin kraze!

0
935

Vandredi 3 mas 2023 ((rezonodwes.com))–

Li klè peyi a pat janm dirije ni gen dirijan…Pa gen dout sou kalte savann Ayiti tounen depi kèk deseni. Men dènyen zak ensekirite briganday kòmansman mwa Mas 2023 yo se yon dènye klou nan tout apse peyi sa pwodwi. PNH la arive pèdi kontwòl tout zòn Metwopòlitèn lan. Kapital Pòtoprens livre totalman anba lalwa gang! 

Kestyon ki rete koulya pou’n poze: Eske se pat ajenda a sa ki te sou papye? konbyen mwa entèvansyon militè a pral dire? Eske se pral yon lòt okipasyon etranjè manch long pou pwoteje elit estatiko yo? Oubyen eske yap tou mare kèk eleman jenan nan elit yo pou trase yon ekzanp e bay yon lòt sinyal? 

Eske gouvènman Ariel Henry a pral benefisye okipasyon militè ak sipò Kanada pou rive òganize eleksyon ilejitim epi konteste nan lide Ayiti ap toujou rete an mòd kriz san fen? Eske sik kriz ki pap janm fini nan peyi an pa yon biznis enpotan ki planifye davans? 

Eske Kominote entanasyonal la antisipe aksyon nominasyon 8 jij Lakou kasasyon yo? Ki sinyal moral, legal gouvènman an vle voye? Ki enpak e konsekans nonimasyon sa yo pral gen sou lajistis ak lejitimite eleksyon yo nan kad kontestasyon elektoral? 

Yon peyi livre san dirijan ni lidè ak enstitisyon; Yon Leta san plan sekirite ni mwayen pou pwoteje lavi sitwayen l ak byen ki sou tèritwa l; Yon sosyete sivil japwouv ak sektè prive pouryanis; montre a klè: Peyi sa pa merite pou li mèt tèt li. 

Wi, Ayiti pa merite pou gouvènen tèt li! Nou pa gen moun! Si gen moun konnen yo lach, yo nan diaspora a oubyen yo asosye yo ak mechan yo pandan yap pran pòz plenyen. Kominote entènasyonal pa responsab iresponsabilite epi lachte nèg ak fanm Pòtoprens… Sinon degaje  bay pèp nou sekirite ak kondisyon pou l viv tankou moun! 

Etranje ap kontinye mete esklav yo vle dirije nou jis lè gen yon jenerasyon Ayisyen kouraje ki mete espri klanik ak Patizan, espri sitirè ak souflantchou de kote pou idantifye tout malandren, krimininèl anba kostim politisyen oubyen kostim biznisman ki lage peyi an kote l ye jodia. Yon jenerasyon ki va kanpe pou ba yo katwon wouj, voye yo nan retrèt al manje sa yo te fè pandan lap remanbre lajistis pou mete yo nan depo. 

Anfen, Ayiti rive nan yon kafou sansib menm jan ak 1986. Peyi an dwe pran yon lòt direksyon jenerasyonèl pou fonde yon lòt Ayiti. Men sistèm sèpan ak rezo santralize Pòtoprens lan kontinye ap manipile tout kat politik yo pou yo resikle estatiko an. Yo nan tout akò politik, tout reyinyon entènasyonal malgre yo pwouve deja ke yo pa gen okenn plan pou chanje lavi Ayisyen ni pou bay rezilta nan seksyon kominal yo. 

Lè fondman yo fin kraze kisa sitwayen ki dwat ak onèt yo fè? Kisa Nap fè? 

Gumais Jean Jacques 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.