Ayisyen lanse manifestasyon devan LONI kont diskou minis Victor Geneus

0
5799

KOMINIKE : Vin Manifeste ak KOMOKODA anfas Nasyonzini, 5è jodi a, kont Diskou Restavèk Jean Victor Geneus

Samdi 24 septanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Nasyonzini anonse se jodi samdi a, 6è diswa, Jean Victor Geneus ki pote tit Minis Afè Etranjè nan gouvènman restavèk Ariel Henry a Etazini ak Kò Gwoup drese lakay nou an pral pran lapawòl nan kad 77yèm Asanble Jeneral Nasyonzini an.

Etan tchoul restavèk la pral pale, KOMOKODA pral manifeste nan Dag Hammarskjold Plaza anfas Nasyonzini nan solidarite ak pèp Ayisyen an anndan peyi a k ap batay kou Mèt Janjak pou dechouke gouvènman apatrid la.

Nou pral fè lemonn antye konnen Geneus se yon ti komik k ap pale pawòl patwon li yo ki enpoze gouvènman l lan sou pèp Ayisyen an. Pèp la pa t ba yo manda. Sa yo di ak papye yo siyen pa angaje pèp Ayisyen an.

Samdi, 24 septanm 2022
Manifestasyon, 5pm – 7pm

Dag Hammarskjold Plaza
47th Street ant First Avenue & Second Avenue
Manhattan

Tren 4, 5, 6, 7, Times Square Shuttle, Metro-North desann nan Grand Central Terminal

Pou plis enfòmasyon: 917-345-2817; 347-730-3620; 718-440-6892; komokodanyc@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.