BSA pote solidarite’l bay konpatriyòt yo ki viktim zak imilyasyon ak maltretans nan men Gouvènman dominiken

0
1710

NÒT PIBLIK BSA AK ELI AKÒ 30 DAWOUT LA / AKÒ MONTANA A

Samedi 19 novembre 2022 ((rezonodwes.com))–

Ak diyite, ak fyète viktwa batay 18 novanm lan, BSA ansanm ak Eli Akò 30 dawout 2021
an (Akò Montana) pote solidarite yo bay konpatriyòt nou yo, fanm tankou gason, kap sibi
imilyasyon ak maltretans nan men gouvènman dominiken. Maltretans n ap sibi yo
demontre nesesite yon lòt lidèchip politik an Ayiti ki pou fè lespwa rekòmanse jèmen epi
kreye kondisyon pou rann lavi vivab nan peyi nou. An atandan nou rive la, n ap mande
enstitisyon nasyonal ak entènasyonal ki okipe koze dwa moun pou yo apiye òganizasyon
sosyete sivil dominiken k ap mande gouvenman pa yo a respekte dwa migran yo. Nan
mitan tout dezagreman sa yo, olye pouvwa an plas la pran mezi pou fè rèspekte dwa
konpatriyòt nou yo lòtbò fwontyè, li pito ap poze move zak k ap anvlimen kriz peyi an pi
plis toujou.

Nan mache prese pou li pa diskalifiye tèt li devan pisans entènasyonal ki apiye l yo epi
pou l kenbe kontwòl toulètwa pouvwa yo, Chèf gouvènman anplas la poze yon lòt zak
dappiyanp sou sa ki rete nan enstitisyon Leta yo. Nan dat 11 novanm lan, Chèf
gouvènman an anplas la bay tèt li manda Prezidans lan ak Sena a, lè li fè pou kont kò l
nominasyon Me Jean Joseph Lebrun kòm prezidan Kou Kasasyon an. Desizyon sa a
depaman ak konstitisyon peyi a, li pa chita sou okenn konsansis ak fòs politik ak sosyal
yo, kidonk li pa genyen okenn lejitimite ni valè jiridik.

Lè l fin monte gaz bridsoukou disèt wotè, lè l fin mande fòs ame etranje anvayi tout
teritwa peyi a, pou l ka pi byen chita pouvwa pèsonèl li nan tèt Leta a, l al chèche yon akò tounèf aprè akò 11 septanm li an fin demantibile nan men l. Premye minis anplas la
tanmen yon dyalòg ak yon ansanm aktè politik men toujou nan kad pouvwa yon sèl tèt li a ak li menm kòm sèl chèf siprèm ki gen dwa fè ak defè san okenn ekilib ni kontwòl.

Pou yo ka byen vann manèv politik yo a, gen aktè andedan, osinon andeyò gouvènman
de fakto a ki ta vle sèvi ak prezans epi bon repitasyon Akò Montana a nan peyi a pou yo
al pran pòs nan pouvwa k ap negosye ak gouvènman de fakto a. Se konsa gen anons
oswa enfòmasyon ki vle fè kwè genyen gwoup anndan Montana ki ta patisipe nan
negosyayon sa yo.

Montana vle sa klè pou tout peyi a, kit se pouvwa kit se gwoup politik, kit se opinyon piblik la, li pa nan mankemelanj ak okenn gwoup, okenn moun, pou al chèche plas nan pouvwa ki la a. Akò Montana rete tennfas devan manèv sa yo : l ap goumen pou yon tranzisyon koupe fache nan benefis majorite popilasyon an ; kidonk, l ap kontinye pale ak tout sektè nan vi nasyonal la sou kesyon chanjman ak souvrènte peyi dAyiti, sou kesyon konferans nasyonal ak eleksyon demokratik, patisipatif e transparan pou nou rive konstwi nan kad yon konsansis politik nasyonal yon pouvwa tranzisyon ki kapab frennen ensekirite ak enpinite, defann enterè peyi a tout bon vre e mete yon fen a soufrans popilasyon an.

Nan mitan tout deblozay sa yo, ak tout chanjman rapid k ap fèt toulejou nan aktyalite peyi a, tout ògan, tout enstans ak 2 eli Akò 30 dawout yo deside pran yon tan pou yo analize tout nouvo egzijans ki prezante nan moman an. Pou sa y ap òganize yon retrèt travay an atelye entèn pou revizite estrateji politik yo, aktyalize yo, pou pèmèt mete anplas pwopozisyon politik ki trase nan Akò a, pou Montana rete alawotè batay pou chanjman peyi a mande a.

Entèlijans politik, òganizasyon, rezistans, mobilizasyon sitwayèn, se limyè k ap
klere chimen viktwa pèp la !

VIV AKÒ MONTANA
VIV YON TRANZISYON KOUPE FACHE

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.