Daly Valet : Sa k ap regle Ayiti a se pa yon koze gang, ni bandi, se yon gwo konplo!

0
2122

Gwo konplo !

yon refleksyon Daly Valet

Dimanch 29 janvye 2023 ((rezonodwes.com))–

Se klè kou dlo kokoye sa k ap regle Ayiti a se pa yon koze gang, ni bandi. Se pito estrateji klasik gwoup paramilitè ki deside kraze Leta ki responsab gouvènans yon peyi.

Mwen kòmanse gen bon jan prèv materyèl gen yon peyi etranje ki ap founi gwo zam deguè bay gwoup ame yo Ayiti atravè yon rezo byen monte. Mwen gen bon jan prèv materyèl. Se sa ki motive m ekri pòs sa maten an.

Se te toujou ipotèz mwen nan jefò entèlektyèl pou m konprann sa k ap pase Ayiti la depi kèk tan ak koze gwoup ame sa yo nou rele gang lan. Ayisyen ap detui pwòp peyi yo ak konkou e nan kad pwojè makyavelik peyi etranje ki jis vle wè Ayiti detui pakanpak. Se pa yon ti jwèt k ap jwe la Ayiti ak koze bandi yo. Sa pa p fini ni pita ni demen. Sitou pa gen Ayisyen ki nan enterè Ayiti k ap dirije peyi a.

Lè nou wè mwen pa pale de politik e se de dyab baka Ajantin yo m pale, sèke se jefò m ap fè an silans pou m rive konprann dinamik vyolans ak tout kalte destriksyon k ap sekwe Ayiti yo la san pran souf.

Peyi etranje sa ap regle kont istorik li ak Ayiti nan ame gwoup nou rele gang yo epi destabilize Ayiti, mete l tèt anba jiskaske Ayiti pa peyi ankò e kote Leta a disparèt. Yo tou pre reyisi nan konplo sa. Se peyi sa ki ap premye benefisyè sou tout plan de destriksyon Ayiti. Peyi etranje ostil sa ap pratike teyori gran estratèj chinwa ki rele Sun Tzu ki nan liv klasik li a ki rele  » L’ Art de ka Guerre « . Liv sa anseye ki jan yon peyi ka detui yon lòt peyi san l pa tire yon kout peta. Pa gen lagè dekkare men gen lagè.

Sun Tzu se youn nan pi gwo teyorisyen nan kesyon lagè bò kote Italyen Machiavel ak Alman Van Clausewitz. Ayiti pran nan gwo konplo nasyonal ak entènasyonal pou detui l.

DV

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.