Estrateji pou gaz la vin mwen ra, mwen chè

0
1784

Opinyon sa propoze retire gesyon gaz la nan mem leta sentral pou nou remèt li bay sektè prive a. Nan propozisyon sa, sektè prive a pa nèg anwo yo men nenpòt ayisyen ki gen kapasite antreprenaryal pou yo lanse on konpayi enèji kominal ou depatmantal. An pe de mo, m propoze pou leta sentral la dereglemante ak libere mache gaz la pou tout Aysyen ka rantre ladan l. Tanpri, li l jiska la fen e pataje opinyon w sou li. 

Gaz la chè ak ra paske se leta sentral, atravè BMPAD, ki resevwa kòmand yo de pomp yo, plase kòmand yo a travè apèl dòf, achte gaz la, estoke l nan twa tèminal li genyen yo épi distribye l bay pomp yo a travè peyi a. Leta depanse plis kòb pou l voye gaz Lagonav ke l peye pou l voye l Leyogan. E poutan gaz la van mem pri a nan tou lè de vil sa yo ak nan tout peyi a nèt. Sa lakoz ke depatman yo depan de potoprens pou yo jwen gaz. Nou pa ka vin on nasyon demokratik kote si anlè pa bay anba pa jwen.

M propoze ke leta sentral retire kò l nan zafè enèji pou l pèmet nenpòt group Aysyen pa depatman ouvè on konpayi enèji ki pral resevwa kòmand pou pomp anba jiridiksyon l lan, plase kòmand yo pou yo, resevwa épi distribye. Chak depatman ap gen youn e ka gen plizyè ti piti nan komin yo ki ap afilye ak depatman yo. 

Estraji sa tap mande pou chak depatman yo gen tèminal pa yo. Estraji sa tap redwi sou ratman gaz la paske lè PAP bloke, gaz la tap rantre kan mem nan lot pò yo. Pri gaz la kal diferan de vil an vil e mem de pomp an pomp nan mem vil la paske li pral depan de konbyen depatman pa yo achtel ak depans ke yo fè pou yo jwen gaz la. 

Sa m di a la se an vèti atik 66 a 88 konstitisyon an ki prevwa desentralizasyon pa dekonsantrasyon kom on model ekonomik pou kreye opotinite ekonomik ak devlope kapasite antreprenarya nan peyi a. 

BMPAD pap ladan l anko. Daye se depi le leta sentral fome BMPAD ke gaz la vin chè ak ra konsa. Sentralization gaz la bay on sèl pwen dechèk kote tout peyi a depan de yon gren sèl enstitisyon pou provizyone pomp yo. 

Estraji sa ta pral ranfòse sektè prive a nan sans ke tout Aysisyen pral gen opòtinite pou yo antre nan sektè prive a depi yo gen konesans ki nesesè pou yo vinn on òm dafè oswa yon kontratè leta. 

Avan w di sa pap ka fèt paske nèg anwo pa tap kite nèg anba gen konpayi enèji pa yo, sonje ke w poko jam lanse w nan biznis serye pou w konpete kont yo; kidonk,  kouman w fè konen ke yap bloke? 

An rezime, gesyon gaz la pa leta sentral la jenere insekrite ak instabilite politik. Li jenere mizè kolektif tou ak depandans komim yo de gouvenman ki poko jam devlope on estrayi konpreyansif pou gaz la ka rive ak distribiye nan peyi a san kase tèt. Se pou sa plan m propoze a, non sèlman pral redwi depadans lojistik, lap retire ekonmi an nan tyouboum li ye nan moman sa, la kreye djòb nan komin yo e gouvènman lokal yo ap rantre plis taks tankou impo lokatif, patant, dwa afichaj, e latriye pou yo ka bay sèvis piblik debaz ak rezidan yo. 

______________________________________

Doktè Bobb Rousseau
Ekspè nan Dwa ak Politik Piblik 
Ekspè nan Devlopman Lokal
Otè liv “La Section Communale dans le Développement Local”

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.