Yon òganizasyon ann Ayiti pote solidarite ak pèp Pewou e mande kraze palman ki fè  »Koudeta » kont prezidan Castillo

0
871

SOLIDARITE   AK   PÈP   PEWOU   KI   MOBILIZE   POU   EGZIJE   LIBERASYON   PEDRO   CASTILLO   EPI MANDE  KRAZE  KONGRÈ  KI  FÈ  KOUDETA  KONT PREZIDAN  PÈP  LA  TE  ELI  NAN  ELEKSYON  JIYÈ  2021  YO.

Nan non tout pèp Ayisyen, nan  non enstitisyon,  òganizasyon ak  pati politk lagoch ki manm KOPASP, kòdinasyon an salye mas pèp Pewou a, òganizasyon ak pati politik nan peyi Pewou ki mobilize kont koudeta, lame ak kongrè a fè kont prezidan Pedro Castillo.

Nan  yon  demach  solidarite  ak  pèp  Pewou  a,  Kolektif  Oganizasyon  Pwogresis  Ayisyen  Pou Solidarite ak Lòt Pèp (KOPASP) denonse klas dominant Pewou yo ak kominote enperyalis la, espesyalman gouvènman ameriken ki dèyè koudeta kont prezidan Pedro a. Nou deja konnen enperyalis la pa vle wè okenn gouvènman k ap travay pou defann enterè peyi l ak enterè pèp li.  Sa  ki  pase  nan  peyi  Pewou  a,  fè  nou  sonje  koudeta  lame  d  Ayiti,  boujwazi  Ayisyen  ak enperyalis la te fè an Ayiti 30 septanm 1991.

Pandan 3 lane, poutchis yo te touye anviwon 5 mil moun moun, plizyè dizèn lòt moun te disparèt. Mete sou sa, gen plizyè milye lòt moun ki te oblije ale nan egzil. OIM1  te pèmèt plizyè milye militan kite peyi a pou kase ren mouvman popilè a nèt pou fè wout pou plan neyoliberal la pase ak plis vitès. Malgre sa, Pèp Ayisyen an te   mobilize   pandan   3   lane   kont   represyon,   ansasinay   ak   kont   vyolasyon   dwa   moun. Malerezman, 19 septanm 1994, se yon fòs okipasyon ki te debake sou bout tè papa Desalin lan pou swadizan mennen demokrasi tounen.

Nou ka raple, koudeta lame, palman ak klas dominant yo fè kont Manuel Zelaya nan Honduras nan lane 2009, koudeta kont gouvènman Evo Morales la nan peyi Bolivi nan lane 2019. Tantativ koudeta, tantativ asaninay kont prezidan Nicolas Maduro ak anbago kont peyi Venezyela. San nou pa bliye ka anblematik peyi Kiba ki anba yon anbago gouvènman etazini depi 62 lane.

Enperyalis  la  toujou  bezwen gouvènman restavèk  pou defann  pwòp enterè  pa  yo.  Nou  wè kouman peyi enperyalis yo ap apiye  gouvènman defakto, kowonpi ak kriminèl PHTK 3zyèm vèsyon Ariel Henry, Fizyon Sosyal Demokrat yo, INITE, Sektè Demokratik Popilè ak alye ap dirije a.

N ap swiv plizyè eksperyans kote lagoch rive sou pouvwa nan eleksyon boujwa yo, men nou pa gen okenn kontwòl sou pouvwa a, sa vledi nou pa gen pouvwa. Depi enperyalis la wè li pa ka gen kontwòl moun ki sou pouvwa a, li bay koudeta, li reprann pouvwa l. Lagoch revolisyonè a dwe  tire  leson  sou  baz  eksperyans  sa  yo.  Yon  fason pou  n  defini  nouvo estrateji  pou  pran

1  Organisation Internationale pour la Migration (an franse) pouvwa a, kontwole pouvwa a epi konsolide pouvwa nan enterè mas pèp la, nan enterè peyi

a. Nan non yon kenzèn òganizasyon, enstitisyon ak pati politik lagoch ki fè pati KOPASP la, ki pote solidarite  l  bay  pèp  Pewou  a,  bay  òganizasyon  ak  pati  politik  lagoch  nan  peyi  Pewou,  nou mande:

1.   Liberasyon prese prese prezidan Pedro Castillo, pou l retounen vin kontinye manda pèp la te ba li nan eleksyon 28 jiyè 2021 yo;

2.   Kraze kongrè poutchis la jan pèp la ap mande sa nan tout mobilizasyon y ap fè nan peyi a, depi aprè koudeta a ;

3.   Pou pèp la kontinye manifeste pou egzije liberasyon Pedro Castillo ak kraze kongrè a ; KOPASP apiye tout fòm mobilizasyon ak aksyon pèp la ak òganizasyon ak pati politik lagoch nan peyi Pewou ap fè pou jwenn liberasyon prezidan Pedro Castillo ak retou li sou pouvwa a.

Pou otantifikasyon :

Guy NUMA

Reyneld SANON

Islanda ADUEL MICHERLINE

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.