Platfòm Montana | BSA: Wa Ariel san kouwòn « pa gen yon kras lejitimite ankò » depi 9 janvye

0
1943

« Inyon Ewopeyèn pa wè’l konsa, epi anbasadè Lafrans ak Espay nan peyi Dayiti panse se nan tan koloni nou ye toujou, nan enpoze esklav ki gen talan vinn travay pou yo ka kontinye galonen. San yo pa jenen yo aplodi yon bagay ki gen anpil fo siyati ladan’n« , dapre lidè dwa zimen doktè Josué Renaud, reskonsab òganizasyon NEHRO.

NÒT PIBLIK BSA AKÒ 30 DAWOUT 2021 an / AKÒ MONTANA A

Avan yè 11 janvye, de jou sèlman apre fen manda tyè sena a, ki fè pa gen Palman ankò
ni okenn lòt eli nan tèt Leta a ankò, pouvwa defakto a, ki pa gen yon kras lejitimite ankò,
fè soti yon arete nan jounal repiblik la, Le Moniteur, yon dokiman yo rele « Consensus
National pour une Transition Inclusive et des Élections Transparentes » ki pote dat 3
Janvye.

BSA a deplore sitiyasyon vid konstitisyonèl sa a ki se rezilta jesyon diferan
vèsyon pouvwa PHTK yo ki pran abitid pa janm reyalize okenn eleksyon lè pou sa fèt.
Jan Platfòm Montana te denonse l deja nan konferans pou laprès ak nòt piblik 29
desanm 2022 a, mannèv malonèt ki abouti a akò 21 desanm la, pa gen lòt objektif pase
kouri òganize eleksyon pike kole pou y al mete nan tèt Leta a moun ki ka pèmèt yo
kontinye jwi privilèj ak piye Leta an tout enpinite, atravè enstitisyon Leta ki nan men yo
déjà, tankou Ladwann, DGI, APN, ONA, BMPAD, elatriye.

Men tou, pou fasilite deplwaman twoup etranjè yo sou sòl nasyonal la pandan y ap ankouraje pitit peyi a ki fin pèdi lespwa kontinye al mande lazil toupatou nan rejyon an Amerik. Plan makab kèk aktè nan entènasyonal la ak pouvwa anplas la ap kontinye pi rèd.

Platfòm Montana a pa gen anyen pou wè, ni sou baz enfòmèl ni sou baz fòmèl ak
demach ki mennen nan Akò 21 desanm 2022 a. Se yon seri aktè pou pwòp enterè
pèsonèl pa yo mete ansanm pou y al konfime epi andose bilan katastwofik Premye Minis
anplas la entènasyonal la te mete sou pouvwa ak tout gouvènman l lan epi pwolonge
manda defakto yo a pou 14 mwa ankò. Dayè gen plizyè Minis ladan l ki tonbe anba
sanksyon Ameriken ak Kanadyen pou asosiyasyon malfektè. Men pèp Ayisyen an gen memwa
.

Platfòm Montana a ap denonse ak tout fòs li yon seri izipatè ki pran yon malen plezi sèvi
ak non Akò Montana a pou pran woulib pou al negosye pòs ak ti moso pouvwa nan Akò
bouyon rechofe 11 septanm 2021 an.

BSA a ap raple pou opinyon piblik la an jeneral, sa ki te di nan konferans pou laprès ak
nòt piblik 29 desanm la, nan kad desizyon ki te pran ak eli yo ak tout ògàn e enstans Akò
Montana yo ki te nan retrèt ansanm lè sa a, ki fikse pozisyon fòmel Montana a : PYÈS
MOUN OSWA ÒGANIZASYON PA GEN MANDA POU ANGAJE MONTANA NAN OKENN
AKÒ SI SE PA ENSTANS KI LA POU SA E KI KLÈMAN IDANTIFYE NAN AKÒ 30 DAWOUT 2021 AN. Jan sa prevwa nan règleman pou mete Akò Montana a ann aplikasyon, yon moun oswa yon òganizasyon ki siyen yon lòt akò angaje pwòp tèt pa l sèlman.

Apre ankèt pou fouye konnen si moun oswa òganizasyon sila yo komèt vyolasyon grav sa a, BSA a nan tèt kole ak lòt enstans Platfòm Montana a ap pran dispozisyon ki fikse nan ka sa yo.

BSA pwofite okazyon an pou rasire tout siyatè Akò 30 dawout la ak tout popilasyon an
jeneral, l ap kontinye rete fidèl a misyon yo te konfye l la : ki se jwenn ansanm ak lòt
aktè nan sosyete a yon solisyon ayisyen dirab pou soti peyi a nan kriz k ap boulvèse l la.

Platfòm Montana a ap kontinye travay ak menm detèminasyon an, menm rigè a, menm
sans patriyotik la, menm sans responsabilite ak ni aktè nasyonal yo ni aktè entènasyonal
yo pou jwenn yon veritab konsansis laj ki pran an kont prensipal pwoblèm fondamantal
ki fè peyi a plonje nan kriz grav sa a epi tabli ansanm, yon tranzisyon ki jete baz koupe
fache ak sistèm tradisyonèl la kap pèmèt louvri wout pou nouvo Ayiti nou vle konstwi
a.

Entèlijans politik, òganizasyon, rezistans, mobilizasyon sitwayèn, se limyè k ap klerechimen viktwa pèp la !

VIV AKÒ MONTANA
VIV YON TRANZISYON KOUPE FACHE

karikati: Castro Desroches

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.