Kanada di li pare pou akeyi plis nouvo imigran

0
1197

Vandredi 11 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Nan yon moman kote anpil gran peyi ap konbat ansanm kritik kont imigrasyon lakay yo, Kanada jwenn yon antant ant divès sektè ki sipòte l pou li ouvè pòt li byen gran pou akeyi plis nouvo rezidan ki soti nan lòt peyi.

Malgre yon gwo kantite rekò imigran peyi Kanada bat nan 2 lane ki pase yo, men 3 pi gran pati politik yo sipòte politik sa a e kote yo pa antann yo, se lè y ap denonse biwokrasi ki fè imigrasyon pran tan.

Minis Imigrasyon Sean Fraser te fyè pou li di nan yon konferans pou laprès, mwa pase yo : Kanada « sou wout pou li depase limit imigran li fikse pou li resevwa, kidonk li gen dwa akòde 430-mil moun rezidans pèmanan an 2022. » Sa pwal depase byen fasil 401-mil imigran li te admèt an 2021, plis pase sa li te akeyi nan nenpòt lòt ane anvan.

Bò kote pa l peyi Etazini ki gen yon popilasyon 9 fwa pi gran pase popilasyon Kanada te admèt sèlman 245 mil imigran an 2021, yon bès konpare ak 477 mil li te resevwa nan ane anvan an. Kèk ane imedyatman anvan administrasyon Trump la ki pa te entèrese nan imigrasyon, peyi Etazini te konn resevwa apeprè 1 milyon imigran nan yon lane.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.