Qatar : Plizyè santèn travayè etranje mouri pandan konstriksyon enfrastrikti pou mondyal 2022 a

0
1034

Plis pase 400 travayè mouri nan peyi Qatar pandan konstriksyon enfrastrikti pou mondyal la

Mèkredi 30 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Yon gwo responsab peyi Qatar fè konnen omwen 400 ak 500 travayè ta va pèdi lavi yo pandan divès konstriksyon pou reyalizasyon mondyal 2022 a. Yon nouvèl ki vin met sik sou bonbon ansanm defansè dwa moun yo ki te deja kont dewoulman mondyal la nan peyi Qatar.

Nan yon entèvyou li bay jounalis britanik Piers Morgan, Hassan al-Thawadi, ki sekretè jeneral Komite Siprèm Qatar pou Livrezon ak Eritaj, fè yon gwo revelasyon lè li bay chif sa a sanzatann.

N ap raple gwo revelasyon sa riske bay divès gwoup dwa moun yo plis jarèt. Yo te plenyen pou di se gras ak migran yo Mwayèn Oryan rive jwenn opòtinite pou patwone premye Mondyal Foutbòl li, sou baz eksplwatasyon ak move tretman.

Pi lwen, yo fè konprann se migran sa yo ki ede konstwi stad ki koute 200 $ milya dola (USD), ki gen ladann esistèm tren epi nouvo enfrastrikti ki te nesesè pou dewoulman mondyal la.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.