Etazini : Lajistis mande pou mete 25 lane anplis sou kondanasyon atis R. Kelly

0
1246

Lajistis meriken mande pou mete 25 lane anplis sou santans atis R. Kelly 

Alòs ke li ta dwe pase 30 lane nan prizon, lajistis federal ameriken mande jij ki sou dosye chantè ameriken R. Kelly pou l mete 25 lane anplis sou santans atis la. Ansanm pwokirè yo akize chantè a pou zak pònografi li ta fè ak timoun.

Batri avoka leta federal k ap jere dosye a te fè rekòmandasyon pou ajoute 25 lane sou santans chantè a jou ki jedi 16 fevriye a nan tribinal. Si rekòmandasyon an apwouve, atis la riske jwenn yon ka syèk anplis sou 30 lane yon lòt jij federal te enpoze anvan nan yon dosye Nouyòk gen kont chantè a.

Avoka k ap defann atis la fè konnen nenpòt santans yo ta bay kliyan an ki depase 30 lane ka konplike liberasyon li aprè l fin pije pèn li e riske fè l pase tout rès vi l nan prizon. 

N ap raple atis la ki gen 56 lane sou bwa tèt li ta dwe libere lè li va gen laj 100 lane si jij la dakò ak dezyèm rekòmandasyon lajistis federal la alòs ke esperans vi yon prizonye peyi Etazini se 64 lane.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.