W ap konn Jòj ! kote ekspresyon sa soti…

0
1392

Se pa jodi a n ap tande Ayisyen k ap lanse gwo menas bay lòt Ayisyen parèy yo nan itilize ekspresyon « W ap konn Jòj ».  Ou ka tande yon Ayisyen di, an ! ou pa p remèt mwen lajan an ! ok ! an ! ou menm ki poze aksyon sa ! ou rete la toujou… ! ebyen ok, W ap konn Jòj, mwen pral fè w konn Jòj. Otorite yo kase kès Leta, si lajistis te gen nen nan figi l, li t ap fè yo konn Jòj. Ou ka tande tou, m ap fè w konnen poukisa Georges pran S an franse tande ! nan sans m ap fè ou respekte moun. Pafwa, lè Ayisyen an fache, eskpresyon sa souvan glise anba lang li pou eksprime kòlè, mekontantman, elatriye.

Jodi a ekspresyon « W ap konn Jòj » la antre nan patrimwàn lengwistik pèp ayisyen an danbann. Li menm rive janbe fwontyè ale nan peyi blan meriken. Ayisyen ki nan peyi Tonton Sam menm rive vire koze a nan jan pa yo: “W ap konn Jòj ak tout Jòjèt nan Jòjya”. Alòs, Jòjya se yon Eta nan peyi Etazini. Men, an nou poze yon kesyon. Èske gen anpil Ayisyen ki janm chèche konnen vrèman kote menas sa a soti vin tabli kò li nan sosyete ayisyen an konsa?

Kounye a li enpòtan pou nou konnen kote ekspresyon W ap konn Jòj sa a soti. Nan chita anba bouch moun ki wè kèk jou avan nou, nou rive fè limyè sou dosye sa a. Nan yon tèks Madanm Marie Andrée ÉTIENNE (Mariedesîles Étienne/Madanm Frankétienne) pataje ak nou, nou rive jwenn rasin kote koze « W ap konn Jòj » la ta soti. Anvan nou rive konnen kote W ap konn Jòj soti, li enpòtan pou nou konnen, kiyès ki te Jòj la. Kiyès Jòj te ye? Jòj, se te yon ougan(bòkò), se te tou yon gwo tonton makout 57, li te pami premye rejiman makout Divalyeris 1957 yo. Mouche sa a te menm rive chèf biwo politik nan blòk kote li te rete a sou rejim boutdi Divalye premye vèsyon an. Mete sou sa, Jòj te Chèfseksyon tou pou zòn Bolòs, Fontamara ak Matisan nan Pòtoprens, Ayiti. Jòj pa te byen konn li, daprè sa ki rapòte. Se anba gwo goumen pou Jòj rive fè lèt J ki nan Jòj la. Men, nonm sa a te toujou pote zam sou li. Sa vle di, ou pa gen dwa rankontre ak Jòj pou li pa gen zam epi gwo linèt nwa nan je li. Pafwa li abiye an ble ou ka jwenn mouche a tou an nwa ak de revòlvè bò ren li. Ou pa ta di se Zowo, yon ewo ki nan fim lejand meksiken yo. Malgre vizaj Jòj te makawon tankou siray, sa pa te anpeche li konpòte tankou yon sipèsta nan zòn nan, kididonk, yon pedan. Plaka vizaj degoutan ak orijin sosyal pwoletè Jòj te rann li vin pi konplekse toujou. Li te kwè nan tèt li anpil. Depi ou gade Jòj yon jan ki pa fè li plezi, ou te deja anba chaplèt. Jòj pa te pè Pap alewè pou li ta pè Pè. Li pa te jwe ak pèsonn. Jòj te achte bouda moun lajankontan. Jòj pap rate yon segond pou vide baton sou tout moun ki ta vle inyore otorite li. Si yon moun pa ta konnen Jòj se tankou se yon krim moun sa ta komèt pou chèf makout sa a. Tout moun te oblije konnen non Jòj. Jòj te tèlman brital, sa rive li frape nenpòt moun nan zòn nan, gen tò oubyen rezon, sa pa te mele Jòj.Se gwo kout kokomakak, gawòt, raso, kout baton, kout frèt nan rèl do. Sof chèf ki te pi wo pase Jòj li pa te frape. Istwa rapòte, Jòj te toujou sou. E pou Jòj fè jijman, se baton li te rale an premye. Moun ki te konnen sekrè Jòj fè konnen, sèl fason pou Jòj sispann kale yon moun, se lè moun nan rele Viv Divalye ! Lè sa, li bay prizonye a oubyen moun ki anba men li an yon souf. Lè yo arete yon moun mennen li nan biwo lwijanboje sa a, Jòj di moun nan : « Ou pa konnen kote w ye la ? Ou pa konnen m ? Mwen pral fè w konnen m ! W ap konn Jòj !» Men kijan koze W ap konn Jòj la ta pran nesans. Se konsa, moun ki te abite zòn Bolòs ak nan katye ki toupre yo te konnsouvan di lòt moun : « anmède kò w, wa wè si m pap fè w konn Jòj”. Gen moun nan zòn Bolòs ki ta menm rakonte, Jòj te arete yon madanm ki te rele Damokliz paske li te pase sou Jòj li pa di Jòj bonjou. Malerèz sa se te yon lesivyè sa vle di li te konn lave pou moun pou bay kèk kichòy tankou ti grapday monnen, manje ak rès rad, pafwa.

Ronald A. DERENONCOURT rakonte nou, jou yo te touye gwo makout ki te rele Tibobo a sou Granri, anpil moun nan Bòlòs te konprann se te Jòj, tèlman yo t ap tann lanmò mouche sa a. Nan yon lòt ribrik, n ap di vrè non Jòj, kijan li mouri epi nan ki zòn. Se konsa ekspresyon sa a t apral kòmanse gaye nan tout peyi a, sou pwent lang tout Ayisyen kòm yon eritaj. W ap konn Jòj vin tounen yon menas, yon presyon, yon pinga pou yon advèsè oubyen pou anonse yon malèpandye ki pral rive oubyen ki ka rive. Men, jenerasyon 1980 ak 1990 yo ki pa te byen konnen orijin W ap konn Jòj la ta mare espresyon sa ak de (2) ansyen prezidan peyi Etazini (Georges Herbert BUSH papa ak Georges Walker BUSH pitit la). Karaktè towo gwonde petefyèl ak belijeran ansyen prezidan ameriken sa yo ta fè kèk ayisyen panse se bò kote yo ekspresyon W ap konn Jòj la ta soti. Pou kounye a, nou gen lapè ak kesyon sa, nou konnen rasin ekspresyon W ap konn Jòj la. 10 000 goud pou Ayisyen ki nan dyaspora peye chak ane a parèt tankou yon gwo menas paske se yon sèl kout kle otorite yo foure li. Tankou Leta di, si ou pa peye li, W ap konn Jòj !

Iléus PAPILLON

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.