Nasyonzini deklare l ap soutni jefò gouvènman an nan epidemi kolera a an Ayiti

0
1207

KOMINIKE POU LAPRÈS | Nasyonzini ap souti jefò gouvènman an nan epidemi kolera a an Ayiti

Pòtoprens, Ayiti, 2 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))– Nasyonzini ap soutni jefò gouvènman ayisyen an pou frennen epidemi kolera a epi pran mezi prese prese pou sove lavi moun ki trape l yo, jan sa konfime ke gen yon ka pozitif epi plizyè lòt ka yo sispèk, nan rejyon kapital Pòtoprens la. 

Ka sa a te rive idantifye gras a mekanis pou siveye kolera otorite ayisyen yo te mete kanpe avèk sipò Nasyonzini. Laboratwa Nasyonal Sante Piblik, jodi dimanch 2 oktòb la, konfime ka kolera pozitif sa a. Gen rechèh k ap fèt nan moman an la a sou lòt ka ki sispèkyonan rejyon metwopolitèn nan.

Nasyonzini ap siveye sitiyasyon an san pran souf e l ap travay ak gouvènman an, pou yo gentan pote yon repons touswit, anvan yon epidemi ta vin tabli kò l la a. Yon repons k ap non sèlman gen pou l bare pou maladi a pa rive blayi kò l, men tou pou enfòme popilasyon an sou kijan yo ka fè, san pèdi tan depi lakay, pou sove lavi malad yo. Anplis de sa, ap genyen yon siveyans pi laj tou, moun yo ap gen pou jwenn plis dlo ak plis asenisman nan zòn yo, ap gen Sant pou trete kolera k ap louvri epi prizanchay ka kolera yo ap ranfòse tou.

Gen ekip entèvansyon ijans espesyalize ki pare pou al soutni kominote ki gen ka yo. Men, nan jan sitiyasyon sosyopolitik la ye la a, fòk ekip sa yo gen garanti ke yo ka mete pye yo san kè kase nan zòn kote ki gen kolera ki konfime oubyen ki sispèk yo, se nan konsa n ap ka ede bese danje ki genyen devan yon gwo epidemi.

Nasyonzini mande tout sitwayen ayisyen rete vijilan epi pran mezi davans pou anpeche ka kolera yo pwopaje nan kominote a. Men mezi yo : 

  • Bouyi dlo pou nou bwè oubyen pou nou fè manje
  • Toujou lave men nou avèk savon ak dlo potab/trete (dlo bouyi oubyen dlo ki gen klowòks)
  • Pa kite vye bèt tankou rat, ensèk, jwenn ak manje nou yo
  • Fè bezwen nou nan latrin

Depi yon moun ta gen dyare san rete ak vomisman, li dwe konsilte san pèdi tan yon doktè epi li dwe reyidrate l nan bwè anpil dlo ki gen sèl reyidratasyon ke yo ka prepare lakay yo menm. Solisyon reyidratasyon sa ka fèt avèk: yon lit dlo pwòp, sis ti kiyè sik ak ½ ti kiyè sèl. Ti bebe nan tete yo dwe bwè pou pi piti ½ lit solisyon reyidratasyon pajou, ti moun piti yo dwe bwè yon lit. Granmoun yo ta dwe bwè twa lit pajou.

Nasyonzini angaje l pou l rete bò kote pèp ayisyen an ak otorite ayisyen yo pandan y ap goumen pou frennen epidemi sa a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.