Plizyè siyatè Akò Montana mande pou moun onèt, entèg, konpetan ak patriyòt mete tèt ansanm pou retire peyi a anba grif atoufè

0
927

Pòtoprens 31 janvye 2023 ((rezonodwes.com))–

Òganizasyon ak pati politik siyatè anndan Akò Montana ki siyen nòt sa,  salye kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen an, malgre difikilte tout kalte kontinye batay pou konstwi yon sosyete pou lavi  boujonnen. N ap pwofite atire atansyon nou sou wout malèpandje peyi a ap pran kote lavi ak byen sitwayen fanm tankou gason  pa genyen okenn enpòtans nan je otorite Leta yo ak kominote entènasyonal la k ap sipòte pouvwa sa.

Pandan 18 mwa, Premye minis defakto a ap dirije peyi a kont tout rès sosyete a, tout moun konstate kondisyon sosyal ak ekonomik popilasyon an vin pi mal, mete sou sa okenn jefò pa fèt pou rezoud pwoblèm ensekirite a ki tounen yon priyorite nasyonal.

Se chak jou ki jou gang yo ap deplòtonnen yon nivo vyolans san parèy sou popilasyon an  kote gouvèlman  ap asiste, lè toutfwa li  pa konplis. Konpòtman sa pwouve gang yo se bra ame pouvwa a. Nan sans sa vyolans tounen veritab politik piblik pou pouvwa a, nan lide pou anpeche popilasyon an revòlte kont move kondisyon lavi k ap depafini ak li.

Silans konplis pouvwa a douvan seri zak vòl, vyòl, kidnapin ak sasinay sou popilasyon an ak polisye yo se ekspresyon nivo sinik manm gouvèlman sa ak alye li yo. Seri mobilizasyon polisye yo  kont vyolans  nan dat 26-27 janvye akoz sasinay kòlèg yo anba bal bandi san fwa ni lwa mete premye minis Ariel Henry ki deja pat gen lejitimite, toutouni. Li  pa t janm gen  konfyans popilasyon an, jodi an li pèdi otorite l sou lapolis ki se prensipal fòs  pou asire sekirite peyi a, kidonk li pa gen otorite pou l kontinye dirije peyi a.

N ap pwofite moman sa pou voye senpati nou bay zanmi, fanmi ak paran tout polisye ki pèdi lavi yo anba machin lanmò pouvwa anplas la.  Zak vòl, vyòl ak sasinay k ap fèt sou popilasyon an ak polisye yo se ekspresyon  mechanste dirijan yo  ki vle kenbe pouvwa a sou san yon pèp ki tounen mati.

Douvan Katchouboumbe sa  ki plonje peyi a nan yon twou san fon, n ap lanse yon apèl solanèl bay tout aktè politik ak  sosyete sivil la pou prese prese antre nan konsètasyon pou jwenn yon fòmil pou n  retire peyi a anba grif dirijan iresponsab sa yo ki kenbe peyi a nan wont ak lamizè.

Mezanmi, moman an rive pou moun onèt, entèg, konpetan ak patriyòt mete tèt ansanm pou n retire peyi a anba grif atoufè sa yo, Nou mande popilasyon an rete mobilize pou jouk nou kondi  peyi an sou chimen pwogrè ak Devlòpman.

Viv yon konsansis lajman laj nan mitan nanchon an !!!

Òganizasyon ki Siyen :

  1. Hugues CELESTIN, Inisyativ Patriyòt Maryen (IPAM)
  2. Jean Paul BASTIEN, Altènative Sosyalis (ASO)
  3. Duclos BENISSOIT, Kolektif Sendika Haitien pou Rèspè Konstitisyon (KOCHAKO)
  4. Antoine AUGUSTIN, Mouvement Travailleur Citoyen (MTC)
  5. Josué MERILIEN, Konbit Òganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè (KONBIT)

 Pou Otantifikasyon : _______________________

Josué MERILIEN
KONBIT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.