Nominasyon Joseph Lebrun an yon katouch politik pou Ariel ak Mèt li yo

0
1389

Samdi 19 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Anpil moun ak asosiyasyon majstra nan mond jidisyè a salye nominasyon Mèt Jean Joseph Lebrun kòm Prezidan Kou Kasasyon… Tout moun konnen “Mèt Lebrun est un Magistrat honnête, sérieux et compétent” men yo chita sou kalite sa yo sèlman san yo pa gade ke se yon katouch politik li vini reprezante pou Ariel Henry ak tout PHTK, SDP, FUSION, INITE elatriye…

Sa vle di ak prezans yon Prezidan nan Kou Kasasyon Ariel Henry ak tout akolit yo ka chwazi pou kont yo yon Konsèy Elektoral e fè manb yo prete sèman devan Kou Kasasyon san pwoblèm epi yo bay Ayiti yon eleksyon FO Mamit nan gou Jezi…

Zafè politik andedan yon peyi sè pa avèk emosyon pou nou pwan li paske nou renmen yon moun epi nou dakò: “c’est du gaspillage de tout ce qui reste comme ressource humaine dans ce pays”.

Mèt Lebrun ka pote pou wa Ariel yon sous lejitimite nan deriv kont konstitisyon peyi a…

Jere peyi pa nan bat bravo pou dirijan ki se bouda chire kap siveye kou pou yo ka fè “Monsieur le Blanc” plezi.

Tankou esklav a talan yo rele Joseph Lambert la te fè ak tout Levaillant Louis-Jeune lè yo te ekri yon lèt pou yo te retire kandidati Jude Célestin nan kous prezidansyèl 2011 yo e se aprè ke blan an ke li t ap sèvi lwayalman depi 25 kan fin mete li nan yon lis politisyen atoufè ke l ap vini di poukisa li te pwan li menm ak Prezidan René Préval desizyon sa a jodi a ki fè Ayiti tounen yon leta bandi, yon leta trafikan.

Nominasyon Majistra nan tèt Kou Kasasyon an ak tout Prezidan CSPJ se yon gwo zèl kat – yon las datou- pou ekip Ariel la ka byen sòti tèt yo nan fè eleksyon pike kole pou esponsò li ki ba l chofe chèz annatandan.

Sak pi rèd, Blan tou mete yon pyon pou si pye Ariel ta chape pou li jwenn yon lòt  »poupèt » pou jere koloni a nan menm sans la.

Tout asosiyasyon majistra ki apiye nonminasyon sa a gen pou wè sa pi douvan se te yon pwazon vyolan ke yo te ofri yo nan yon koup dore ak lò. Sispann ak zafè “politique du ventre mou” a nou ka bay tèt nou pi plis valè nan lajistis peyi nou. Tout solisyon ki pwan an deyò tout nòm dwa se yon koupyon nan bouda bourik to ou ta odè a ap monte nan men nou.

Gade sa fè plis ke yon lane depi Izo pwan sa nou te rele Tribinal la nan men nou – sa nou wè ki fèt? – anyen! Paske Ariel Henry et sa bande n’a rien à foutre d’une administration saine et respectueuse des normes de la justice.

Sispann wè zafè jere leta tankou rad sal yo al lave nan larivyè lè gen siklòn kote tout malpwopte ap desann san gade dèyè. Nou vo pi plis ke sa.

Bay tèt nou nan majistrati a pi plis enpòtans pou yon jou lè nou di ke nou se yon jij, lè sa tout politisyen va koube byen ba devan majeste nou.

Sispann fè “la caisse de résonance” des voyous de la politique”.

Redaksyon Rézo Nòdwès.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.