Tafa Mi-Soleil pral sòti yon EP nan kèk jou

0
774

Ansyen chantèz label EvazyonMizik la Tafa ap sòti yon nouvo pwojè nan yon ti tan ki pa twò long. Se sa jounalis kiltirèl Carel Pèdre fè konnen nan yon pòs li fè sou kont twitter li ayè 21 fevriye a aprè l te fin chita pale ak atis la.

« Nan kèk jou ⁦@SoleilTafa pral soti yon nouvo EP. Nou Chita pale de li ak anpil lòt bagay ankò! #chokarella« , deklarasyon jounalis la sou twitter.

Aprè 2 lane san li pa sòti okenn mizik, Tafa Mi-Soleil pral lage yon EP ( Extented Play ) pou tout fanatik li yo. « M renmen nouvo Tafa a! », toujou pawol animatè a pou fè elòj pou atis la. 

Yon lòt bò, chantèz la ki te gen gwo pwoblèm ak ansyen label li pa janm rive bay piblik la eksplikasyon sou separasyon l ak EvazyonMizik.

N ap raple sel grenn pwojè atis la anba label EvazyonMizik te pran lari nan mwa jen 2021. Yon EP ki te pote non « Reponn » ki te gen 7 mizik pami yo gwo siksè Chita tann ou ak Mizik Sove Vi M.

Bidler Nelson 
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.