Ki kategori Ayisyen k ap viv USA ki pa kapab esponsò pou moun ann Ayiti?

0
3580

Atik sa pa bay enfòmasyon sou nouvo program imigrasyon Biden lan ni sou kijan pou Aysyen ranpli fòm I-134A lan pou yo mande imigrasyon amerikèn pou otorize on fanmi yo oswa on zanmi yo rantre USA. Gen anpil jounal ki pale de sa ak jounalis ki fè live sou sa deja. Li pito pale de kèk ti enplikasyon yo ka rankontre apre yo fin soumèt fòm lan. 

Tout dabò, an défini kiyès ki Aysyen kap viv an Ayiti.

Yon Aysyen kap viv an Ayiti se on Aysyen ki pa jam kite Ayiti oswa yon Aysyen kap viv nan yon lòt peyi ilegalman oswa san rezidans peyi sa. Lwa sou imigrasyon konsidere Aysyen kap viv san papye nan peyi lòb bò dlo kom Aysyen kap viv an Ayti. Kidonk yo tout elijib pou benefisye de program lan. Te m raple w ke on Aysyen kap viv san papye USA elijib pou program lan tou. Sof ke, lè demand dantre yo a approuve, mem jan ak sa ki nan lòt peyi etranje yo ilegalman, yo ka oblije rantre Ayiti pou yal fini prosesis la. Li klè ke on Aysyen ki natiralize oswa ki gen rezidans nan lòt peyi pa elijib pou program la paske yo pap viv Ayiti ankò selon konstitisyon aysyèn lan. 

Kounyea, an n gade ki Aysyen ki elijib pou yo vin on esponsò.

Se pa sèlman Aysyen kap viv USA ki ka esponsò on Aysyen kap viv Ayiti. Nenpòt moun kap viv legal USA, kelte Ameriken, Kanadyen, Dominiken, Chinwa Risyen, oswa Meksiken ka esponsorize on Aysyen kap viv Ayiti. Sepandan, an plis ke fòk moun nan legal nan USA, fòk li ka an mezi tou pou l sipote tèt li finansyèman avan ke l vle sipòte yon lòt moun. 

Sa vle di ke Haïtien ou moun ka viv USA legalman ki pap travay oswa kap viv anba liy povrete a [poverty line: ki fè mwens ke $15.000 pa ane an mwayèn], ki nan welfare, ki nan food stamps ki nan program housing, ki dwe leta kòb taks ak kòb prè etidyan, ki gen move kredi, ki nan problèm ak lalwa ka on esponsò men yo ka gen difikilte pou imigrasyon aprouve demand yo a. Brèf, lap difisil pou on Aysyen oswa kap viv USA legalman kap resevwa asistans gouvènman an esponsorize on moun pou rantre USA, 

Kounyea, ki konsèy nou ka bay Aysyen ki vle esponsorize up ak Aysyen ki vle benefisye de program lan

Avan w aplike pou on fanmi ou zanmi pou l rantre USA, asire w ke w reponn a tout kritè imanitè yo. On lòt pwen enpòtan pou w konsidere, mem si lalwa di nenpòt ki moun ka rantre nenpòt ki moun, pa etone w ke nan dezyèm faz la, imigrasyon mande w pou w etabli lyen de parante w ak benefisyè potansyèl la. 

Aplikasyon an se on demand dantre li ye. Pa gen garanti ke imigrasyon amerikèn ap aprouve l. Kidonk, poko di moun ke w pral pati oswa ke intèl pral rantre USA. 

Dr. Bobb Rousseau

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.