UNNOEH denonse absans minis Manigat  »ki lage gouvènay bato ledikasyon » peyi a

0
917

NÒT POU LAPRЀS-KÒDINASYON LWЀS

Lendi 14 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Sa fè plis pase 4 mwa depi anseyan ak asseyant lekòl prive nan peyi Dayiti nan chomaj akoz gwo kriz ki eklate nan peyi a. Nouvèl ane lekòl la te dwe demare 5 septanm 2022. Minis Nesmy Manigat ki toujou ap pwone lekòl pa ka tann ranvwaye l pou 3 Oktòb.

UNNOEH te denonse sa men minis la pa tande pawòl ki pap voye flè pou li, li te pito pran UNNOEH pou bèt nwa.

Nan dat 3 Oktòb la, lekòl la sòti nan PA KA TANN pou l tonbe nan TI PA TI PA. Malgre lekòl la toujou bloke, sa pa anpeche plizyè milyon ap debloke nan FNE pou rekonpanse òganizasyon k ap kore pwojè kraze lekòl la.

7 Novanm rive ministè a disparèt pandan kèk aktè ap eseye demare ane lekòl la. Yon lòt fwa ankò se gwo echèk :

-Lè nou konnen paran te gentan envesti nan ane lekòl sa.

-Lè nou konnen tout direktè fè paran peye ane lekòl la pa tranch. Ѐske se pa bon moman pou minis edikasyon nasyonal la te pwouve l ka byen mennen bak sistèm lan lè l ta defann pou okenn lekòl pa pwofite eksplwate paran yo nan fè yo peye pou sèvis yo pa jwenn ?

-Jodi a plis pase 150 mil anseyan ap viv san sale, san estati sosyo pwofesyonèl.
-Epi tout anseyan lekòl prive ap viv nan yon sitiyasyon anplwa prekè.

3 lane avan, UNNOEH te prepare yon pwopozisyon lwa sou estati anseyan lekòl prive nan peyi a. UNNOEH ap kontinye defann dosye sa a ki nan kaye chaj li ki depoze nan ministè a depi yon lane san pa janm gen deba reyèl ki fèt ant ministè a ak sendika pou jwenn yon konsansis sou li.

UNNOEH kwè konjonkti sa a se moman ki pi krisyal pou sosyete a ta wè lidèchip ministè edikasyon nasyonal nan fè entèvansyon pou pwoteje lekòl kont zak briganday, pou pwoteje paran kont eksplatasyon direktè san etik ki fè lekòl tounen machandiz, pou pwoteje pwofesè kont anplwa prekè.

Malerezman UNNOEH konstate epi denonse absans minis la ki lage gouvènay bato ledikasyon nan moman peyi a plis bezwen bon defansè lekòl pou tout timoun. Fas ak sitiyasyon malouk sa a, UNNOEH ap kontinye mande popilasyon an ak tout kòdinasyon li yo nan kat kwen peyi a leve kanpe pou n defann dwa ak ledikasyon pou tout timoun epi dwa ak yon anplwa desan pou tout travayè ak travayèz nan ledikasyon.
UNNOEH ap kontinye batay pou bon edikasyon pou tout pitit peyi a ak bon jan kondisyon travay pou tout travayè/z nan sistèm edikatif la !

Jean Renold DESIR
kodonatè Depatmantal lwès

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.