Ayiti | Kriz : Gwo rèl an favè moun k ap viv ak andikap yo

0
996

KOMINIKE POU LAPRÈS

GWO RÈL ANFAVÈ MOUN KAP VIV AK ANDIKAPE YO

Mèkredi 16 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Konpatriyòt Ayisyen k ap viv isit tankou lòt bò dlo, zanmi etranje,

Nan gwo kriz malouk k ap vire bil tout moun nan peyi a, Biwo Sekretè Deta moun andikape yo (BSEIPH) vin pale ak nou sou move lavi moun andikape yo ap konnen Jodi a. Pwovèb la di : 2 moun mouye nan lapli, gen youn ka li pi mal. Sitiyasyon moun k ap viv ak andikap yo se dlo nan je, sitou sa ki nan zòn ki pi pòv yo nan lavil tankou nan pwovens.

Nan al chache ti moso lamanjay pou yo pa mouri, plizyè nan yo tonbe anba bal asasen. Nan moman kote sikilasyon vin pi difisil nan peyi a, pifò chofè pa deside pote moun andikape. Chofè ki resi aksepte pote yo egzije yo peye byen chè. 

Se nan tout peyi a grangou ap touye moun andikape yo. Nan Komin Kabarè, plis pase 300 moun ki pa tande ak wè menm jan ak tout moun, ap peri ak tout kalite maladi epi grangou. Nan Sid peyi a, plizyè moun andikape ak pitit yo ap pase plizyè jou san yo pa jwenn anyen pou yo manje. Nan zòn metwopolitèn Pòtoprens, non selman yo pa jwenn manje, men tou yo pa jwenn dlo pou satisfè bezwen yo. Nan depatman Nip, Nòdwès, elatriye, responsab biwo rejyonal yo rapòte plizyè ka moun andikape ki mouri ak grangou. Nan zafè laswenyaj menm, pa gen bouch pou n pale. 

Yon lòt pi gwo koze ankò, se zafè kay pou yo rete. Plis pase 200 moun ki te pèdi kay yo nan gwo dife moun ak zam, ki te pouse do yo nan ’’Village la Piste’’ la pa konnen ki sen pou yo priye. Se avèk anpil tristès pou n ap konstate ak 2 je nou yon bann moun ki se moun tankou nou tout, ap viv anba lapli ak nan seren sou plizyè plas piblik nan zòn metropolitèn Pòtoprens lan. Estatistik yo revele gen pou pi piti 15% moun k ap viv ak yon andikap nan lemond antye. Nan peyi Dayiti, sa pi rèd ankò paske grangou, aksidan machin, aksidan moto, bal kriminèl yo, estrès, tansyon, twoub sikolojik elatriye ap gwosi chif sa chak jou pi plis.

Nan sousi pou nou soulaje sò moun andikap yo, BSEIPH kontinye konte sou patenè nasyonal tankou entènasyonal ki toujou ede l. Nou ta renmen fè tout moun sonje, andikap se yon reyalite ki konsène nou tout. Li kapab ateri lakay nenpòt moun nenpòt ki lè, san nou pa ta swete sa pou ankenn moun. 

Biwo moun andikape yo pete yon gwo rèl ‘’Sekou’’ bay tout moun ak òganizasyon ki gen posibilite pou sipòte moun andikape. Fòk nou souliye tou, gen moun andikape ki merite plis atansyon pase lòt, sitou sa yo k ap viv nan zòn ki pi pòv yo osinon ki gen defisyans ki pi grav yo. BSEIPH ap mande moun nan Sektè prive yo pa bliye kategori moun sa yo k ap viv tout kalite move lavi ak bwa long. 

Ponyèt Leta kout anpil, li pa ka touche tout moun, se nou tout ki pou kore youn lòt.

                                                                                    Biwo Kominikasyon BSEIPH

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.