REPT mande : ‘’Envesti nan moun, fè edikasyon yon priyorite’’

0
770

Pòtoprens, 24 janvye 2023

Nòt pou laprès

Nan okazyon 24 janvye sa ki make senkyèm Jounen Entènasyonal ledikasyon, Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) ap atire atansyon gouvènman an plas la ak popilasyon an sou nesesite pou fè ledikasyon tounen tout bon vre yon priyorite nan peyi a kote tifi ak tigason gen menm posibilite pou ale men tou kote yo ka jwenn yon bon kalite edikasyon san okenn diskriminasyon sou baz sèks yo, kote tou tout timoun k ap viv avèk yon defisyans nan kò yo oubyen nan lespri yo, tout jenn ak tout granmoun gen menm posibilite pou jwenn bon kalte edikasyon, tout tan n ap viv.

Ledikasyon pa dwe priyorite nan bouch sèlman. Li dwe yon priyorite pou tout moun ka jwenn li. Fòk tout moun ladann. Se yon dwa tout moun genyen pandan tout vi nou jan manman lwa peyi a ak enstriman entènasyonal Ayiti ratifye yo di sa.

Nou menm nan REPT nou konstate zafè edikasyon an pa yon priyorite pou otorite yo lè n ap gade eta pifò lekòl piblik nan Pòtoprens, nan lòt vil nan peyi a ak nan seksyon kominal yo ak lè nou gade tikras mwayen fonsyonmam yo genyen anpil nan yo ki pa menm genyen yon bon lokal pou resevwa elèv yo  ak materyèl yo.

Nou ka pran tou kòm egzanp bidjè leta ki pa sispann ògmante pandan y ap diminye lajan yo mete pou edikasyon. Nan bidjè lane 2021-2022, te genyen 13.1% ki te konsakre pou edikasyon. Nan nouvo bidjè 2022-2023 a, Leta mete l nan 11.2%. Kidonk, yo retire preske 2% nan bidjè edikasyon an. Sa montre aklè kòman otorite yo pa bay zafè edikasyon enpòtans alòske sitiyasyon popilasyon an vin pi difisil, kote mizè ak povrete ak ensekirite ap kale manman ak papa pitit.

Ane sa, Jounen Entènasyonal edikasyon ap selebre anba tèm : ‘’Envesti nan moun, fè edikasyon yon priyorite’’. Pou nou menm nan REPT, bon kalte ledikasyon pou tout moun se yon priyorite. Nou kwè tou, si nou vle mete peyi a sou wout transfòmasyon, pi bon kondisyon lavi, devlopman ak pwogrè, li nesesè pou Leta envesti nan edikasyon epi fè l tounen yon priyorite nan reyalite a.

Nan sans sa, n ap mande gouvènman ki la ak manm meri ki la yo kòm yon kolèktivite teritoryal yo pou pran responsabilite yo. Pran responsabilite a pa vle di konstwi kèk lekòl sèlman. Nou mande pou piti pou Leta mete nan aplikasyon plan 2020-2030 sou edikasyon an tout bon vre.

Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) ap renouvle detèminasyon l pou l kontinye batay tout kote nan peyi a pou ranfòse kapasite pledwaye manm nan  popilasyon an nan lide pou defann  dwa yo genyen pou jwenn edikasyon. Nou envite òganizasyon sosyal, demokratik ak popilè, yo menm tou, kontinye goumen pou fè edikasyon tounen yon priyorite tout bon vre nan peyi a.

_____________________                                                  

William Thélusmond

Dirèktè Egzekitif REPT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.